Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
«Jou sa a, je avèg yo ap wè»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 29, 17-24
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Nan kèk tan, nan yon ti moman, èske mwen
p’ap fè Liban an tounen yon jaden, jaden an menm, l’ap vin tankou yon gran rak
bwa? Jou sa a, moun soud yo ap tande pawòl
liv la, je avèg yo ap sòti nan fènwa ak nan vwal la pou yo wè. Moun ki tou dou
yo, y’ap jwenn plis kè kontan nan Granmèt la, pòv yo ap danse nan sen Izrayèl
la; paske moun ki t’ap fè pwofitè a, li tonbe; moun ki t’ap pase Bondye nan
rizib la, li fini; e y’ap peri tout moun sa yo ki t’ap pase tan yo ap fè sa k’
mal la, moun ki te konn ap fè lòt yo fè peche nan pawòl, ki te konn ap mèt
jijman an anba pye yo nan tribinal la, ki te konn ap fè moun kòrèk la tonbe
akòz manti yo.
Se pousa, men pawòl Granmèt la
pou kay Jakòb la, li menm ki delivre Abraam: «Jakòb p’ap wont ankò, figi l’
p’ap wont ankò; men lè l’ap wè pitit li
yo, travay men m’ fè, y’ap fè wè jan non m’ sen, y’ap fè wè jan sen Jakòb la li
sen tout bon vre, y’ap preche Bondye Izrayèl la; moun ki fèb nan lespri, y’ap
gen konpreyansyon, rebèl yo ap aprann lalwa a».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 26, 1.4.13-14 (r.: la)
R/ Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ak
delivrans mwen, ki moun pou m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi
m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt
la, se sa m’ap chèche: abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè
Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la
nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt
la.R.
LEVANJIL
«Antan
yo kwè nan Jezi, de avèg yo geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 9, 27-31
Lè sa a:
Pandan Jezi ap travèse, de avèg ap
suiv li antan y’ap rele byen fò, y’ap di: «Pitye pou nou, pitit David». Lè l’
rive nan kay la, avèg yo pwoche kote l’.
Jezi di yo: «Èske nou kwè mwen
kapab fè sa pou nou?»
Yo di l’: «Wi, Granmèt».
Lè sa a atò li touche je yo, li
di: «Daprè lafwa nou, se pou sa fèt pou nou». Je yo louvri vre. Jezi fè yo
menas, li di: «Fè atansyon pou pèsòn pa konnen.»; yo menm lè yo sòti, yo gaye
nouvèl la nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se premye vandredi nan Tan
Lavan an, ki se yon tan espesyal pou nou prepare kè nou pou nou resevwa pwomès
Bondye yo, antan nou rete ap veye nan lapriyè, antan n’ap pataje.
Menm jan lè yon moun ap vin lakay nou, nou fè anpil preparasyon
pou n’ kapab byen akeyi moun nan; pou Jezi se pi rèd.
Depi Fèt Kris wa rive, ane litijik la chanje, nou sòti nan ane C
pou nou antre nan ane A, kote se Levanjil Sen Matye nou li. Se yon ane ki
envite nou pou n’ fè yon ti jefò pou n’ balanse aksyon nou epi mezire pawòl
nou. Tan Lavan se yon tan pou n’ pa kite
anyen detounen nou, se pou nou chèche imite Lavyèj Mari ki te medite tout sa li
te tande ak sa l’ te wè nan kè li; se yon tan tou pou n’ fè silans menm jan ak
Jozèf. Silans li a, se te respè ak obeyisans devan Granmèt la.
Frè ak sè m’ yo, jodi a pwofèt Izayi ba
nou yon avètisman pou nou pa lage kò nou nan fè sa k’ mal. Bondye Granmèt la wè
tout bagay, gen yon tan k’ap rive, tout rak bwa pral tounen jaden, lè sa a je
avèg yo ap wè, zorèy moun soud yo ap tande, pawòl la, tout sa ki te chita nan
fènwa ak lonbray lamò a, y’ap wè limyè; tout sa ki nan lapenn y’a gen kè
kontan. Nou menm ki poko kite fè mechanste, kase tèt tounen vin jwenn Granmèt
la.
Gen okazyon yo ofri nou, nou pa dwe pèdi
yo, nou wè jodi, nou pa konn demen, pwofite avètisman sa a pou n’ fè yon
chanjman nan lavi nou, pou n’ kapab goute delivrans Jezi pote pou nou an. Matye
rakonte nou: 2 avèg t’ap swiv Jezi, yo t’ap rele byen fò «Jezi, pitit David la
gen pitye pou nou», paske yo konnen ki moun David te ye, jan li te bon pou pèp
la. Epi yo t’ap tann Mesi a pou delivre yo. Pou yo menm, Mesi a se yon moun ki
t’ap vini pou pran pouvwa. Yon Mesi ki se pou yo sèlman. Pafwa se lide sa sa yo
ki konn fè nou vin avèg.
Jezi, antan ke Mesi a, li prezante yon
imaj ki trè diferan de sa ki te nan konsepsyon moun yo, se yon Mesi ki vini pou
tout pèp, tout ras, sitou sila yo ki pi meprize yo, sila yo k’ap soufri, ki
grangou, ki malad.
Si jodi a n’ap soufri, yon jou n’a gen
kè kontan.
Ann chache Bondye tankou de avèg yo pou
nou ka jwenn fòs ak kouraj, antan nou rete vijilan nan lapriyè, kote n’ap tann
Mesi a k’ap vin konble nou ak kè kontan.
LAPRIYÈ: Jezi, Pitit David, gen pitye pou nou.
PWOPOZISYON: Tan
Lavan envite mwen espere nan Jezi ki te vini, ki la, e k’ap retounen. Mwen pral
rankontre li jodi a nan yon moun ki senp: yon ti moun, yon malad, yon prizonye,
yon granmoun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario