Páginas

SAMDI 3

Koulè Blan
FRANSWA GZAVYE KI SEN, PRÈT
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Y’ap pran pitye pou ou, lè yo tande vwa rèl ou a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 30, 19-21. 23-26
Men pawòl Granmèt Bondye, Sen Izrayèl la:
«Pèp Siyon an ap abite Jerizalèm; li p’ap kriye ankò, y’ap pran pitye pou ou, lè yo tande vwa rèl ou a; kon yo tande, menm lè a y’ap reponn ou.
Granmèt la ap ba nou pen nan tray nou, ak dlo nan kè sere nou, li p’ap fè moun k’ap ba ou lansèyman an kite ou ankò, je ou ap wè mèt ou a, zòrèy ou ap tande pawòl sila a k’ap ba ou avètisman dèyè do ou la: «Men wout la: mache ladan l’»; nou p’ap devye ni adwat ni agòch.
L’ap bay semans ou a lapli, kote ou te simen nan peyi ou la; pen an tè a ap bay la l’ap rich, l’ap gra; jou sa a, mouton an ap jwenn anpil kote pou l’ manje zèb nan eritaj ou a, bèf ou yo ak ti bourik ou yo, k’ap travay tè a, y’ap manje yon bon manje ki byen melanje, ki byen vante sou glasi.
Sou tout mòn ki wo ak sou tout ti wotè ki gran, ap gen rivyè dlo k’ap kouri, jou y’ap touye anpil moun nan, lè kay defans yo ap tonbe yo. Limyè lalin nan ap tankou limyè solèy la, limyè solèy la ap klere sèt fwa plis tankou limyè sèt jou, jou Granmèt la ap panse blese pèp li a, jou l’ap geri kote l’ te blese yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 146, 1-2. 3-4, 5-6 (r.: Is 30, 18)
R/ Se chans pou tout moun k’ap tann Granmèt la.
Fè lwanj Granmèt la, paske sa bon pou yo chante pou Bondye nou, paske sa bon pou fè lwanj. Granmèt la bati Jerizalèm, li rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye yo.R.
Li menm ki geri kè ki kraze, ki panse blese yo; ki konte kantite zetwal yo, ki rele yo tout sou non yo.R.
Granmèt nou an gran, pouvwa l’ gran, yo pa kapab sonde sajès li.
Granmèt la soutni moun ki dosil yo, men li rabese moun peche yo jouska tè.R.
LEVANJIL
«Lè l’ wè foul yo, li pran pitye pou yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9. 35-10, 1. 6-8
Lè sa a:
Jezi t’ap mache nan tout vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, li t’ap preche levanjil rèy nan, li t’ap geri tout maladi ak tout feblès.
Lè l’ wè foul yo, li pran lapenn pou yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa gen gadyen. Lè sa a li di disip li yo: «Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye, lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a».
Li rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri papwòp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès ; disip sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di :
«Ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: «Rèy syèl yo rive». Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon yo. Nou te resevwa gratis, se pou nou bay gratis».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a ap montre nou kòman li nesesè pou nou angaje nou nan sèvis renmen an, rekòt la anpil men manke travayè, lapriyè mèt rekòt la pou voye travayè.
Jezi te vin sou tè a, li te pase anpil bon moman pami nou, li te vini espesyalman pou yon misyon byen detèmine: manifeste Wayòm Bondye a sou tè a, pote sekou bay tout moun ki nan bezwen, geri malad, chase move lespri epi libere lòm totalman anba tout sa ki anpeche li viv kòm pitit Bondye.
Jodi a Jezi pa la avèk nou fizikman, men sa pa vle di ke misyon Bondye a pa dwe kontinye, puiske menm pwoblèm Jezi te konn lite kont yo a toujou ekziste nan tan n’ap viv la; se pou sa Jezi ap di nou jodi a ke travay la anpil men manke ouvriyè.
Chak fwa yon moun mande Granmèt la pou l’ eklere l’  nan yon chwa ke li vle fè nan lavi li (vokasyon), se ofri li ofri tèt li pou kontinye akonpanye mouton ki pou kont yo, e chak moun ki akonpanye yon gwoup mouton, li se yon pastè k’ap kolabore  ak Gran Pastè a, ki se Jezikri.
Chak moun sou latè gen yon vokasyon ak yon misyon pou lavi li; sa vle di, Bondye rele chak moun pou travay nan fason pa li, pou konstwi wayòm li an. Nou konstwi wayòm Bondye a, se lè aktivite nou yo degaje pafen lanmou, lè nou ede moun viv, lè nou viv byen youn ak lòt, lè chak moun veye sou byen lòt la.
Nou chak k’ap viv jodi a, Bondye rele nou, l’ap di nou travay la anpil, travay la depase pè yo, li depase mè yo; ebyen se ou menm, se mwen menm se nou tout ki pou met tèt ansanm pou nou ka kontinye misyon Jezi a, se nou tout ki pou pote kole pou konstwi lavi, pou konstwi yon nouvo sosyete.
Nou menm ki deja ofri tèt nou nan sèvis frè nou yo nan lavi relijyez la, ann nou rekonsidere enpòtans kalite responsablite ak misyon sa a, ki se pwolonjman misyon Kris la menm. An nou ankouraje jèn yo pou yo ka angaje yo, paske nou menm nou pa la pou toutan, se pase n’ap pase.
An nou montre yon lòt fwa ankò nou se moun ki gen lafwa, an nou sonje angajman nou antan n’ap fè fas ak nouvo defi sosyete a, ak konkou Granmèt la k’ap fè wout ansanm avèk nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè anpil pèp vin jwenn ou gras a prèch Franswa ki sen, fè nam fidèl yo boule ak menm chalè lafwa a, fè Legliz la ki sen an kontan nan anpil pitit li genyen tout kote yo. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Pote sèvis ou bay nan yon aktivite pawas oubyen nan yon gwoup ki ofri tèt yo nan akonpanye pèp Bondye a. Pratike zèv lacharite nan zòn bò lakay ou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario