Koulè
Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH
TAN LAVAN ANE-A
PREMYE
LEKTI
“L’ap jije pòv yo nan jistis”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 11, 1-10
Jou sa a:
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese,
epi yon flè ap monte sot nan rasin li, Lespri Granmèt la ap poze sou li: lespri
sajès ak entelijans, lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri
krent Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt
devan je, li p’ap pran pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy; men l’ap jije pòv
yo nan jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap frape
tè a ak bagèt bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis ap
sèvi senti tay li, lafwa ap sèvi zam-pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap
kouche kot kabrit; bèf ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap
kondui yo; bèf ak ous ap manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap
manje pay tankou bèf. Ti bebe ki nan tete ap jwe sou
twou koulèv mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a ap lonje men l’.Yo p’ap fè
mechanste, yo p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen an, paske tè a plen ak
syans Granmèt la, tankou dlo yo ki kouvri lanmè a.
Jou sa a rasin Jese a, ki kanpe
kòm siy pèp yo, nasyon yo ap chèche l’, kote l’ ye a ap nan bèlte.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
71, 2. 7-8. 12-13. 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’ avèk lapè an kantite pou
tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay
pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak
lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot nan lanmè al nan
lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan bout fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap
rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a. L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la,
l’ap sove nanm pòv yo.R.
Se pou non l’ beni pou tou tan,
devan solèy la se pou non l’ dire. Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan
li. Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
DEZYÈM
LEKTI
“Jezikri
vle pou tout moun sove”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 15,
4-9
Frè m’ yo:
Tout sa ki ekri, se pou
lansèyman nou yo ekri, pou gras a pasyans ak konsolasyon Labib la nou vin gen
espwa. Bondye pasyans la ak ankourajman an se pou l’ fè nou favè pou nou antann
nou antre nou daprè Jezikri, pou nou fè yon sèl ak yon sèl bouch pou nou fè
lwanj Bondye ak Papa Granmèt nou Jezikri.
Se pousa se pou youn resevwa
lòt, menm jan Jezikri te resevwa nou an konsiderasyon Bondye. Mwen di reyèlman
vre Jezikri te vin tounen sèvitè moun sikonsizyon yo poutèt verite Bondye a pou
l’ reyalize pwomès zansèt yo; men nasyon yo menm se poutèt kè sansib la y’ap fè
lwanj Bondye, daprè sa k’ ekri a: «M’ap
fè lwanj ou nan nasyon yo, Granmèt, m’ap chante pou non ou».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Fè
penitans: rèy syèl yo ap pwoche”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 3,
1-12
Jou sa yo, Jan Batis rive l’ap preche nan dezè Jide a,
l’ap di: «Fè penitans, rèy syèl yo ap
pwoche». Sila a reyèlman vre, se li menm yo te pale pa lentèmedyè pwofèt
Izayi ki t’ap di: «Vwa sila a k’ap rele
nan savann nan: Pare chemen Granmèt la, drese santye l’ yo dwat».
Jan sa a menm li te gen rad ki
te fèt ak pwal chamo epi yon sentiwon an po te pase nan tay li, manje l’ menm
se te krikèt ak myèl mawon.
Lè sa a Jerizalèm te sòti al
jwenn li ni tout Jida ak tout rejyon bò Jouden an, yo t’ap resevwa batèm nan
men l’ nan Jouden an antan y’ap konfese peche yo. Men lè l’ wè anpil nan
farizyen yo ak sadiseyen yo k’ap vin pou batèm li an, li di yo:
«Ras sèpan, kilès ki te montre
nou pou nou sove kò nou devan kòlè a k’ap rive a? Fè fwi ki merite penitans la,
pa kontante pou n’ap di anndan kè nou: «Nou
gen Abraam kòm papa nou ». Mwen di nou reyèlman vre Bondye
gen pouvwa apati wòch sa yo pou l’ leve pitit bay Abraam. Rach la deja poze nan
rasin pye bwa yo: konsa tout pye bwa ki pa fè bon fwi, y’ap koupe l’, y’ap jete
l’ nan dife. Mwen menm m’ap batize nou nan dlo pou
penitans la; men sila a k’ap vin apre m’ nan, li pi fò pase m’, mwen pa merite
pou m’ pote sapat li. Li menm menm l’ap batize nou nan Lespri Sen an ak dife;
layo a nan men l’, l’apral netwaye glasi l’ la, l’ap ranmase ble l’ la nan
depo, kanta pay yo menm, l’ap boule yo nan dife ki p’ap tenyen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Nan
premye lekti jodi a, pwofèt Izayi a ap anonse yon bèl jou, lè renmen ak jistis
ap fleri nan lemonn antye.
Lè pwofèt la di konsa, ti bebe a ap lonje
men nan twou koulèv la, koulèv la p’ap mòde l’, epi bèf ak lyon ak mouton ap
abite ansanm, elatriye, nou ta ka tradwi ekzanp sa yo pou jounen jodi a. Panyòl
ak Ayisyen ap byen viv ansanm. Patwon ak ouvriye pral chita sou menm tab la. Tout
moun ap gen ase pou yo manje. P’ap gen kidnapin, p’ap gen vyolans nan lari, ni
nan mitan fanmi yo tou.Tout ti moun sou latè ap jwe ak kè kontan, jenn yo ap
jwenn okazyon pou yo etidye sa yo renmen, granmoun yo ap jwenn travay, sa k’ pi
granmoun yo p’ap manke anyen. Jou sa a gen pou l’ rive. Se
pwomès Bondye, se lespwa nou.
Men pafwa, jou sa a sanble lwen anpil. Nou
poze tèt nou kesyon, kilè jou sa a pral rive?
Pou reyalite a fin chanje, se nou menm
ki pou chanje. Se sa Jezi ap fè n’ sonje nan Levanjil la, epi Sen Pòl ap di
menm bagay la tou, nan dezyèm moso Labib la. Fò n’
retire tout mechanste, tout egoyis, tout jalouzi nan kè nou. Fò n’ mete kè
poze, konfyans, sèvis ak renmen nan kominote nou an.
Granmèt la mennen nou jis nan dlo a, men
l’ pa ka fè n’ bwè. Li ba nou konesans, li ba nou verite a, lè fini li ba nou
zouti yo pou nou rekonstwi sosyete a pou l’ pi sanble wayòm Bondye a. Men se
nou menm ki pou fè yon pa, se nou menm ki pou reponn apèl li a.
Tèlman peyi a gen pwoblèm, nou ka panse li
pa posib. Men, pa bliye: si nou fè yon pa, Granmèt la ap fè katrevendiznèf.
LAPRIYÈ: Granmèt,
mèsi paske ou toujou ede m’ kenbe lespwa. Tanpri, ede m’ aji ak renmen ou lan
nan kè m’, nan tout sa m’ panse, tout sa m’ di, ak tout sa m’ fè. Amèn.
PWOPOZISYON: Nan fason m’ap viv,
fason m’ap fè solidarite ak lòt yo, m’ap kolabore nan konstwiksyon yon sosyete
ki pi jis e ki chita sou renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario