Páginas

LENDI 5

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 35, 1-10
Se pou dezè a kontan ni tè ki pa gen wout la, se pou savann nan danse, se pou l’ fleri tankou lis. Se pou l’ jèmen byen jèmen, se pou l’ danse ak kè l’ byen kontan, ak lwanj l’ap chante, yo ba l’ bèlte Liban an, ni dekorasyon Kamèl la ak Sawon an; yo menm y’ap wè bèlte Granmèt la ak richès Bondye nou an.
Ankouraje men k’ap febli yo, asire jenou ki pèdi fòs yo; di sa k’ap ezite yo: "Ankouraje, pa pè: Men Bondye nou an ap mennen vanjans revanj la: se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou".
Lè sa a je avèg yo ap louvri, zòrèy moun soud ap louvri; lè sa a moun k’ap bwate a ap vòltije tankou kabrit, lang moun ki baba yo ap louvri; paske dlo yo eklate nan savann nan, ni ravin yo nan dezè a. Sa k’ te sèk la ap vin tounen yon letan, sa k’ te swaf la ap vin tounen sous dlo. Nan twou wòch yo, kote dragon yo te abite anvan an, se wozo ak jon tou vèt k’ap pouse.
Kote sa a ap gen santye ak wout, y’ap rele l’ wout ki sen; moun ki sal p’ap pase ladan l’; l’ap vin tounen yon wout tou dwat pou nou, atèl pwen moun ki pa gen sajès yo, yo p’ap pèdi wout ladan l’. P’ap gen lyon kote sa a, ni move bèt p’ap monte ladan l’, yo p’ap jwenn sa la a; moun yo ki delivre yo, y’ap mache, sila yo Granmèt la sove yo, y’ap tounen, y’ap rive nan Siyon avèk lwanj ak kè kontan tout tan sou tèt yo; y’ap jwenn kontantman ak fèt, soufrans ak plent ap pati.
Pawòl Granmèt la.
Sòm 84, 9ab 10. 11- 12. 13 -14
R/ Men Bondye nou  an ap vini, l’ap sove nou.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di,
se kè poze l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman vre, delivrans li a tou pre pou moun ki respekte l’ yo,
pou bèlte a rete sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak kè poze anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap mache devan l’, l’ap pase pye l’ sou wout la.R
LEVANJIL
״Nou wè mèvèy jodi a ״.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 5, 17- 26
Yon jou, Jezi te chita li t’ap bay lansèyman. Te gen farizyen tou ki te chita ni spesyalis lalwa yo, ki te vin sot nan tout bouk Lagalile ak Lajide ak Jerizalèm; pouvwa Granmèt la t’ap geri moun yo.
Gen moun ki vin ap pote yon mesye sou yon kabann, li pa t’ kapab fè mouvman ak manb li, yo t’ap chèche pote l’anndan an pou yo depoze l’ devan l’. Kòm yo pa jwenn ki kote pou yo pote l’anndan an akòz foul la, yo monte sou tèt kay la, yo desann li nan fetay kay la ansanm avèk kabann nan nan mitan an devan Jezi. Lè l’ wè lafwa yo, li di: "Monchè, peche ou yo efase".
Pwofesè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse fè kalkil nan kè yo, y’ap di: "Kilès sila a, k’ap di bagay pou derespekte Bondye a? Kilès ki kapab padonnen peche, si se pa Bondye sèl?"
Kòm Jezi te konnen panse yo, li pran lapawòl, li di yo: "Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil, èske se di "Peche ou yo efase", oubyen di: "Leve epi mache?" Ebyen pou nou kapab konnen Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo", li di moun nan ki pa t’ kapab fè mouvman ak manm li yo: "Mwen di ou, leve, pran kabann ou, al fè wout ou lakay ou". Menm lè a li leve devan yo, li pran kabann nan kote li te kouche a, li pati lakay li, antan l’ap fè konpliman pou Bondye.
Sezisman anpare tout moun, yo pran fè lwanj Bondye, yo te sezi anpil, yo t’ap di: "Nou wè mèvèy jodi a".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON:Levanjil jodi a envite nou adopte yon atitid aktif nan lavi nou kòm patizan Jezikri, kòm batize. Misyon nou sou fas tè a, se ede lòt moun rankontre ak Jezikri. Gen anpil moun pafwa ki enkonsyan, k’ap chèche gerizon, k’ap viv nan inyorans ak solitid. Gen lòt ki pa gen espwa nan lavi a, men tout gen moun ki gen plis ke sa ki nesesè, e ki bliye se Bondye sèl ki gen pouvwa pou padonnen peche.
Jezi poze doktè lalwa yo ak Farizyen yo yon kesyon: «Kilès ki kapab padonnen peche si se pa Bondye nan syèl la?». Frè ak sè m’ yo Jezi envite n’ pou n’ viv avèk lafwa, si nou gen konfyans nan li, nou kapab rive jwenn anpil bagay nan men Bondye. Tout sa ki enposib pou nou, li posib pou Bondye, sèlman  nou bezwen lafwa ak konfyans ; konsa n’a rive jwenn wayòm syèl.
Nan Tan Lavan sa a, menm jan Jezi te gen konpasyon pou moun malad la, li geri l’, li ba l’ lavi, li fè l’ jwenn diyite ankò, li mande nou pou kapab fè men jès sa a ak pwochen nou yo,  pou nou antre nan dimansyon ki pi enpòtan nan fèt Nwèl la !
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri, dirije lapriyè nou an jous devan fas ou, pou sa n’ap mande yo nan sèvis nou an, yo rive entak, pwòp, jous nan gran mèvèy sakre Sèl Pitit ou a ki vin moun nan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Si nou solidè youn ak lòt, nou kapab jwenn solisyon pi rapid ak pwoblèm nou yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario