Koulè Vyolèt
PREMYE
LEKTI
«Bondye konsole pèp li a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40, 1-11
«Konsole, konsole, pèp mwen, deklarasyon
Bondye nou an, pale ak kè Jerizalèm, ankouraje l’, paske mechanste l’ la fin
disparèt, fot li a efase, li fin resevwa nan men Granmèt la doub pou tout peche
l’ yo».
Vwa sila a k’ap rele nan savann nan: «Pare
chemen Granmèt la, drese santye Bondye nou yo nan savann nan. Tout gòj ap leve,
tout mòn ak bit tè ap bese, sa k’ kwochi yo ap vin dwat, sa k’ gen twou yo ap
vin tounen chemen egalize, bèlte Granmèt la ap devwale, tout chè ap wè ansanm
se bouch Granmèt la ki pale».
Vwa sila a k’ap di a: «Rele».
Epi mwen di:«Ki sa pou m’ rele a?» «Tout chè se zèb, tout bèlte l’ tankou flè
jaden. Zèb la seche, flè a tonbe, paske lespri Granmèt la soufle nan li.
(Reyèlman vre se zèb pèp la ye). Zèb la seche, flè a tonbe; men pawòl Granmèt
nou an dire pou tout tan».
Monte sou yon mòn ki wo, ou menm
k’ap anonse bòn nouvèl la bay Siyon; leve vwa ou byen fò, ou menm k’ap anonse
bòn nouvèl la bay Jerizalèm; leve, pa pè, di vil Jida yo: «Men Bondye nou an,
men Granmèt Bondye a k’ap vini ak fòs, bra l’ ap kòmande: men rekonpans li avèk
li, travay li devan l’.Tankou yon gadyen ap gadiyen bann mouton l’, l’ap
rasanble mouton yo ak bra l’, l’ap leve yo sou lestomak li, l’ap pote sa k’
plenn yo».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1-2.3 e 10ac.
11-l2. 13 (r.: Iz
40, 9-10)
R/ Men Bondye nou an k’ap vini ak fòs.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt
la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè
konpliman pou li, anonse jou an jou delivrans li.R.
Anonse bèlte l’ pou nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy li yo. Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa», l’ap jije pèp
yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a
danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’; Jaden yo ap kontan
ansanm ak tout sa ki nan yo. Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap
vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis
epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«Bondye
pa vle pou moun ki fèb yo peri»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 18, 12-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Sa nou di nan sa? Si yon moun
gen san mouton, epi youn nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite katrevendisnèf lòt
yo nan mòn yo, pou l’ al chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive jwenn li, an
verite mwen di nou, l’ap pi kontan pou li pase pou katrevendiznèf yo ki pa t’
pèdi wout. Se konsa, se pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou youn nan ti
piti sa yo peri.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tankou
nou konnen sa deja, pwofèt Izayi se yon gran pèsonaj nan tan Lavan an, k’ap
ankouraje nou pou nou viv nan lespwa, paske pwomès Bondye yo pa lwen reyalize
pou nou. Li envite nou fè preparasyon nan kè nou pou nou ka resevwa lagras
Bondye a.
Dezyèm pèsonaj ki domine Tan Lavan
an, se Jan Baptis ki te vin anonse nou ke Granmèt la pre rive, kidonk se pou
nou prepare nou pou nou akeyi li.
Men li enpòtan pou nou konnen ki
kalite preparasyon nou ka fè nan kè nou, nan lavi nou.
Jodi a, Jezi ap aprann nou ke
Bondye vle tout moun sove alawonnbadè, e li pa vle pou youn pèdi (Mt 18,4).
Avèk parabòl gadò mouton an k’ap chache sila ki pèdi a, Jezi prezante yon imaj
ki touche kretyen yo nan santiman.
Volonte Bondye, se pou tout moun
sove. Jezi te bay tèt li san kondisyon sou lakwa a pou li te ka ede nou refè
zanmitay nou ak Papa a.
Nou menm kretyen nan tan jodi a,
nou dwe pataje santiman sa a: Se pou tout moun sove epi rive konnen verite a!
Nou tout nou se mouton ak gadò.
Petèt se nou menm ki ka bay anpil
lòt moun chans pou tounen nan kè kontan lafwa ak lavi lagras la, tankou, mari
nou, madanm nou, pitit nou, paran nou, zanmi nou.
Li toujou posib pou nou abandone
katrevendiznèf pou san nan prewokipasyon nou yo, pou nou priye epi ede yon moun
ki pwòch nou, ke nou renmen epi nou konnen nesesite espirityèl li.
Gras ak lapriyè, ak lafwa ki pouse
nou renmen an, nou kapab ede yo konvèti, tankou ekzanp Sent Monik avèk pitit li,
Ogisten, ki te eksplike kòman lagras la aji nan li pou li te fè li pran wout
sentete a.
Se pou manman Mari, Manman Bon
Gadò a, entèsede pou nou ka jwenn lagras pou no upa pèdi patiraj la.
LAPRIYE: Bondye
Granmèt, tanpri ede nou kase tèt tounen vin jwenn ou, puiske ou toujou dispoze
pou akeyi nou ak bra ou louvri, pou ba nou yon lavi tou nèf.
PWOPOZISYON: Vizite
yon moun ki gen yon andikap ki pa pèmèt li mache. Si sa
posib pote yon bagay materyèl pou li. Pote yon mesaj lespwa pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario