Koulè Vyolèt ou Blan
ANBWAZ KI SEN,
EVÈK AK SAVAN SAKRE LEGLIZ LA
(Memwa)
PREMYE
LEKTI
«Bondye ki gen tout pouvwa a bay
sa ki fatige a fòs».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40, 25-31
«Ak
ki sa nou fè m’ sanble, nou konpare m’? » deklarasyon Sen an. Leve je
nou nan syèl anwo nèt la, epi gade: kilès ki te kreye bagay sa yo, ki fè lame
yo sòti nan ran an, ki rele yo tout daprè non yo? Akòz grandè fòs ak pouvwa ak
otorite l’, pa gen youn ki rete.
Pouki sa w’ap di, Jakòb, w’ap
deklare Izrayèl: «Chemen m’ nan kache devan Granmèt la, jijman m’ nan pati sot
devan Bondye m’ nan?» Èske ou pa konnen, oubyen ou pa t’ tande? Se Bondye tout
tan an, Granmèt la, ki te kreye limit tè a, li p’ap febli, li p’ap bouke, pa
gen fon pou sajès li. Li menm ki bay sa k’ fatige a fòs, sila yo ki pa ekziste
yo li ba yo fòs, li devlope fòs la. Timoun yo febli, yo bouke, jenn jan yo
tonbe ak feblès; men sila yo ki espere nan Granmèt la yo jwenn fòs tou nèf, yo
pran zèl tankou malfini, yo kouri epi yo pa bouke, yo mache epi yo pa febli.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 102, 1-2. 3-4. 8 e 10 (r.: l a)
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen;
tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt
la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki
geri tout maladi ou yo; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen
ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib,
li pran pasyans, li gen anpil kè sansib.
Se pa daprè peche nou yo li trete nou,
ni daprè fot li renmèt nou yo.R.
LEVANJIL
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap
redi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 11, 28-30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl li di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige,
k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson
nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nam
nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Jezi ap mennen nou al repoze nan
Bondye. San dout Bondye se yon Papa ekzijan, paske li renmen nou epi li envite
nou ba li tout bagay, men se pa yon bouwo. Lè li ekzije yon bagay, se pou nou
ka grandi nan renmen li an. Sèl kòmandman li ba nou, se pou nou aprann renmen.
Nou ka soufri akoz lanmou, konsa tou kè nou ka kontan, nou ka repoze gras ak
lanmou.
Lè nou dosil nan men Bondye, sa
libere nou epi sa fè kè nou vin gran. Se poutèt sa Jezi, ki envite nou renonse
ak pwòp tèt nou pou nou pran kwa nou epi swiv li, li di nou: «Jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè»
(Mt 11, 30). Menm si pafwa sa koute nou pou nou obeyi Bondye, lè nou fè volonte
li, finalman nou plen ak kè kontan: «Fè
m’ swiv tras kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn plezi m’» (Sòm 119,
35).
Sa ka rive pafwa nou fatige, nou plis anvi
repoze ke priye. Poutan nou ka santi nesite pou nou priye, nou priye epi nou
dòmi ak kè kontan epi lè nou leve nou soulaje.
Men kèk lòt fwa, fas ak yon pwoblèm grav,
nou kapab deside fè yon lapriyè ki long pou nou ka jwenn yon solisyon. Men nou
ka santi yon vwa pa anndan ki ba nou asirans pou nou pa bay tèt nou twòp
pwoblèm. Konsa nou kapab rete trankil, lè nou remèt tout bagay nan men Bondye.
Tout sa, se pou nou konprann ke volonte
Bondye, nou kapab jwenn li kote ki gen plis lanmou, men pa fòseman kote ki gen
pi gwo soufrans la. Genyen plis lanmou pou nou repoze gras ak konfyans la, ke
angwas akoz enkyetid la.
LAPRIYÈ: Bondye ou menm ki te fè Anbwaz ki
sen, ki evèk, vin tounen savan k’ap anseye lafwa katolik la, ak modèl fòs apot
yo, leve moun selon kè ou nan Legliz la, pou yo dirije l’ avèk fòs, avèk sajès.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jounen
jodi a, m’ap pote tout pwoblèm k’ap trakase m’ bay Jezi. M’ap ofri pwoblèm ki
nan fanmi mwen, pwoblèm Legliz la ak pwoblèm peyi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario