Páginas

DIMANCH 1

Koulè Blan
UITYÈM JOU NESANS GRANMÈT LA
GRAN FÈT MARI MANMAN BONDYE KI SEN
JOUNEN MONDYAL POU LAPÈ
PREMYE LEKTI
“Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo”
NAN LIV LIV NONB 6, 22 -27
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Pale ak Aawon ak pitit li yo: Men kijan n’a beni pitit Izrayèl yo, n’a di yo:
«Se pou Granmèt la beni ou, se pou l’ konsève ou ; se pou Granmèt la montre ou fas li, pou l’ pran pitye pou ou. Se pou Granmèt la vire figi l’ ba ou pou l’ ba ou lapè ».
Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou ;
se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Se pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, sove ou sove nou an nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon jan ki kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou. Se pou Bondye nou an beni ou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
« Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan »
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO  4, 4-7
Frè m’ yo :
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou sa yo ki te anba lalwa a, li te kapab rachte yo, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele : « Aba. Papa ». Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras a Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Yo jwenn Mari ak Jozèf ak ti pitit la... Aprè uityèm jou a, yo rele non l’ Jezi »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 16-21
Lè sa a :
Gadyen mouton yo rive byen vit jous Bètleyèm, yo jwenn Mari ak Jozèf, epi ti pitit la ki poze nan krèch la. Lè yo wè sa, yo anonse pawòl la yo te di yo osijè ti pitit sa a. Tout moun ki t’ap tande yo te sezi osijè sa gadyen mouton yo t’ap di yo a.
Kanta Mari, li t’ap konsève tout pawòl sa yo, antan l’ap kalkile yo nan kè l’. Gadyen mouton yo tounen, y’ap fè konpliman ak lwanj pou Bondye pou tout sa yo te tande ak sa yo te wè, daprè sa yo te di yo a.
Lè ui jou yo fin pase, pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele non l’ Jezi, non sa a anj la te bay la, avan li te fèt nan vant.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Angiz de yon sèl fèt, jodi a n’ap fete plizyè fèt ! Se fèt Endepandans Ayiti ; n’ap fete premye jou nan ane a, epi n’ap fete Mari Manman Bondye, nan uityèm jou nesans Granmèt la. Lè fini, jodi a se Jounen Mondyal pou lapè!  Tèlman gen fèt jodi a, nou pa ka pa fete! An nou di Bondye mèsi pou pou tout gras sa yo, antan nou youn ap swete lòt bòn fèt !
Pandan n’ap bwè soup joumou nou an maten an, an nou fè yon ti reflechi sou istwa liberasyon nou. Apot Pòl di nan dezyèm moso Labib la : «pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen». Nou sòti nan esklavaj pou nou tounen pitit Bondye, ki renmen nou. Li fè nou eritye menm jan ak Jezi, men eritaj la pa yon bout tè, ni lajan, ni yon bèl kay, ni yon bèl machin, se lavi nèt ale li ye ! Tout fèt n’ap fete jodi a yo, se nan verite sa a yo sòti. Pa ekzanp, nou tout konnen premye janvye se fèt Endepandans Ayiti, jou pèp Ayisyen an te fè lemond antye wè tout moun gen menm diyite, paske nou tout se pitit yon sèl Bondye. Nou ka konprann ki sa l’ vle di pou nou, pitit Bondye, gras a vrè Pitit li a ki te fèt nan mitan nou, sa fè ui jou nou te sonje sa nan fèt Nwèl la. Epi li fèt menm jan ak nenpòt moun, li te gen yon manman, ki se Mari.
Si n’ fè tankou Manman Mari, ki te konsève tout pawòl sa yo, antan l’ kalkile yo nan kè l’, nou menm tou, n’a rive konprann ki konsekans mesaj sa gen pou lavi nou. Si nou tout se pitit Bondye, sa vle di nou tout se frè ak sè. Epi jou nou fin konprann sa byen, n’ap ka fete Jounen Mondyal Lapè tout bon.
Nou toujou bezwen anpil liberasyon, nou bezwen lapè, nou bezwen konnen si Bondye la avèk nou. Ane 2016 la te plen pwoblèm (gwo siklòn, inondasyon, san konte lòt).
Ann pran yon ti souf jodi a, pou n’ sonje kiyès nou ye, sonje jan Bondye renmen nou. Demen si Dye vle n’ap kontinye travay pou n’ viv tankou frè ak sè.
LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt, paske ou fè n’ sòti nan tout kalite esklavaj !  Beni nou, pwoteje nou nan ane 2017 la ! Bondye, ou menm ki bay ras lèzòm rekonpans sove tout tan an, gras a Mari ki sen, ki anfante antan li Vyèj la, tanpri, fè nou santi kijan l’ap plede kòz nou, li menm ki fè nou merite resevwa Pitit ou a ki bay lavi a. Li menm ki vivan. Amèn.

PWOPOZISYON: An nou louvri lespri nou ak tout kè nou pou nou ka kòmanse ane sa a ak gras Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario