Koulè Blan
BAZIL LE GRAN AK GREGWA NAZYANZ KI SEN,
Evèk ak savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
« Sa nou
te tande depi nan kòmansman an, se pou l’ rete nan nou »
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 22-28
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kilès mantè sa a, si se pa sa a ki nye Jezi se Kris la?
Sa a se Antikris la, li menm ki nye ni Papa a ni Pitit la. Tout moun ki nye
Pitit la, li pa gen Papa a non plis; moun ki rekonèt Pitit la, li gen Papa a
tou.
Nou menm, sa nou te tande depi nan kòmansman an, se pou
l’ rete nan nou. Si sa nou te tande depi nan kòmansman an rete nan nou, n’ap
rete nan Pitit la ak nan Papa a. Men pwomès la li ofri nou an, se lavi tout tan
an. Mwen ekri nou bagay sa yo osijè moun yo k’ap twonpe nou yo.
Nou menm, konsekrasyon nou te resevwa nan men l’ nan, se
pou l’ rete nan nou. Nou pa bezwen pou pèsòn ba nou ansèyman ; men jan konsekrasyon
l’ nan ba nou ansèyman sou tout bagay la ; epi li vre, li pa manti, konsa
jan l’ ba nou ansèyman an, se pou n’ rete nan li.
Koulye a, ti pitit mwen yo, se pou nou rete nan li, pou
lè l’ parèt, nou kapab gen konfyans pou nou pa wont devan l’ lè l’ rive a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97,
1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou
an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè
mèvèy.
Men dwat li fè viktwa pou li, bra l’ ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li sove nou an, nan fas nasyon
yo li devwale jistis li a. Li fè sonje mizerikòd li a, ak verite l’ la
pou kay Izraèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an. Sonnen
twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
« Aprè m’
gen youn k’ap vini, ki te ekziste anvan m’ ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 19-28
Men temwayaj Jan, lè Juif yo te voye prèt ak levit kote
l’ sot Jerizalèm, pou yo poze l’ kesyon an : « Ou menm kilès ou ye
a » ? Li rekonèt, li pa nye, li rekonèt : « Mwen pa Kris
la ».
Yo poze l’ kesyon : « Ki sa ou ye ebyen? Èske ou se
Eli”?
Li di “Mwen pa sa”.
«Èske ou se pwofèt la » ?
Li reponn : « Non ».
Konsa yo di l’ : «Kilès ou ye? pou nou kapab bay
repons pou moun ki voye nou yo, ki sa ou di osijè ou » ?
Li di : « Mwen se vwa sa a k’ap rele nan dezè
a : Dirije chemen Granmèt la, jan pwofèt Izayi te di a ».
Nan
moun yo yo te voye yo, te gen Farizyen. Yo poze l’ kesyon, yo di l’ :
« Pouki sa w’ap batize, si ou pa Kris la ni Eli ni pwofèt la” ?
Jan reponn yo, li di : « Mwen batize nan
dlo ; men nan mitan nou gen yon moun ki kanpe, nou pa konnen l’, se li
menm ki gen pou l’ vin aprè m’ nan, li menm ki te anvan m’, mwen pa merite
defèt lasèt sapat li ».
Bagay sa yo te pase nan Betani lòt bò Jouden an, kote Jan
t’ap batize a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
NB: Si yo ta vle yo ta kapab li tèks sa yo pito pou jou sa
a :
PREMYE
MOSO LABIB : Efezyen 4, 1-7. 11-l3
SÒM
REPONS : sòm 22, 1-3. 4. 5. 6
LEVANJIL:
Matye 23, 8-12.
REFLEKSYON: Levanjelis Jan prezante nou Jan Batis tankou sila a ki te vini avan Jezi
e ki te bay dènye anons sou vini Jezi a. Antan ke dènye pwofèt ki te anonse Mesi
a, nan sans sa a, li sanse fè pon ant Ansyen Kontra a ak Nouvo Kontra. Se sa k’
fè li toujou parèt nan kòmansman liv levanjil yo, paske l’ap anonse gen yon
Nouvo Kontra ki pral rive, se Jezikri ki pral siyen li.
Jan Batis rekonèt Jezi pi enpòtan pase l’, li rekonèt
li pa menm merite defèt lasèt sapat Jezi a. Sa enteresan, paske Jan Batis te
yon nèg serye, ki te konn ede anpil moun kwè nan Bondye, li te ede yo viv byen
youn ak lòt. Men li pa t’ vante tèt li pou sa. Li te rekonèt tout sa l’ te fè,
pa t’ janm ase pou sove pèp li a. Li t’ap prepare chemen an pou Jezi te kapab
vin fè travay la nèt. Nou menm, nan yon sans, nou pa nan menm plas Jan Batis,
paske Jezi vini deja. Li gen tan mouri pou nou, li gen tan montre nou kilès
Bondye ye nan jan l’ renmen nou. Nou jwenn sa Jan Batis t’ap tann lan. Men
malgre sa, nou ka idantifye nou ak Jan Batis tou, paske travay Jezi a kòmanse,
men li poko fini.
Vrèman vre, se nou menm ki pou ede Jezi reyalize
misyon li an, ke li inogire. Si Jan Batis te ka kenbe lafwa konsa malgre li pa
t’ ko konnen Jezi, nou menm ki konnen Jezi deja, nou pa gen dwa dekouraje.
Pafwa li pa fasil, men nou ka fè tankou Jan Batis, ki te jwenn fòs lè l’ te
gade istwa pèp li a, epi l’ te wè tout sa Bondye te fè pou li deja.
Pandan n’ap fè misyon kretyen nou an, piga nou kwè
se nou menm ki konnen, se nou menm ki sen, nan pretann nou menm ki plis pase
lòt moun. Se pa ak dlo sèlman yo batize nou, se ak Lespri Sen an, ki pou fè nou
moun senp, moun debyen ki mete renmen ak pataj nan lemond, san nou pa vante tèt
nou pou sa.
LAPRIYÈ:Bondye,Bazil ak Gregwa sen, gras a
ekzanp yo ak ansèyman yo, ou fè Legliz ou a vin pi bèl. Tanpri, fè nou
konsidere nou pa anyen pou nou aprann verite w’ la. Ba nou charite pou nou
obsève l’avèk fidelite. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Ki sa m’ ka aprann
nan ekzanp Jan batis la jodi a ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario