Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Tout moun ki
rete nan li, li pa fè peche».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 29-3, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Si nou konnen li kòrèk, se pou nou konnen tou tout moun
ki fè sa k’ kòrèk, se nan li li fèt. Gade ki kalite charite Papa a ba nou, pou
yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye vre. Se pousa tè a pa rekonèt nou,
paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a se pitit Bondye
nou ye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen lè 1’a parèt, n’a sanble ak
li ; paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun ki gen esperans sa a, li fè
tèt li vin sen nan li, menm jan li menm menm nan li sen an. Tout moun ki fè
peche, li fè sa k’ pa kòrèk, peche a se sa k’ pa kòrèk. Nou konnen li menm li
parèt pou l’ wete peche nou yo, epi pa gen peche nan li. Tout moun ki rete nan
li, pa fè peche, tout moun ki fè peche, li pa wè l’, ni li pa rekonèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97,
1. 3cd-4. 5-6
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou
an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li
fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas
Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
«Men Mouton
Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34
Nan landmen, Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di :
« Men Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen
te di : « Apre m’ gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li
te ekziste anvan m’. Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’ ; men se pou l’ te
kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo
a ».
Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Lespri a
k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen
pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di
m’ : « Sou moun nan ou a wè Lespri a desann li rete sou li a, se li
menm k’ap batize nan Lespri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen,
sa a se Pitit Bondye a ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Bondye ap kontinye fè nou yon deklarasyon damou. Si
Bondye renmen nou konsa, kisa nou menm pou nou fè ? Se pou nou renmen l’
tou, menm jan li menm li renmen nou. Men si nou di nou renmen Bondye nou pa wè
a, epi nou rayi frè ak sè nou yo, nou nan manti : kijan nou kapab renmen
Bondye nou pa wè ! Pa bliye Bondye kreye nou pòtre avèk li, epi li mande
nou avan tout bagay se pou nou gen renmen nan kè nou ; se sa nou aprann
nan kòmandman l’ yo. Si nou vle renmen Bondye, se pou nou kòmanse renmen pwochen
nou ; paske tout sa ki pran nesans, se nan Bondye yo sòti, epi Jan di nou
kòmandman sa yo pa twò lou. Se pou nou remen san mezire, lè yon moun renmen, li
fè sa ki bon, sa ki bèl, li gen konpasyon tankou Jezi. Jezi te kite Lespri a
kondwi l’, epi li te toujou ap mache avèk li ; se ak menm fòs Lespri a li
te ale Galile, li tounen nan peyi l’ kote li te resevwa edikasyon : la, li
kòmanse preche nan Tanp la.
Nan tout sa Jezi t’ap fè, se Lespri a ki t’ap
gide l’. Se Lespri Granmèt la ki te chwazi l’, li sakre l’ pou l’al bay Bòn
Nouvèl la toupatou, sitou sila yo ki pòv yo, ki malad, ki blese ; ki nan
prizon, ki avèg. Chak pawòl ki te sòti nan bouch Jezi, se te yon gras, yon
rekonfò. Nou menm, daprè sa nou tande ak sa nou wè, se pou nou bay temwayaj pa
nou tou, tout kote nou pase.
LAPRIYÈ:Granmèt, padon pou chak fwa mwen anpeche pwomès
ou yo akonpli sou tè a.Tanpri fè m’ kado Lespri ki te gide Jezi pou l’ fè
volonte ou jous nan dènye bout la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:Avèk
gras batèm ak konfimasyon m’, mwen te di mwen dakò pou m’al fè misyon pou Jezi.
Nan ki pwen mwen ye nan misyon sa ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario