Koulè Blan.
FANMI JEZI, MARI
AK JOZÈF KI SEN AN
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Moun ki respekte Granmèt la, li gen konsiderasyon pou paran l’ yo”
PREMYE LEKTI
“Moun ki respekte Granmèt la, li gen konsiderasyon pou paran l’ yo”
NAN LIV SIRASID 3,3-7. 14-17a
Bondye fè papa a jwenn konsiderasyon nan pitit
yo, li asire jijman manman an sou pitit yo. Moun ki renmen Bondye, l’ap jwenn
padon pou peche yo, l’ap kenbe kò l’ lwen yo, nan lapriyè chak jou l’ap jwenn
sa l’ap mande a. Epi, tankou moun k’ap ranmase richès, se konsa moun ki gen
konsiderasyon pou manman l’; moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap jwenn
kontantman nan pitit yo, jou lapriyè l’, l’ap jwenn sa l’ mande a. Moun ki gen
konsiderasyon pou papa l’, l’ap viv lontan; moun ki obeyi papa a, l’ap rafrechi
kè manman an. Pitit mwen, sipòte vyeyès papa ou, pa fè l’ lapenn nan lavi l’;
epi si lespri l’ febli, padonnen l’, pa meprize l’ nan fòs ou a; yo p’ap bliye
charite ou fè papa a; nan plas peche manman an se byen y’ap renmèt ou, y’ap
bati l’ pou ou nan jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la,
k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se
chans pou ou, sa ap bon pou ou.R.
Madanm ou tankou pye rezen ki byen donnen sou
miray lakay ou;
pitit ou yo tankou jèn ti pye oliv toutotou tab
ou a.R.
Men se konsa moun nan beni, sa k’ respekte
Granmèt la.
Granmèt la
ap beni ou sot nan Siyon,
W’ap wè
byen Jerizalèm yo toulejou lavi ou.R.
DEZYÈM LEKTI
“Lavi fanmi an nan Granmèt la”
NAN LÈT
APOT PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3,12-21
Frè m’ yo:
Tankou moun Bondye chwazi, ki sen, moun li
renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, bon jan, santiman ki fè nou rabese tèt
nou, senplisite, pasyans, antan nou youn sipòte lòt, antan nou youn padonnen
lòt; si youn gen yon ti kont pou l’ regle ak lòt la: tankou Granmèt la te
padonnen nou, se konsa pou nou fè nou menm tou, epi anlè tout bagay, se pou nou
gen charite sa a ki chenn nan, k’ap fè nou fin bon nèt la, se pou kè poze
Jezikri danse nan kè nou, se pousa menm yo te rele nou nan yon sèl kò, epi di
Bondye mèsi.
Se pou pawòl Jezikri a abite nan nou an
kantite, nan tout kalite bon konprann, se pou youn bay lòt lansèyman, pou youn
bay lòt avètisman avèk sòm, chante sakre, kantik Lespri a, se pou nou chante
pou Bondye nan kè nou nan favè a; tout sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon,
se pou nou fè yo tout o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi
pa lentèmedyè l’.
Medam yo, se pou nou obeyi Mari nou, jan sa
dwe fèt, nan Granmèt la. Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, pa fè move jan
avèk yo. Ti moun yo, se pou nou obeyi paran yo nan tout bagay; se sa ki fè
Granmèt la plezi. Papa yo, pa ekssite pitit nou yo, pou nou pa dekouraje yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan
Lejip”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 2, 13-15. 19-23
Lè Maj yo tounen, men Mesaje Granmèt la parèt
nan rèv devan Jozèf, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan
Lejip; rete laba-a joustan m’a di ou: sèke Ewòd a pral chèche pitit la pou l’
touye li”. Li leve, li pran pitit la ak
manman l’ nan nuit la, li pati nan Lejip. Li te rete laba-a joustan Ewòd mouri,
pou sa.Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “Mwen rele
pitit mwen an sot Lejip”.
Lè Ewòd fin mouri, men Mesaje Granmèt la parèt
nan rèv devan Jozèf nan Lejip la, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, al
nan peyi Izrayèl la, sèke yo mouri, sila yo ki t’ap chèche lavi pitit la. Li
leve, li pran pitit la ak manman l’, li rive nan peyi Izrayèl.
Lè l’ tande
se Akealous ki t’ap kòmande nan Lajide nan plas Ewòd papa l’, li pè al la; li
jwenn avètisman nan rèv, li pati nan rejyon Galile yo. Lè l’ rive, li abite nan
yon vil yo rele Nazarèt, pou sa Bondye te di pa lentèmedyè Pwofèt yo te kapab
reyalize: “Y’ap rele l’ Nazareyen”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Legliz la ap prezante nou bèl fanmi Nazarèt la,
ki se fanmi Jezi, Mari, ak Jozèf.Lavi fanmi an, se sa ki pwen santral litiji
jodi a.
Nan premye moso labib la, liv Eklezyas la ofri nou yon seri konsèy sou
kòman pitit dwe renmen epi respekte manman ak papa yo. Nan tradisyon peyi jwif
la, respekte ak renmen paran parèt tankou yon devwa relijye nan je Bondye. Nan
sòm 128 la, nou wè kòman moun ki gen krentif pou Bondye resevwa anpil
benediksyon.
Nan dezyèm moso labib la, Sen Pòl ap fè moun Kolòs yo sonje tout bon
santiman Bondye depoze nan yo, konsa youn dwe padone lòt, youn dwe renmen lòt.
An menm tan an tou, l’ap ekzòte chak manb nan fanmi yo, kòman pou youn
konpòte li pa rapò ak lòt la; madanm pa rapò avèk mari mari ak madanm, pitit
avèk paran epi paran avèk pitit yo.
Pi devan nan levanjil la, nou wè kòman fanmi Nazarèt la reprezante yon
modèl pou nou, nou wè kòman yo te met tèt yo ansanm pou yo te rezoud tout
pwoblèm, tout difikilte ki te prezante nan fanmi an, tankou sa nou li nan
levanjil la jodi a. Jozèf pa t’ di Mari, se ou ki manman, m’ pa konn afè w’, se
ou ki pou kouri ak pitit ou ni Mari pa t’ di Jozèf : se ou ki gason,
degaje w’ pou kont ou. Sitiyasyon an te konsène yo tou lè de,
malè a te pandye sou tèt yo toulède, donk yo te mete ansanm pou yo defann fanmi
yo.
Se a travè fanmi sa Pitit Bondye a te tounen moun pou l’ te ka sove nou.
Nan fanmi sa a, Jezi te jwenn tout bon edikasyon ki fè li te grandi ak anpil
sajès.
Donk mesye yo, nou dwe pran egzanp sou Jozèf, kòman li te pran
responsabilite l’ pa rapò ak fanmi sa a. Medam yo, nou dwe pran ekzanp sou Mari
ki pa t’ fè bak devan pwoblèm, devan soufrans ke fanmi an t’ap andire, men ki
te mare ren l’ pou l’ te fè fas ak tout difikilte.
Timoun yo dwe pran ekzanp sou Jezi nan fason yo dwe viv ak paran yo, nan
obeyisans ak nan renmen. Si nou pran fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl nou
n’a rive gen yon vrè fanmi ki bati sou renmen ak respè youn pou lòt.
LAPRIYÈ : Granmèt Jezi, ou
menm ki te ba nou bèl fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl pou nou te swiv,
fè fanmi nou yo mete ekzanp sa a an pratik, fè nou toujou dispoze pou nou
aprann ede lòt nan fanmi nou yo ; konsa n’a rive tounen yon modèl pou lòt
fanmi k’ap viv bò kote nou. Amèn
PWOPOZISYON: Nan okazyon Fèt Sent fanmi an, an nou evalye pwòp fanmi
nou antan nou chita ak tout manb yo epi tande opinyon yo chak, pou nou kapab
fini ak tout ti enkonpreyansyon, divizyon, zizani.
No hay comentarios:
Publicar un comentario