Páginas

JEDI 29

Koulè Blan
5èm JOU ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
«Moun ki renmen frè l’, li rete nan limyè»
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 3-11
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men kijan nou konnen nou rekonèt Jezi, se si nou obsève kòmandman l’ yo, Moun ki di li konnen l’epi li pa kenbe kòmandman l’ yo, li se mantè, verite a pa nan li. Men moun ki kenbe pawòl li, charite Bondye a kòrèk nèt nan li, se konsa nou konnen nou nan li. Moun ki di li rete nan li, se jan l’ mache a pou li menm tou li mache.
Nou menm mwen renmen anpil la, se pa yon kòmandman nouvo mwen ekri nou, men se yon kòmandman ansyen, sa nou te genyen depi kòmansman an: kòmandman ansyen an se pawòl la nou te tande a. Mwen tounen di nou sa ankò, se yon kòmandman nouvo mwen ekri nou, li vre ni nan li ni nan nou, sèke fènwa yo pati, vrè limyè a deja ap klere.
Moun ki di li nan limyè, epi ki rayi frè l’, li nan fènwa jous koulye a. Moun ki renmen frè l’ li rete nan limyè, pa gen baryè nan li. Men moun ki rayi frè l’, li nan fènwa, l’ap mache nan fènwa, li pa konn kote l’a prale, paske fènwa yo fèmen je l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1-2a. 2b-3. 5b-6 (r.: 11a)
R/ Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a. Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Anonse jou an jou delivrans li. Anonse glwa li pou nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Men se Granmèt la ki fè syèl yo.Grandè ak bèlte devan fas li,
pouvwa ak dekorasyon nan kay li ki sen an.R.
LEVANJIL
«Limyè pou revelasyon nasyon yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2,22-35
Lè jou netwayaj la fin reyalize daprè lalwa Moyiz la, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante l’ bay Granmèt la, jan sa ekri nan lalwa Granmèt la: «Tout gason ki premye sòti nan vant, y’ap rele l’ sen pou Granmèt la» epi pou yo ofri sakrifis daprè sa k’ ekri nan lalwa Granmèt la: «yon pè toutrèl oubyen de ti toutrèl».
Te gen yon mesye nan Jerizalèm, yo te rele non l’ Simeyon ; mesye sa a te kòrèk, li te krenn Bondye, li t’ap tann konsolasyon Izrayèl la, Espri Sen an te nan li. Espri Sen an te ba l’ repons, li te di l’ li pa t’ap wè lanmò, anvan l’ wè Kris Granmèt la.
Li rive nan Tanp la nan Espri a; pandan paran Jezi yo t’ap antre avèk li pou yo reyalize sa lalwa a te mande pou li a, li resevwa l’ nan men l’, li fè konpliman pou Bondye, li di:
«Koulye a ou mèt ranvwaye sèvitè ou la, Granmèt, daprè pawòl ou a nan lapè, paske je m’ wè sove w’ap sove nou an, sa ou te pare devan fas tout pèp yo : «limyè pou revelasyon nasyon yo, epi glwa pèp ou a Izrayèl».
Papa l’ak manman l’ te sezi poutèt sa yo t’ap di osijè l’ la. Simeyon beni yo ; li di Mari, manman l’ : «Men sa a enstale pou lanmò ak rezireksyon anpil moun nan Izrayèl, nan siy k’ap sèvi kontradiksyon (kanta pou nam ou menm, yon epe ap travèse l’) pou panse ki nan kè anpil moun devwale».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a pawòl Bondye a envite nou reflechi sou Limyè, kidonk sou limyè Jezikri ki vin klere fènwa lèzòm t’ap mache a. Jezi se Limyè mond la ki vin klere tout moun ki t’ap viv nan fènwa peche ak mechanste. Li envite nou tou pou nou tounen limyè.
Pou nou konprann enpòtans misyon nou kòm limyè, an nou fè yon ti gade reyalite limyè a nan sans pwòp li. Premyèman, an nou gade limyè solèy la. Se gras a li menm ki fè nou ka pale de jou. E lasyans ekplike nou se paske tè a toujou an mouvman ki fè nou ka pale de jou ak nuit. Lajounen nou fè tout aktivite nou gen pou nou fè, nou travay, epi pandan nuit la nou dòmi, nou repoze. Sa pa fè twò lontan depi Toma Edison, yon nèg ki espesyalis lasyans te envante sa nou rele lanp elektrik. Gras a lanp sa a epi gras ak devlopman elektrisite nou kapab genyen limyè nan nuit epi tout sa nou te konn fè lajounen sèlman nou vin kapab fè yo nan nuit tou. Kidonk Toma Edison vin kontribye nan devlopman antrepriz yo kote leswa yo kapab ogmante pwodiktivite yo. Lòt limyè nou genyen se lalin nan, se zetwal yo, elatriye. Nou menm antan ke limyè ki branche nan Jezikri, nou gen vokasyon pou nou klere nan sosyete a, lè nou denonse epi kwate nan pwòp lavi nou tout zak mechanste, tout vye santiman ki fè nou youp a vle wè lòt, youn ap dechire lòt.
Menm si lespri denmon an ta vle tenyen nou, nou pa bezwen pè paske se nan limyè Jezi a nou branche epi Jezi deja pote laviktwa sou tout fòs mal yo. An nou mande Bondye pou li fè nou ranpli misyon nou kòm sèl ki bay gou kote n’ap viv la epi kòm limyè k’ap klere chemen lòt. Nan yon mond kote ki gen fènwa lagè, jalouzi, rayisans, mepri, lanbisyon, renmen lajan, renmen pouvwa, eksplwatasyon moun sou tout fòm.
LAPRIYÈ :Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm nou pa kapab wè a, ou menm ki chase fènwa tè yo gras a limyè ou la ki rive a, tanpri, gade nou avèk klète figi ou, pou nou fè lwanj grandè nesans Sèl Pitit ou a ansanm avèk piblikasyon ki kòrèk. Li menm ki vivan.

PWOPOZISYON: Renmen se pi gwo limyè pou klere lemond. Li klere plis pase solèy la. M’ap fè jefò pou mwen renmen lòt yo pi plis.

No hay comentarios:

Publicar un comentario