Koulè Wouj
INOSAN YO KI SEN, Mati
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“San Jezikri
pwòpte nou sot nan tout peche”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1, 5-2, 2
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men mesaj la nou te tande nan
Jezikri a epi nou te anonse nou an: Bondye se limyè, pa gen okenn fènwa nan li.
Si nou di nou se zanmi l’ epi n’ap mache nan fènwa, nou fè manti, nou pa fè
verite; men si n’ap mache nan limyè, menm jan li menm li nan limyè a, nou youn
zanmi lòt, san Jezikri, Pitit li a, pwòpte nou sot nan tout peche.
Si nou di
nou pa gen peche, nou twonpe pwòp tèt nou, verite a pa nan nou. Si nou konfésé
péché nou yo, li fidèl, li kòrèk, pou l’ padonnen nou peche nou yo, pou l’
pwòpte nou sot nan tout fot. Si nou di nou pa fè peche, nou fè manti, pawòl li
a pa nan nou.
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou
sa pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka kot Papa a,
se Jezikri ki kòrèk, li menm li se padon pou peche nou yo; pa pou peche nou yo
sèlman, men pou peche tout tè a tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 123, 2-3. 4-5. 7b-8
R/ Nan nou tankou yon zwazo ki
chape sot nan pyèj chasÈ yo.
Si Granmèt la pa t’ nan nou, lè
moun yo leve kont nou an,
Petèt se tou vivan yo t’ap vale
nou, lè raj yo t’ap boule kont nou an.R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou,
rivyè a t’ap pase anlè tèt nou, petèt yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap
bouyi yo.R.
Pyèj la kraze, nou menm nou
chape, sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Ewòd
touye tout ti gason, ki te nan Bètleyèm”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
2, 13-18
Lè maj yo pati, men zanj Granmèt
la parèt nan sonj devan Jozèf, li di: “Leve, pran ti pitit la ak manman l’,
sove kò ou nan Ejip, rete la joustan m’a di ou; sèke Ewòd a pral chèche ti
pitit la pou l’ touye li”.
Li leve, li pran ti pitit la ak
manman l’ nannuit la, li pati Ejip. Li rete la joustan Ewòd mouri, pou pawòl
Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “M’ap rele pitit
mwen an sot Ejip”.
Lè sa a atò, Ewòd wè kijan maj
yo te twonpe l’, li fache anpil; li voye touye tout ti gason ki te nan Bètleyèm
ak tout alantou Bètleyèm yo, depi dezan avèk pi ba, daprè tan li te kalkile sou
sa maj yo te di a.
Lè sa a atò pawòl pwofèt Jeremi
an reyalize: Yo tande yon vwa nan Rama, l’ap kriye, l’ap rele anpil: Rachèl
k’ap kriye pou pitit li yo, li pa vle yo konsole l’, paske yo mouri”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a rakonte nou yon
istwa trajik. Ewòd asasine yon pakèt tilezanj. Istwa sa montre
nou depi lontan lèzòm jalou, yo egoyis, yo renmen pouvwa, youn ap dechire lòt.
Nan yon fason espesyal, Legliz la prezante nou tout ti inosan sa yo ki t’ap
mouri paske wa Ewòd te aprann gen yon lòt wa Toupuisan ki gen pou vini; kidonk
li pa t’ vle pèdi plas li. Se konsa li te mande pou touye
tout ti gason ki te fèt nan epòk sa.
Nan yon fason oubyen yon lòt timoun sa
yo mouri mati pou Jezi san yo pa t’ ko menm gen lespri. Levanjil la kapab ede
nou konprann tou sitiyasyon k’ap pase nan zafè migrasyon nan mond lan, men yon
fason espesyal pi pre nou la a nan fwontyè nou genyen ant Ayiti ak
Ladominikani.
Nou kapab rann nou kont Jezi li menm tou
li te yon migran: li te oblije kite lakay li pou li t’al refijye li nan yon lòt
kote pou li pa t’ mouri anba pèsekisyon Ewòd. Tout sa
kapab ede nou konprann ke afè migrasyon an pa yon dezonè. Nenpòt ki moun depi
li santi lavi li menase li kapab al chache yon lòt kote pou repoze tèt li. Nan
tan pa nou an, koz yo anpil, nou genyen grangou, lamizè, pèsekisyon politik,
elatriye, k’ap fè moun yo kite kay yo pou yo kapab al chache yon lavi pi
trankil, yon lavi miyò.
Li enpòtan pou nou trete moun sa yo ak
diyite paske malgre sitiyasyon lavi yo, se pitit Bondye yo ye. E lè dwa sa yo
pa respekte, li enpòtan pou nou mande otorite konpetan yo pou travay pou yo
kapab respekte, paske se yon dwa nou genyen kòm moun.
Nan levanjil la tou nou kapab kontanple
kesyon obeyisans la tou. Jozèf pa t’ fè tèt di lè Bondye te pale ak li. Pou li
te kapab sove lavi ti Jezi, li te leve nan mitan lannuit la ansanm ak fanmi li,
san li pa t’ menm konn kote yo t’a prale, yo t’ap chache yon kote pou refijye
tèt yo. Li enpòtan pou mesye marye yo kapab pran ekzanp Jozèf la nan fanmi yo,
se pa fè timoun nan epi lage manman, li enpòtan pou mesye yo kapab sèvi bon anj
gadyen pou fanmiy yo, pou yo kapab sousye pou madanm yo, pitit yo. Yon lòt fwa
ankò Jezi montre nou lavi a pa fasil, pèsekisyon n’ap toujou jwenn sa, paske li
menm tou li te soufri, yo te pèsekite li. Kidonk soufrans sa yo pa dwe sèvi
baryè pou nou sispann lite nan lavi nou. Konfyans nou dwe toujou rete nan
Bondye paske se li menm sèlman ki kapab ba nou limyè nou merite pou nou kapab
depase sitiyasyon difisil yo.
Pandan n’ap batay pou konbat
enjistis nan sosyete nou yo ann fè jefò chak jou pi plis pou nou kapab mete
konfyans nou nan Bondye nou an.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm jodi a mati inosan yo fè lwanj ou san yo pa pale men nan mouri yo mouri
a tanpri, fè lafwa w’ la, lang nou ap deklare a, nou deklare l’ tou nan konduit
nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè
efò pou m’ kontribiye nan fè respekte dwa tout timoun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario