Koulè Blan
JAN KI SEN, Apot, Evanjelis
(Fèt)
PREMYE
LEKTI
“Sa nou wè a ak sa nou tande a,
nou anonse nou li”
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1,
1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Sa k’ te nan kòmansman an, sa nou
te tande a, sa nou te wè ak je nou yo, sa nou te konsidere a, sa men nou te
touche a nan pawòl lavi a; Lavi a manifeste, nou wè, nou sèvi temwen, nou
anonse nou lavi tout tan an, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an. Sa nou
wè a, nou tande a, nou anonse l’ ba nou, pou nou kapab gen patisipasyon avèk
nou, pou patisipasyon nou avèk Papa a avèk Pitit li a, Jezikri. Nou ekri nou
bagay sa yo pou nou gen kè kontan, pou kè kontan nou an plen nèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6. 11-12
R/ Fete nan Granmèt la, nou menm
ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt
zile yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’,
jistis ak jijman se platfòm twòn li.
Mòn yo fonn tankou lasi devan
fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout
pèp yo wè glwa l’.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk
la, ak kè kontan pou kè ki dwat yo,
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo,
fè konpliman pou souvni l’ ki
sen.R.
LEVANJIL
“Lòt disip sa a kouri devan pi vit pase Pyè, li rive an premye bò kavo
a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
20, 2-8
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn
kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmn an, li di yo: “Yo
leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoze li”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo
rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou le de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi
vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki
poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive tou, li antre nan
kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak mouchwa ki te sou tèt li a, men ki
pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a
atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye bò kavo a, li wè, li kwè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti a Apot Jan ke n’ap fete
jodi a vin di nou ke Jezi Pitit Bondye a te deja ekziste anvan tout bagay. Se “Lavi
tout tan, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an”. Avèk Jezi Bondye vin
vizite nou. Li fè l’ tounen moun pou l’ kapab vin viv nan mitan nou. Li vini
tou pou l’ te ka montre n’ chemen kote Papa a ye a. Avèk Jezi, Bondye vin fè
yon lòt Alyans avèk pèp li a. Se poutèt sa moun ki tande pawòl li a ap gen lavi
ki p’ap janm fini an, paske Bondye n’ap sèvi a se Bondye lavi li ye; se li menm
ki sous lavi a. Men malerezman lèzòm pa resevwa l’; yo pa rekonèt se Pitit
Bondye li ye, se poutèt sa yo klouwe l’ sou yon kwa. Men Bondye
Granmèt ki gen tout pouvwa fè l’ leve byen vivan pami mò yo.
Se Bòn nouvèl sa a nou jwenn nan
Levanjil la ki envite nou viv fèt Nwèl la, ki vle di Jezi Pitit Bondye a vin
viv nan mitan nou. Se menn Jezi sa a ke nou pral touye sou kwa a men Bondye ap
fè l’ leve byen vivan. Se konsa Levanjil la di nou ke Mari Madlèn al jwenn Apot
Pyè ak Jan (disip Jezi pi renmen an), li di yo ke gen moun ki gen lè volè kò
Jezi kote li te antere a, paske li pa jwenn li. Apot yo kouri al nan kav la,
Pyè antre an premye epi Jan suiv li; se konsa jan Mari madlèn te di a, yo rive
nan kavo a, yo pa jwenn kò Jezi. Se lè sa a disip Jezi pi renmen an vin sonje
tout pawòl Jezi te di yo anvan li te mouri. Se lè sa a li di Pyè ke Granmèt pa
nan kav la, li leve byen vivan, li pa nan mitan mò yo, li monte l’al jwenn Papa
a jan li te di nou an. Se Bòn Nouvèl sa a li voye n’ al bay tout patizan yo.
Menm jan ak Apot Pyè ak Jan ke n’ap fete jodi a, Bondye voye nou pote Bòn
Nouvèl sa toupatou pou nou kapab envite tout moun prepare kè yo pou yo reseswa
Jezi Pitit Bondye k’ap vin viv nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm ki louvri sekrè Pawòl ou a ba nou pa lentèmedyè apot Jan ki sen,
tanpri, sa li menm li te vide nan zòrèy nou si tèlman byen an, fè nou sezi l’
avèk fòmasyon entelijans ki gen kapasite. Tanpri ede n’ bati ansanm yon sosyete
kote lanmou ak lajistis kapab triyonfe. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan m’ap prepare mwen pou mwen akeyi Pitit Bondye a k’ap vin nan kè
mwen chak jou epi ki gen pou vini kòm Jij pou jije tè a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario