Koulè Wouj
ETYÈN KI
SEN, Premye Mati
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Men mwen
wè syèl yo louvri”
NAN TRAVAY APOT YO
6, 8 10; 7,54-59
Jou sa yo:
Etyèn te plen gras ak fòs, li
t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen
kèk ki leve, yo te fè pati nan kay reyinyon sa yo rele esklav libere yo,
Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Azi yo, yo t’ap
diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap
fè kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li.
Li menm li te plen ak Espri Sen
an, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di:
“Mwen wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”.
Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen
zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vi l’ la, yo kòmanse kalonnen
l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl.
Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak
kout wòch, Etyèn t’ap priye, li t’ap di: “Granmèt, resevwa lespri mwen”.
Pandan l’ap di sa, li dòmi nan
Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPON 30, 3cd-4.6 e 8ab.16bc-17
R/ Se nan men ou, Granmèt, mwen
renmèt lespri m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch
kachèt ak yon kay defans pou ou sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se
ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt lespri
m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a. M’ap danse, m’ap kontan nan
mizerikòd ou a, paske ou voye je sou rabesman m’ nan.R.
Delivre m’ sot nan men ènmi m’
yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo; klere fas ou sou sèvitè w’ la, sove m’ nan
mizerikòd ou a.R.
LEVANJIL
“Se pa
nou menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou an”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
10, 17-22
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Atansyon moun yo; y’ap renmèt
nou nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo, y’ap kondui nou devan
prefè ak wa yo poutèt mwen, kòm temwayaj pou yo ak pou nasyon yo. Lè yo renmèt
nou, pa kalkile ki fason oubyen ki sa n’ap di; y’ap ba nou nan lè sa a menm sa
pou nou di.
Sèke se pa nou menm k’ap pale,
men Lespri Papa nou k’ap pale nan nou. Frè ap renmèt frè nan lanmò, ni papa ap
renmèt pitit, pitit ap leve kont paran yo, y’ap fè touye yo, tout moun ap rayi
nou poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere jous nan finisman, se li menm k’ap
sove”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nan
Legliz katolik la, n’ap fete yon zanmi Bondye ki rele Etyѐn. Etyѐn se te
yon patizan Jezi, li te sibi anpil pèsekisyon, e se konsa li te aksepte mouri
mati pou koz Bὸn Nouvѐl la.
Ann gade sa moso Labib yo di nou
sou gwo nѐg sa a ki
pa t’ pѐ riske
lavi li pou kὸz Pawòl
Bondye a. Nan premye moso labib la, nan liv travay Apot yo, nou wѐ kὸman Etyѐn t’ap
preche nan kay reyinyon an epi tout moun ki te ènmi laverite a te resevwa mesaj
li yo trѐ mal,
sitou lѐ Etyѐn te di,
aprѐ li fin
fikse syѐl la : “Mwen
wѐ syѐl la ouvѐ, ak pitit
moun nan ki kanpe adwat Papa l’’. Yo mete rele, yo pran Etyѐn, yo
mete l’ deyὸ, yo kalonnen l’anba kout wὸch, pandan li menm li t’ap mande Bondye
resevwa lespri li. Nou kapab di, tout moun sa yo ki t’ap koute Etyѐn nan, se
yon pakѐt moun lespri yo te bouche, yo pa konnen kisa yon moun ka fѐ oubyen ka
di anba pouvwa Lespri Sen an.
Pi devan, nan Levanjil la nou wѐ
kote Jezi te gen tan ap anonse apot yo sa k’ap tann yo pi devan. Li di yo pa
fye moun yo paske yo va kondwi yo devan tribinal, yo va ba t’ yo nan kay
reyinyon yo, tout sa, poutѐt mwen. Sa ki pi enteresan, sѐke lè yo va genyen pou
yo reponn akizasyon yo, se pa yo menm k’ap pale men se Lespri Papa a k’ap pale
nan yo. Nou kapab di se tout pawὸl sa a yo Etyѐn te mete an pratik ki fѐ li pa
t’ pѐ pale, li pa t’ pѐ pran imilyasyon, li pa t’ pѐ pran kout wὸch jiskaske yo
te rive touye l’. Nou menm kretyen, konbyen fwa, nou rive nan wout, nou fѐ bak
devan pwoblѐm, devan difikilte, devan sa moun ap di sou nou poutѐt n’ap fѐ
travay Bondye a.
Men nan finisman Levanjil la
Jezi di nou klѐ: “Tout moun va rayi nou poutѐt mwen, men moun k’ap pѐsevere
jous nan finisman, se li menm k’ap sove’’. Jis jounen jodi a, gen anpil fὸs
fѐnwa ki anpeche nou fѐ travay anonse Bὸn Nouvѐl Jezikri a paske mesaj sa a yo
deranje yo. Menm jan avѐk Etyѐn, fὸk nou toujou vanyan, pou nou pa pѐ anyen
paske Jezi fѐ nou sonje li chita adwat Papa a, epi l’ap akonpanye nou chak jou
jiskaske tan yo fin rive bout.
LAPRIYÈ:
Granmèt,
tanpri, fè nou pran modèl sou sa n’ap sèvi-a, pou nou aprann renmen lènmi nou
yo, paske n’ap fete nesans sa a ki te konn priye menm pou moun k’ap pèsekite l’
yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Lapriyѐ
pou tout moun, tout peyi kote moun ap sibi pѐsekisyon pou kὸz Bὸn Nouvѐl
Jezikri a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario