Koulè
Blan
NESANS GRANMÈT LA
(Gran Fèt)
NB : POU
MÈS GRANMATEN AN Y’AP LI :
Premye
lekti : liv pwofèt izayi 62, 11-12
Sòm repons
96, 1 e 6.11-12
dezyèm
lekti : lèt apot pòl ki sen, pou tit 3, 4-7
Levanjil :
lik 2, 15-20
POU MÈS LAJOUNEN AN:
PREMYE LEKTI
“Tout
limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
52, 7-10
Ala bèl yo bèl sou mòn yo, pye
moun k’ap anonse bòn nouvèl la, k’ap preche lapè a, k’ap anonse byen an, k’ap
preche sove Bondye sove a, k’ap di Siyon : «Bondye w’ la wa » ! Men vwa
santinèl ou yo : yo leve vwa yo, y’ap fè lwanj ansanm, paske y’ap wè je nan je
lè Granmèt la ap tounen Siyon.
Fè kè nou kontan, fè lwanj ansanm,
dezè Jerizalèm yo, paske Granmèt la konsole pèp li a, li rachte Jerizalèm.
Granmèt la drese bra l’ ki sen an devan je tout nasyon yo, tout limit tè a ap
wè sove Bondye sove nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
97, 1. 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Sove li
sove a sot nan men dwat li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li
sove a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje mizerikòd li ak verite
l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
sove nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita,
sou gita ak son mizik ; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas
Granmèt la ki wa a.R.
DEZYÈM LEKTI
“Bondye pale avèk nou nan Pitit la”
NAN LÈT EBRE YO 1, 1-6
Lontan, anpil fwa ak anpil
manyè, Bondye te pale ak zansèt yo nan pwofèt yo ; nan dènye jou sa yo, li pale
avèk nou nan Pitit la. Se li menm li enstale kòm eritye tout bagay, se pa
lentèmedyè l’ li te fè tan yo. Li menm ki klète glwa li ak pòtre sa l’ ye a, li
pote tout bagay ak pawòl pouvwa l’ la, li pwòpte peche yo, li chita adwat glwa
a nan anwo nèt la ; li gen pi gran plas pase Mesaje yo, non li eritye a pi gran
anpil pase pa yo a.
Kilès nan
zanj yo Bondye te di : «Se Pitit mwen ou ye, mwen menm jodi a mwen anfante ou »
? Epi tou: « M’ap yon papa pou li, li menm l’ap yon pitit pou mwen ». Epi, lè
l’ap fè Premye Pitit la antre sou fas tè a li di: «Se pou tout zanj Bondye yo
adore l’ ».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen moun, li abite nan
nou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la,
Pawòl la te kot Bondye, se Bondye Pawòl la te ye. Li te kot Bondye nan
kòmansman. Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan
sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te
limyè lèzòm ; limyè a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te
rele l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun
te kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab
sèvi limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere
tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a fèt,
men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’,
li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa
fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot
nan Bondye.
Pawòl la vin tounen moun, li
abite nan nou; nou wè glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a,
plen favè ak verite.
Jan sèvi l’
temwen, li rele byen fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini
apre m’ nan, li pran plas devan m’, paske li te la anvan mwen”; nan sa l’ ye
anplen an, nou tout nou resevwa, epi gras pou gras. Sèke lalwa a yo te bay li
pa lentèmedyè Moyiz, gras la ak verite a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive.
Bondye, pèsòn pa janm wè l’; sèl Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li
montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Nwèl la rive! Kè nou kontan! An
nou youn pataje kè kontan sa ak lòt! Nwèl se Jezi ki vin kraze dènye chenn.
Pandan fèt sa a, Bondye vle montre nou, li pa yon Bondye k’ap viv lwen nou, li
pa yon Bondye ki rete sou yon lòt planèt, men l'ap mache ansanm avèk nou.
Fèt sa a fè nou dekouvri kòman Bondye vin fè youn avèk nou, Li
pran fòm moun pou li kapab montre nou kijan li pataje menm reyalite ak nou e
kijan li kapab konprann nou nan tout sitiyasyon lavi nou.
Jou 25 desanm nan raple nou Emanyèl ki fèt. Emanyèl ki vle di
Bondye-avèk-nou. Menm jan lè yon etranje vin lakay nou, nou fè pwòpte pou nou
akeyi li, ebyen mwen panse pandan Tan Lavan an, nou te fè tout sa ki nesesè
tankou ale legliz, konfese, netwaye tout sa ki dwe netwaye nan lavi nou pou
kapab akeyi Sovè nou an nan gran jou sa a.
Youn nan gwo mistè nou jwenn nan Levanjil la, se mistè Enkanasyon an: Bondye ki fè li tounen
moun pou li kapab sove nou. Sa rèd anpil lè w’ wè yon moun vin lakay ou epi ou
pa resevwa l’. Sa te toujou konn rive; anpil kote Jezi
pase yo pa t’ resevwa li, e jis jounen jodi a, anpil moun pa resevwa Jezi lakay
yo. Lè nou gade mond nou an jodi a, nou mande nou èske anpil nan moun sa yo gen
Jezi nan lavi yo. Tout vye konpòtman fin anvayi nou.
Anpil fwa nou pale de Jezi, nou pale de labib,
ata goumen nou goumen sou non li. Men lè nou desann nan fon kè nou pou nou ta
wè nou konbyen ki fè volonte li an reyalite, sa ta ba nou lapenn.
Nou menm ki di nou se kretyen,
nou menm ki di n’ap suiv Jezi, se nou ki ta dwe bay premye ekzanp, men elas!
Èske li toujou konsa vre? Mwen rete sèten si nou tout ki di nou se kretyen nou
te viv daprè kòmandman Gran Frè nou Jezi te ba nou yo, nou t’ap genyen yon lòt
mond, tout bagay t’ap chanje tout bon.
Nan gran jou sa a, li enpòtan pou nou
aksepte Jezi ak tout nou menm. Resevwa li, se viv jan li te konn viv, viv jan
li mande nou pou nou viv, kwè nan li, idantifye nou ak li. Levanjil la prezante
nou Jezi tankou yon limyè. Ebyen zanmi Sous Lavi yo, ann travay pou menm jan ak
Jezi lavi nou kapab tounen yon limyè, yon modèl pou lòt moun kote n’ap viv yo,
pou nou kapab travay pou nou chanje mond nou an.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm ki fè kè nou kontan chak ane antan n’ap tann redanmsyon nou an, tanpri,
Sèl Pitit ou a, li menm nou resevwa ak kè kontan an kòm Redanmtè a, fè nou
merite wè l’ tou avèk asirans lè l’ap vini kòm Jij la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap
kontinye fè sa m’ kapab pou fason m’ap viv kapab reprezante yon modèl, yon
limyè pou moun m’ap rankontre sou wout mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario