Páginas

SAMDI 24

Koulè Blan.
Lamès Vijil: Tan Nwèl
Iz 62, 1-5; Sòm 88; Travay 13, 16-17.22-25; Mt 1, 1-25
Pou mès nan mitan nwit la: Iz 9, 1-3.5-6; Sòm 95; Tit 2, 11-14; Lk 2, 1-14

״Nan Mès maten״
PREMYE LEKTI
"Reny David la ap kanpe pou tout tan devan fas Granmèt la".
LEKTI DEZYÈM LIV 2 SAMYÈL7, 1-5.8b-12.16
Rive lè wa David fin enstale nan lakay li, lè Granmèt la fin ba l repo tout kote sot anba men tout lènmi l yo, li di pwofèt Natan: "Gade kijan mwen menm mwen abite nan kay ki fèt ak planch bwa pen, epi bwat kontra Bondye a menm depoze nan mitan yon joupa". Natan di Wa a: ''Tou sa ki nan kè ou, al fè l, paske Granmèt la avèk ou", Rive nan nwit sa a menm, pawòl Granmèt la rive kot Natan, li di: "Al di David sèvite m nan: "Men pawòl Granmèt la: Èskè se ou menm k ap bati yon kay ban mwen pou m abite? Se mwen menm ki te pran ou sot nan savann zèb la, lè ou t ap swiv bann mouton yo, pou ou te kapab vin chèf sou pèp mwen Israyèl, mwen te avèk ou nan tout okazyon tout kote ou te pase, mwen te touye tout lènmi ou yo sot devan fas ou; mwen te fè ou vin gen yon non ki gran tankou non gran moun yo ki sou tè a. M ap mete yon kote pou pèp mwen Izrayèl, m ap plante l, l ap abite la, li pap nan ke sote ankò; pitit mechanste yo p ap vin pou yo trakase l tankou anvan, depi jou mwen te enstale jij yo sou pèp mwen Izrayèl la. M ap ba ou repo sot anba men tout lènmi ou yo, Granmèt la avèti ou davans se Granmèt la k ap fè yon kay pou ou. Lè jou ou yo ap fin rive nan limit yo, epi ou ap dòmi ansanm avèk zansèt ou yo, m ap fè desandans ou leve aprè ou, sa k soti nan vant ou a; m ap konsolide reny li, m ap yon papa pou li, li menm l’ap yon pitit pou mwen.
Kay ou a ap fidèl, ni reny ou a jous pou tout tan devan fas ou, fotèy ou a ap solid pou tout tan".
Pawòl Granmèt la.
SOM 88, 2-3.4-5.27e29
R/ Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sekè mwen te di :"Pou tout tan kè sansib la bati, nan syèl la ou asire verite ou la.R.
Mwen regle kontra avèk sila a mwen chwazi a, mwen fè  sèman bay David, sèvite m’ nan pou tout tan m’ap asire desandans ou a, m’ap drese fotèy ou pou jenerasyon ak jenerasyon".R.
L’a rele m’, l’a di m’: "Se Papa m’ ou ye, Bondye delivrans mwen". Pou  tout tan m’ap kenbe kè sansib mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li.R.
LEVANJIL
"Solèy k’ap leve a vin vizite nou sot anwo a.
+ LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ LIK 1, 67-79
Lè sa a: Zakari, papa Jan, vin plen ak Lespri Sen an, li fè deldarasyon pwofèt, li di : "Konpliman pou Granmèt la Bondye Izrayèl, paskè li vizite pep li a, li delivre l; li drese yon kòn .1.·livrans pou nou nan kay David sevite l la.jan l te pale nan houch sen yo, ki te la depi siek tan, pwofèt li vo: delivrans sot nan men lenmi nou yo, ak nan men moun ki rayi nou yo : pou l fè kè l sansib avek; zansèt nou yo, pou l’ sonje kontra l’ la ki sen an; sèman li te delklare ofisyèl bay Abraam zansèt nou an, pou 1’ te fè nou favè pou nou san anyen k’ap fè nou pè, pou nou delivre sot nan men lènmi nou yo, pou nou sèvi l’ antan nou sen, nou kòrèk devan l’ tout lavi nou. Kanta ou menm, ti pitit, se pwofèt Sila a ki anwo nèt la y’ap rele ou, sekè w’ap mache pran devan fas Granmèt la pou ou pare wout li yo, pou ou bay pèp li a asirans delivrans la, pou padon peche l’ yo. Gras a zantray kè sansib Bondye nou an, ki fè l’ vin vizite nou kòm Solèy k’ap leve sot anwo a, pou l’ klere sila yo ki chita nan fènwa ak lonbraj lanmò, pou l’ dirije pye nou nan chemen kè poze".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON : Fèt Nwèl la rive, se aswè a. Tout bagay prepare pou nou fete gwo fèt sila.Se toujou yon bèl okasyon pou nou selebre lavi a, renmen ak lajwa nou gen nan kè nou.
Nan jou 24 desanm sa a, ki se pòt antre fèt Nwèl la, n’ap envite w’ medite ak pawòl Zakari, papa Jan, nan lwanj li fè pou Bondye : Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te pwomèt li t’ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. Se konsa l’a gen pitye pou zansèt nou yo.
Tout sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L’ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k’ap leve. Li gen pou l’ klere tout moun k’ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l’ fè nou mache nan chemen k’ap ban nou kè poze a. Kite limyè ki sòti nan syèl la klere lavi w’ pou lajwa fèt Nwèl la kapab dire pou toutan nan lavi ou.
LAPRIYÈ : Fè vit, tanpri, pa mize, Granmèt Jezi, pou antan ou vini an, ou fè konsolasyon ou soulve yo, sa yo ki te met konfyans yo nan bon kè w’ la. Ou menm ki vivan.

PWOPOZISYON : Fè lwanj pou Bondye pou mèvey li reyalize nan lavi m’. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario