Páginas

VANDREDI 23

Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI 
M’ap  voye pwofèt Eli ba nou, anvan jou Granmèt la rive.
LEKTI LIV PWOFÈT MALACHI  3, 1-4; 23-24
Men pawòl Bondye Granmèt: "Men m’ap voye Mesaje m’ lan, l’ap pare wout la devan fas mwen. San zatann l’ap antre nan kay sakre a, Chèf la, n’ap chèche a, Mesaje kontra a, nou anvi a. Men l’ap vini, deklarasyon Granmèt lame yo. Kilès ki kapab kalkile jou l’ap rive a? Epi kilès ki kapab kanpe pou gade l’? Li menm l’ap tankou dife k’ap boule, tankou fèy lesiv; l’ap chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte ajan, l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap netwaye yo tankou lò ak ajan, y’ap vin tounen pou Granmèt la moun k’ap ofri sakrifis nan jistis. Sakrifis Jida ak Jerizalèm nan ap fè Granmèt la plezi tankou jou syèk tan yo, tankou tan lontan yo".
«Men m’ap voye pwofèt Eli ba nou, antan jou Granmèt la rive, jou sa a ki gran, ki terib la. L’ap fè kè papa vire kot pitit yo, epi kè pitit yo kot papa yo, pou m’ pa vin frape tè a ak madichon».
Pawòl Granmèt la.
SÒM 24, 4bc 5ab. 8 9 10 e 14 (r. Lk 21, 28)
R/Gade, leve tèt nou, paske delivrans nou an ap raproche.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, santye ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan santye ou la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen R.
Granmèt la bon, li dwat, se poutèt sa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an; l’ap kondwi moun ki dosil yo nan jijman an. L’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak verite, pou moun ki kenbe kontra l’ak temwayaj li yo. Granmèt la aji an zanmi ak moun ki respekte l’ yo, pou l’ montre yo kontra l’.R.
LEVAN.JIL
Nesans Jan Batis.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 57-66
Elizabèt te rive lè pou l’ anfante, li fè yon ti gason.Vwazen yo ak fanmi yo tande kijan Granmèt la te fè mèvèy kè sansib li avèk li, yo fè kè yo kontan avèk li. Rive, sou uityèm jou a, yo vini pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele l’ non papa l’ Zakari. Manman l’ pran lapawòl, li di: "Non, men y’ap rele l’ Jan". Yo di l’: "Men pa gen pèsonn nan fanmi ou yo rele non sa a". Yo fè papa l’ siy kijan l’ te vle rele l’. Li mande yon adwaz, li ekri, li di: "Jan se non l’ sa". Tout moun sezi. Menm lè a bouch li louvri, ak lang, li pale, li fè konpliman pou Bondye. Sezisman tonbe sou tout vwazen l’ yo; anlè tout mòn Lajide yo, yo t’ap gaye tout bagay sa yo. Tout moun ki tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: "Kisa ti pitit sa a ap ye''? Reyèlman vre men Granmèt la te avèk li.
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la ki gen tout pouvwa.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye jodi a pale nou de lafwa Elizabèt ak Zakari.Yo se madanm ak mouche. Malgre yo te fin granmoun, yo pa t’ gen espwa pitit ankò, Bondye te fè yo kado yon pitit gason. Se ti pitit sa ki ta pral prepare pèp Bondye a nan rele li rele l’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye; sa vle di, chanje kè yo dekwa pou yo kapab akeyi Sovè a, Mesi a, Liberatè a.  
 Pawòl Bondye a envite nou gen konfyans pou n’ kenbe lafwa n’ pi fèm nan Bondye lavi a, epi pou nou prepare kè n’ pou akeyi Sila a pwofèt Malachi te anonse  a. Pawòl Bondye a envite nou konvèti pou nou sispann fè mechanste.
Si nou prepare kè nou, e si nou gen yon lafwa fèm nan Bondye, jou l’ap retounen  an p’ap yon sipriz pou nou, se p’ap yon jou kè sote, men pito yon jou delivrans.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen kwè nan ou ; men mwen twò fèb, tanpri ogmante lafwa m’.

PWOPOZISYON:Si mwen sispann viv nan ipokrizi ak pwochen mwen, si mwen ouvri kè mwen pou mwen akeyi yo, sa va montre Jezi prezan tout bon vre nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario