Koulè Vyolèt.
PREMYE
LEKTI
Án ap di Bondye mèsi pou nesans Samyèl.
PREMYE LIV SAMYÈL 1,24-28
Jou
sa yo: Án mennen Samyèl avèk li, lè l’ fin sevre l’, ansanm avèk yon ti towo
twazan, twa mamit farin ak yon boutèy diven; li mennen l’ lakay Granmèt la nan
Siyon. Ti pitit la te tou piti toujou. Yo sakrifye ti towo a, yo ofri pitit la
bay Eli. Án di: ''Tanpri, mèt mwen, sou
lavi m’ nan ou, mèt mwen; se mwen menm madanm sa a, ki te kanpe devan ou lan,
isit la menm, mwen t’ap lapriyè Granmèt la. Se
pou pitit sa a mwen t’ap lapriyè, Granmèt la ban m’ sa m’ te mande l’ la, se
pou sa mwen menm tou mwen remèt li bay Granmèt la pou tout lavi l’, l’ap toujou
rete pou Granmèt la". Yo adore Granmèt la.
Sa se pawòl Bondye ki gen tout
pouvwa a.
SÒM 1 Sam 2, 1. 4-5. 6-7. 8
R/ Kè
m’ap danse nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè m’ap
danse nan Granmèt la: konnen mwen leve nan Bondye m’ nan; bouch mwen louvri laj kont lènmi m’ yo, paske mwen kontan
nan delivrans ou a. R.
Zam flèch vanyan sòlda yo kase, men fèb yo mare ren yo ak fòs. Sa k’ te
plen lontan yo, y’ap fè jounalye pou moso pen, sa k’ te grangou yo, yo gen vant
plen; madanm ki pa t’ kapab fè pitit la li anfante anpil, sa k’ te gen anpil
pitit la menm li malad.R.
Granmèt la fè moun mouri, li leve yo, li fè yo desann anba tè yo, li ba
yo lavi ankò; Granmèt la fè moun vin pòv, li fè moun vin rich, li rabese yo e
li leve yo.R.
Li leve malere a sot nan
pousyè a, li leve pòv la sòti nan fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ ba l’ fotèy bèlte.R.
LEVANJIL
Li fè
mevèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 46-56
Lè sa a Mari di:
"Nanm mwen ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’ danse nan Bondye ki sovè m’
nan, paske li gade jan sèvant li a pòv. Reyèlman vre men depi
koulye a tout jenerasyon ap di jan mwen gen chans, paske li fè gran mèvèy pou
mwen, sila a ki gen pouvwa a, non l’ sen. Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo. Li
fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen logèy nan kè yo. Li
jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen
sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid. Li soutni Izrayèl,
sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraram
ak ras li pou tout tan". Mari rete avèk Elizabèt twa mwa konsa, aprè sa,
li tounen lakay li.
Annou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jou Fèt Nesans Kris la,
prèske rive! Se nan kè nou Jezi vle
fete. Se poutèt sa litiji jodi a envite nou reflechi nan de (2) dimansyon enpòtan
nan preparasyon pèsonèl n’ap fè pou nou ka resevwa Jezi, Pitit Bondye a.
Premye dimansyon sa, se atitid rekonesans ak
gratitid nou genyen devan Bondye Granmèt la. Nan litiji jodi a n’ap reviv istwa
de medam yo, Án ak Mari, ki se ki se yon gwo ekzanp pou nou; yo rekonèt ak tout
kè yo tout mevèy Granmèt la fè nan yo. Paske pa gen anyen ki enposib pou li.
Jodi a, se yon gran jou pou nou reflechi pou
tout gras nou jwenn chak jou nan men Bondye Granmèt la e pou nou di li mèsi,
pou favè li fè nan lavi nou.
Dezyèm dimansyon refleksyon jodi a, nou jwenn
li nan levanjil la ki se chan « Manifikat la », se yon kokenn chenn
mesaj pwofetik, men li tankou yon chan esperans nan Granmèt la ki leve tèt moun
ki pi piti yo, moun ki pi pòv yo, moun sosyete a pa bay anpil enpòtans yo, moun
ki senp yo e ki gen kè yo senp, moun ki rekonèt vrèman se Bondye ki tout yo,
moun ki pa pran pòz gran panpan yo, ki pa gade moun sou aparans.
Bondye mete l’ toujou bò kote moun sa yo, se yo ki preferans li, li menm
identifye l’ avèk yo.
Jodi a se yon gran okazyon pou nou reflechi sou
lanmou espesyal Bondye gen pou nou an. Kòm pèp ayisyen, nou se youn nan pèp ki
pi pòv nan lemond, sa fè nou ka di nou se pèp preferans Bondye Granmèt la, malgre
soufrans ak mizè nou. Konsa tou, nou dwe renouvle espwa nou nan Bondye antan
n’ap travay ak desizyon pou peyi nou an kapab delivre, paske Bondye se sekou
moun ki pa gen sekou.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou rekonèt tout mevèy ou fè nan nou yo, ede n’
prepare kè n’ pou n ka resevwa w’ tout bon vre. Amèn
PWOPOZISYON: Rekonèt mèvèy Bondye reyalize nan lavi w’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario