Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
״Men
renmen m nan ap vini, l ap sote sou mòn yo״.
LEKTI KANTIK DE KANTIK 2, 8-14
Vwa renmen m’ lan: men l’ap vini, l’ap vòltije sou mòn yo, l’ap sote sou
ti wotè yo. Renmen m’ nan tankou yon kabrit, yon pitit mouton. Men li, li kanpe
dèyè miray nou an, l’ap gade nan fenèt yo, l’ap obsève nan pesyèn yo. Men
renmen m’ nan ap pale avèk mwen:"Leve, fè vit, zanmi m’, toutrèl mwen,
bèlte m’, Tan frèt la deja pase, lapli a pati, al fè wout li, Flè yo parèt sou
tè nou an, tan womans yo rive; nou tande vwa toutrèl la sou tè nou an; pye fig
frans la donnen premye fwi l’ yo, pye rezen yo fleri, yo bay bon lodè. Leve, zanmi m’, bèlte
m’, vini, toutrèl mwen, nan fant wòch la, nan twou falèz la. Montre m’ fas ou,
vwa ou sonnen nan zorèy mwen; vwa ou dous, figi ou bèl", "Wa Izrayèl la se
Granmèt la nan mitan ou".
Pawòl Granmèt la.
LEKTI LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18a
Fè lwanj, pitit fi Siyon! Bat bravo, Izrayèl! Fè kè ou kontan, se pou
ou danse ak tout kè ou, pitit fi Jerizalèm! Granmèt la wete kondanasyon ou lan,
li detounen lènmi ou yo; Wa Izrayèl la, Granmèt la, nan mitan ou, ou p’ap
bezwen pè malè ankò. Jou sa a, y’ap di Jerizalèm: pa pè, Siyon pa kite men ou
febli. Granmèt Bondye ou la nan mitan nou, li fò, se li menm k’ap sove w’; l’ap
kontan anpil pou ou, l’ap fè silans nan kè kontan l’ lan, l’ap danse e l’ap fè
lwanj pou ou".
Sa se pawòl Bondye ki gen
pouvwa a.
SÒM 32, 2-3. 11-12. 20-21
R.Fète
pou Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, chante yon kantik nouvo pou li.
Fè lwanj pou Granmèt
la, sou gita, sou enstriman dis kòd la,
chante pou li.
Chante yon kantik
nouvo pou li, jwe mizik byen pou li avèk gran bravo.R.
Men plan Granmèt la
rete pou tout tan, kalkile l’ nan kè n’ pou jenerasyon an jenerasyon.
Se chans pou nasyon
an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kò m’eritaj li a.R.
Nanm nou ap konte sou
Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye; paske se nan li kè nou
ap fete, se nan non l’ ki sen an n’ap espere.R.
LEVANJIL
Kilès mwen ye pou manman Sovè m’ nan vin vizite m’.
LEKTI LEVANJIL Kl SEN AN DAPRÈ LIK 1,39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati ale nan mòn yo byen
vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt, Rive, kon
Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la
pran danse nan vant li, epi Elizabèt vin ranpli ak lespri Sen an, li
rele byen fò, li di: "Ou beni nan pami tout fi, epi li beni tou fwi vant
ou a, Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade,
kon vwa ou rive nan zorèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la pran danse nan
vant mwen ak kè kontan. Se chans pou ou, paske ou te kwè, paske sa Granmèt la
voye di ou yo, y’ap reyalize".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, tèks Levanjil la
koresponn ak 2èm. Mistè lajwa nou abitye medite nan Wozè a: «Mari vizite kouzin
li, Elizabèt». Se yon vrè mistè! Se premye gwo rankont nan listwa ki manifeste
yon gwo lajwa konsa! Kè kontan Mari a ki vin tounen
manman, granmesi lagras Bondye ak aksyon Lespri Sen an! Mo «gaudium» (nan lang
laten), se pou pale de yon kè kontan ki pwofon, yon lajwa ou santi sou pa
anndan e ki pa manifeste sou pa deyò, se yon gwo lajwa nan fon kè w’. Poutan
tèt mòn Jide yo ranpli ak lajwa. Mari tresayi tankou yon manman ki fèk aprann
pitit li a pa lontan fèt…epi ki Pititi!
Elizabèt
ranpli ak lajwa, menm jan ak ti pitit la ki sote nan vant li a. Tout moun ta
pral konnen pawòl kouzin Mari a: « Li beni w’ pase tout fi e li beni pitit ou
fè a» (Lik 1,42). Lapriyè Wozè a, kòm sous lajwa, se yon nan nouvo pèspektiv ke
Jan Pòl 2 te devwale nou nan Lèt Apostolik ki te gen kòm tit «Wozè Mari a».
Lajwa
ak lafwa, se 2 bagay nou pa kapab separe.«Kilès mwen ye pou manman Sovè m nan
vin vizite m’» (Lik 1,43). An nou akeyi kè kontan sa a
antan nou ouvri kè nou pou nou kite Bondye ranpli nou ak gras li, tankou Mari.
LAPRIYÈ:Granmèt,
menm si nou tris, fè nou sonje nou gen plis rezon pou kè nou kontan nan
Jezikri.
PWOPOZISYON:Menm jan ak Lavyèj Mari,
m’ap fè mwen disponib pou Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario