Páginas

MADI 20

Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
Men tifi ki vyèj la ap vin ansent.
LEKTI LIV PWOFÈT lZAYI  7, 10-14
Jou sa yo, Granmèt la pale avèk Akaz, li di: "Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la". Akaz di: "Mwen p’ap mande, mwen p’ap eseye Granmèt la". Izayi di: "Koute non, kay David: Èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pou sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy Men Vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’Emanyèl, paske Bondye avèk nou",
Pawòl Granmèt la.
SOM  23, 1·2. 3 4ab. 5-6 
R/Granmèt la ap antre: li se wa bèlte a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo. R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an? Moun ki gen men l’inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi. R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ lè moun vin kòrèk la nan men Bondye delivrans li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
Men w ap ansent,w ap anfante yon ti gason.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 26-38
Sou sizyèm mwa a Bondye voye mesaje Gabriyèl nan yon vil Lagalile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari. Mesaje a antre kote l’, li di: "Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi", Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a. Mesaje a di l’: "Pa pè, Mari; ou jwenn favè kot Bondye: men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ fotèy David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini", Mari di Mesaje a: "Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans lèzòm?" Mesaje a reponn, li di l’: "Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sila a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pou sa sila a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sila a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot Bondye". Mari di: "Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a", Mesaje a pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Semèn sa a, antan n’ap tann pwomès Bondye a, Legliz la mete Lavyèj Mari, Manman Jezi ak Manman nou tout, kanpe sou de pye l’. Tout lekti n’ap li gen pou wè avèk gran fanm sa a. Jodi a, Zanj Gabriyèl vin anonse Mari li pral Manman Pitit Bondye a. "Pa pè, Mari; ou jwenn favè kote Bondye: Men, ou pral ansent ou pral fè yon ti pitit gason, w’ap rele non l’Emanyèl. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila a ki anwo nèt la. Granmèt la va ba li fotèy Wa David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li an p’ap janm fini". Repons Mari a te pozitif, li ofri tout li menm pou fè volonte Bondye. Menm si li te toujou nan dispozisyon Bondye Granmèt la. Avan, Mari te pote Pitit Bondye nan kè li. Mari te toujou di wi ak tout senserite. Pou sa, Mari se gwo modèl lafwa nou, se gwo modèl disip Jezi, sa vle di, se yon manman ke nou tout pitit dwe swiv si tout bon vre nou vle mache dèyè Jezikri Pitit li a.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, menm jan ak Manman Mari, aprann nou angaje nou san kondisyon pou nou kolabore nan plan delivrans ou a.

PWOPOZISYON: Jodi a, fè yon wozè pou w’ mande Maman Mari yon kè menm jan ak li pou w’ resevwa Jezi Pitit li a nan tan Nwèl la. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario