Páginas

LENDI 19

Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
״Nesans Samson an Mesaje a anonse a״
LEKTI LIV JIJ YO 13, 2-7. 24-25a
Jou sa yo: Te gen yon mesye nan Zora nan ras Dann, yo te rele l’ Manoak, li te gen yon madanm ki pa t’ kapab fè pitit; Mesaje Granmèt la parèt devan madanm nan; li di l’: "Fè atansyon pou ou pa bwè diven ak bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; paske ou a pral ansent, w’a fè yon ti gason, razwa pa dwe touche tèt li: sèke li konsakre pou Bondye depi l’ tou piti, depi l’ nan vant manman, se li menm k’ap kòmanse delivre Izrayèl sot nan men Filisten yo". Lè mari l’ rive, madanm nan di l’: "Gen yon mesye Bondye ki te vin kote m’, li te gen fas yon mesajè, li te fè kè m’ sote anpil. Lè m’ mande l’ kilès li te ye epi ki kote li te sòti epi ki non l’, li pa t’ vle di m’; men li reponn mwen konsa: Men ou a pral ansent epi w’ap anfante yon ti gason, fè atansyon pou ou pa bwè diven ni bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; sèke ti pitit la ap konsakre pou Bondye depi l’ tou piti, depi l’ nan vant manman l’ jous jou lanmò li".
Konsa li fè yon ti gason, li rele non l’ Samson. Ti gason an grandi, Granmèt la beni l’, Lespri Granmèt la kòmanse vin avèk li nan abitasyon moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.
Sa se pawòl Bondye ki gen pouvwa a.
SÒM 70, 3-4a. 5 6ab. 16-17 
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou, Granmèt,
 Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl ak yon kay defans pou ou sove m’, paske wòch mwen ak kachèt mwen, se ou menm, Bondye mwen, wete m’ nan men moun peche a. R
 Paskè se ou menm ki esperans mwen, Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn, se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant, depi m’ nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R
 M’ap vin kot pouvwa Granmèt la: Granmèt, m’ap sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ lansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R
LEVANJIL
"Nesans Jan Batis, Gabriyèl anonse a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 5-25
Nan tan Ewòd yo, wa Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari, nan ras Abya, madanm li te sòti nan yon fanmi Arawon, non l’ se te Elizabèt.Yo toulède te kòrèk devan Bondye, yo te obeyi tout kòmandman ak desizyon Granmèt la san kont. Men yo pa t’ gen pitit, paske Elizabèt pa t’ kapab fè pitit, yo toulède te avanse nan laj yo. Rive, pandan li t’ap fè sèvis prèt li nan ran klas li devan Bondye, daprè abitid prèt yo, sò a tonbe sou li pou l’ prezante lansan antan l’antre nan kay sakre Granmèt la; tout foul pèp la te deyò, yo t’ap li priyè pandan lè lansan an. Mesaje Granmèt la parèt devan l’, li kanpe adwat lotèl lansan an, Zakari twouble lè l’ wè sa, sezisman tonbe sou li. Mesaje a di l’: "Pa pè, Zakari, yo tande lapriyè ou la; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan nesans li, Sèke l’ap gran devan Granmèt la, li p’ap bwè diven ak alkòl, l’ap plen Lespri Sen an depi nan vant manman l’. L’ap fè anpil pitit Izrayèl yo tounen kot Granmèt Bondye yo a. Li menm l’ap mache devan l’ nan lespri ak pouvwa Eli, pou l’ fè kè papa yo vire kot pitit yo, pou l’ fè moun ki pa kwè yo vin gen entelijans moun kòrèk yo, pou l’ pare yon pèp ki kòrèk nèt pou Granmèt la. Zakari menm di Mesaje a. "Kòman m’ap fè konn sa? Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen avanse nan jou l’ yo". Mesaje a reponn, li di l’: "Se mwen menm Gabriyèl, ki kanpe devan Bondye; li voye m’ pou m’ pale ak ou, epi pou m’anonse ou bòn nouvèl sa yo. Ebyen men ou a pral bebe epi ou p’ap kapab pale jous nan jou bagay sa yo ap fèt, poutèt ou pa t’ kwè pawòl mwen yo, k’ap reyalize nan tan yo". Foul la menm t’ap tann Zakari, yo te sezi poutèt li te mize nan kay sakre a. Lè l’ sòti menm li pa t’ kapab pale avèk yo, yo te rekonèt se yon vizyon li te genyen nan kay sakre a, Li menm menm li t’ap fè yo siy, epi li te rete bèbè.
Rive, lè jou sèvis li yo fini, li pati al lakay li. Aprè jou sa yo, Elizabèt madanm li vin ansent, li te ret kache, pandan senk mwa, li t’ap di: "Se konsa Granmèt la aji avèk mwen, nan jou sa yo, kote li voye je pou l’ wete lawont mwen an nan pami lezòm yo".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON : Jodi a, Anj Gabriyèl anonse Prèt Zakari nesans «mirakilez» Jan Batis, sila ki pral prepare misyon Mesi a. Bondye, nan lanmou li ki si tèlman gran an, li prepare nesans Jezi avèk nesans Jan. Malgre Elizabèt te esteril, li pa t’ kapab fè pitit, se pa grav. Bondye vle fè mirak la pou nou paske li renmen nou, nou menm ki se zèv men li.
Men Zakari pa manifeste vizyon mirak lafwa a: «Kòman m ap fè konn sa? (Lik 1,18). Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen avanse nan jou l yo.» (Lik 1, 18) Li sèlman wè bagay yo avèk je moun. Li manke lafwa k’ap ede l’ wè plan Bondye yo toujou pi gran ke plan pa nou. Anj la wè Zakari tankou yon moun ki mal pou konprann plan Bondye.
Kòm pa rete anpil jou avan Nwèl la, sa ki enpòtan, se pou Anj Granmèt la jwenn nou prepare tankou Mari. Fòk nou eseye retan nan prezans Bondye pandan tout lajounen an, nou dwe aprann renmen Jezi pi plis antan n’ap lapriyè, antan n’ap resevwa Lekaristi a ak anpil devosyon: paske Jezi fèt e li vin jwenn nou!  Nou pa dwe pèdi vizyon mirakilez la nan tout aktivite lavi nou yo: nan travay pwofesyonèl nou, nan etid nou, nan apostola, e menm nan move moman jounen an. Anyen pa chape anba lanmou Bondye a! Avèk zanj yo ak Granmèt la, n’ap kolabore pou plan Bondye reyalize.
LAPRIYÈ: Granmèt, louvri bouch mwen pou m’ fè lwanj ou, louvri kè mwen pou m’ ka renmen frè ak sè m’ yo, louvri men m’ pou m’ ka pataje ak sa k’ap soufri yo, louvri zorèy mwen pou m’ kapab tande Pawòl ou a, louvri entelijans mwen pou m’ ka konprann volonte w’. Pa pouvwa Jezikri. Amèn!

PWOPOZISYON:Atravè yon pwosesis disènman, dekouvri nan lavi w’ ki misyon espesyal Jezi konfye w’ jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario