Koulè
Vyolèt
KATRIYÈM
DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
“Men vyèj
la ap vin ansent”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
7, 10-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li
di: “Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la
anwo nèt la”.
Akaz di: “Mwen p’ap mande, mwen
p’ap tante Granmèt la”.
Izayi di:
“Koute, kay David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap
fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’
Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Granmèt la ap antre: se li menm
wa glwa a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’
plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou
lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt
la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’
nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon
nan men Granmèt la ak jistis nan men Bondye Sovè l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’
yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM LEKTI
“Jezikri,
nan ras David la, Pitit Bondye”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 1,
1-7
Pòl, sèvitè Jezikri, li menm yo
rele kòm apot, yo mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, bòn nouvèl sa a Bondye te
pwomèt davans pa lentèmedyè pwofèt li yo nan sa k’ ekri yo ki sen an, osijè
Pitit li a, ki vin fèt pou li sot nan ras David la daprè chè a.
Li menm ki te prevwa davans kòm
Pitit Bondye nan pouvwa a daprè Lespri k’ap fè nou vin sen an, gras a
rezireksyon nan pami mò yo, Jezikri Granmèt nou an. Se pa pouvwa l’ nou resevwa
gras avèk misyon apot pou reyalize obeyisans lafwa nan tout nasyon yo pou non l’,
nou menm ki nan pami nasyon sa yo, Jezikri rele nou tout: Pou nou tout ki a
Wòm, nou menm Bondye renmen an, nou menm li rele pou nou vin sen an, gras pou
nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt nou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Jezi
fèt sot nan Mari, ki te fiyanse avèk Jozèf, pitit David la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt.
Lè manman l’ Mari te fiyanse
avèk Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li te vin ansent pa pouvwa Lespri
Sen an. Jozèf menm, mari l’, kòm li te kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li
te vle ranvwaye l’ankachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj
Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li di : « Jozèf, pitit David, pa pè resevwa
Mari, madanm ou an ; sèke sa k’ fèt nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti.
L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi ; se li menm k’ap sove pèp li
a sot nan peche l’ yo».
Tout sa rive pou pawòl Granmèt
la te di pa lentèmedyè pwofèt la rive vre : « Men vyèj la ap vin ansent, l’ap
anfante yon ti gason ; y’ap rele non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou ». Lè
Jozèf leve sot nan dòmi, li fè jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li resevwa
madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Sa fè prèske 4 semѐn, n’ap
prepare nou pou nou fete yon gwo evènman nan lavi nou tankou pѐp Bondye.
Jodi a, nou rive nan dѐnye
dimanch nan Tan Lavan an, sa vle di nan dѐnye bout
chemen pou nou fete gwo fѐt sa a, ki
se fѐt Nwѐl la, fѐt nesans
Sovѐ nou an. Kὸm nou
tou pre fèt Nwѐl la, ann gade ki mesaj lekti yo pote pou nou jodi a.
Daprè tѐks Legliz la pwopoze nou
pou dѐnye dimanch tan Lavan an, nou kapab konsidere dimanch sa a tankou yon
veye Nwѐl paske nou jwenn apeprѐ menm lide fѐt Nwѐl la atravѐ tѐks yo. Nan
premye Lekti a, nou wѐ kòman wa Akaz te vle aji pou kont li, li pa t’ vle mete
Bondye devan nan desizyon l’ t’ap pran. Granmѐt la te di l’ mande yon siy men
li menm li te di non, li p’ap tande Bondye Granmѐt la. Li pa t’ vle paske li te
pѐ, li te prefere mete konfyans li nan lèzὸm. Men pwofѐt Izayi te ba li yon siy
pou l’ te ka mete li an konfyans, li te di l’: «Men vyѐj la ansent, l’ap fѐ yon
ti gason, l’ap rele non li Emanyѐl, sa vle di Bondye-avѐk-nou ».
Nan sὸm 23, deja yo te gen tan
aklame Wa sa a ki te gen pou vini an; e nan dezyѐm Lekti a, Sen Pὸl nan Lѐt li
ekri Women yo, prezante nou Jezi tankou yon moun ki sòti nan ras David, men ki
fѐt selon Lespri Sen an, e ki se Pitit Bondye. Konsa li souliye orijin Jezi
tankou Pitit Bondye, e an menm tan tou, nati li tankou moun ki sòti nan ras
David.
Pi devan nan Levanjil la, nou wѐ
tout sa ki t’ap anonse depi nan tan lontan nan bouch pwofèt yo vin akonpli, si
nou gade byen, nou kapab di 3 moso labib yo fѐ yon sѐl e nou retwouve menm fraz
sa a ki te sòti nan bouch pwofѐt Izayi lontan avan. Mari ansent, Jozѐf te vle
voye l’ale an sekrѐ men zanj Bondye te vin pale avѐ l’, li te obeyi san poze
kesyon paske li te fѐ Bondye konfyans, li te kwѐ sa li di se sa.
Bondye ba nou sѐl grenn pitit li
a: kidonk dimanch sa a se yon envitasyon pou nou renouvle lanmou nou ak lamitye
nou pou Bondye Granmѐt nou an. Lѐ nou gade kijan Bondye renmen nou, nou dwe
manifeste yon santiman konfyans ak gratitid anvѐ li, pandan n’ap fѐ jefὸ pou
nou pa janm refize lanmou sa a li genyen pou nou an.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, tanpri, padone m’ pou chak fwa mwen pa mete konfyans mwen nan ou, pou
chak fwa mwen pa bay lanmou w’ genyen pou mwen enpὸtans. Pa pouvwa Jezikri. Amѐn
PWOPOZISYON:
Idantifye Jezi tankou Emanyѐl, Bondye-avѐk-nou, nan lavi m’, nan atitid mwen ak
desizyon m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario