Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
״Yo p
ap wete baton kòmandman an sot nan Jida״.
LEKTI LIV LAJENÈZ 49, 2. 8-10
Jou sa yo: Jakòb rele pitit li yo; li di yo:
"Rasanble, pou m anonse nou sa k ap rive nou nan jou
yo k’ap vini yo. Rasanble, koute, pitit Jakòb yo, koute Izrayèl papa nou, Jida,
frè ou yo ap fè lwanj ou; men ou sou kou lènmi ou yo, pitit papa w’ yo ap adore
ou. Se pitit lyon Jida ye. Pitit mwen, ou te monte pou
lachas, ou repoze ou kouche tankou yon lyon, tankou yon femèl lyon: kilès k’ap
reveye l’? Yo p’ap
wete baton kòmandman an sot nan men Jida, ni chèf la sot nan jenou l’, joustan
sila a y’ap voye a ap rive; se li menm nasyon yo ap tann nan".
Sa se pawòl Bondye ki gen pouvwa
a.
SÒM REPONS 71, 2. 3
4ab. 7- 8. 17
R/ Jistis
ap fleri nan tan l’avèk kè
poze an kantite pou tout tan.
Bondye,
bay wa a jijman ou, hay pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak
pòv ou yo nan jijman.R
Mòn yo ap pote kè poze pou pèp la, ki wotè yo ap pote
jistis.
L’ap
jije pòv yo nan pèp la, l’ap sove pitit malere yo.R.
Nan
tan l’ yo jistis ap fleri ak kè poze an kantite joustan lalin nan disparèt.
L’ap
kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan tout fas
tè yo. R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan solèy la se pou
non l’ dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li. Se pou
tout nasyon yo fè lwanj li. R.
LEVANJIL
Ras Jezikri, Pitit David".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 1, 1-17
Liy ras Jezi Kri,
pitit David, pitit Abraram.
Abraram anfante Izaak,
Izaak anfante Jakòb, Jakòb anfante Farès ak Zara pa lentèmedyè Tama, Farès
anfante Eswòm, Eswòm anfante Aram, Aram anfante Amenadab, Amenadab anfante
Nason, Naason anfante Salmon, Salmon anfante Bòz pa lentemèdyè Raab, Bòz
anfante Obed pa lentèmedyè Rut, Obed anfante Jese, Jese anfante wa David. Wa
David anfante Salomon pa lenntèmedyè sila a ki te madanm li a. Salomon anfante
Roboam, Roboam anfante Abia, Abia anfante Asa, Asa anfante Jozafat, Jozafat
anfante Joram, Joram anfante Ozyas, Ozyas anfante Joatan, Joatan anfante Akaz,
Akaz anfante Ezekyas, Ezekyas anfante Manase, Manase anfante Amon, Amon anfante
Jozyas, Jozyas anfante Jekonyas ak frè l’ yo lè ekzil Babilòn nan. Aprè ekzil
Babilòn nan, Jekonyas anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl
anfante Abiyoud, Abiyoud anfante Elyasim, Elyasim anfante Azò, Azò anfante
Sadòk, Sadòk anfante Akim, Akim anfante Eliyoud, Eliyoud anfante Eleyaza, Eleyaza
anfante Matan, Matan anfante Jakòb. Jakòb menm anfante Jozèf,
ki te marye avèk Mari, se nan Mari Jezi vin fèt, li menm yo rele Kris la. Konsa
tout ras yo sot nan Abraam jous nan David, sa fè katòz ras; epi sot nan David
jous nan ekzil Babilòn nan, katòz ras; epi sot nan ekzil Babilòn nan jous nan
Kris la, katòz ras.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pafwa, nan zòn bò lakay
nou, nou konn tande yon
moun mande yon lòt: kilès ti jennòm sa a ye? Yo konn reponn, sila se pitit entèl
la, pitit defen boss entèl, pitit pitit konpè entèl la. Lè sa a, moun ki te
poze kesyon an konprann tou swit ak kiyès li annafè, si li fè yon bagay, kòman
pou li reyaji. Kidonk pi souvan nou idantifye yon moun pa rapò ak yon lòt moun.
Men tou, nou rann nou kont ke nou se manm yon
gwo fanmi e se pa zèklè ki te kale ni paran nou yo, ni nou menm. Yon moun fèt
epi li grandi nan mitan lòt moun ki pran swen l’, ki veye li, ki montre l’
kijan pou li viv ak lòt moun.
Jodi a, sen Matye vle reponn kesyon nou te poze
a pou nou, kiyès Jezi ye ?
Nou tande non anpil nan manm fanmi l’ yo, sa
vle di, li te yon vrè moun, li te genyen yon fanmi ki te leve l’, ki te aprann
li vin moun tout bon: Li se ti gason Mari ak bòs Jozèf la !
Men Jezi gen yon filyasyon tou nan Bondye: Li
se Pitit Bondye. Se li menm ki fè nou tounen pitit Bondye atravè batèm nan.
Jezi se Gran Frè nou. Se Li menm ki montre nou Chemen ki mennen kay Papa, e li
se Chemen an. An nou di l’ mèsi pou sa.
LAPRIYÈ: Bondye Papa,
tanpri fè nou obeyi lòd ou yo, antan n’ap sonje nou se pitit ou. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Pi gwo bagay ou ka ofri nan
fanmi w’ se lanmou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario