Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
Kay
mwen an se kay lapriyè y’ap rele l’ pou tout pèp yo.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 56, 1-3a.
6-8
Men pawòl Granmèt la:
"Kenbe jijman, fè jistis, paske delivrans mwen an tou prèt pou l’
rive, jistis mwen an tou pre pou l’ devwale. Se chans pou moun ki fè sa, ak pou
pitit moun nan ki sezi l’, ki kenbe saba a pou l’ pa sal li, ki kenbe men l’
pou l’ pa fè okenn mal. Pitit etranje a pa dwe di, li menm ki kole kò l sou
Granmèt la: "Granmèt la separe m’ sot nan pèp li a"; gason ki nan
kondisyon pou l’ pa kapab fè pitit la pa dwe di: 'Mwen se yon pye bwa ki sèk.
Pitit etranje yo, ki kole kò yo sou Granmèt la, pou yo adore l’, pou yo renmen
non l’, pou yo vin tounen sèvitè l’, antan yo kenbe saba a pou yo pa sal li,
antan yo kenbe kontra m’ nan, m’ap mennen yo sou mòn mwen an ki sen an, m’ap fè
kè yo kontan nan kay lapriyè m’ nan; sakrifis antye yo ak bèt yo sakrifye yo ap
fè m’ plezi sou lotèl mwen an, paske kay mwen an se kay lapriyè y’ap rele l’
pou tout pèp yo". Granmèt Bondye a di, li menm ki rasanble moun Izrayèl yo
ki te gaye yo: "M’ap rasanble pèp li a ankò vin lakay li".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2
3.5. 7 -8
R/Se
pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen
ou yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo. R.
Se pou nasyon yo kontan,
se pou yo danse, paskè ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo
sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’;
Bondye beni nou, Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout
limit tè a respekte l’.R.
LEVANJIL
Jan
se lanp k’ap chofè a, k’ap klere a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 5, 33-36
Lè sa a: Jezi di Jwif yo: "Nou menm nou te voye kot Jan, ki te sèvi
m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen; men bagay
sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe k’ap
klere; nou menm menm nou te vle jwi limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm
mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an. Travay Papa m’ ban mwen pou m’
reyalize a, se travay sa yo men m’ fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se
Papa a ki voye m’".
Annou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON:Jodi
a, nou menm kretyen yo, nou dwe pran leson nan men Jan Batis. Jezi konpare li
ak yon lanp k’ap chofe, k’ap klere: «Jan
se te yon lanp k’ap chofe k’ap klere» (Jan 5,35). Tankou Jan, misyon nou se
prepare chemen Granmèt la: plani kè yo se Jezi sèl ki klere yo, anonse
posiblite lavi a tout bon vre a, antan n’ap mache ak Kris la ak senserite. Jan
se vwa k’ap kriye nan dezè a: «Prepare chemen Granmèt la, plani chemen an byen
plani pou li» (Mt 3,3). Pitit Bondye a vini sou tè a pou li kapab jwenn plas
nan kè nou. —Men nan kè mwen se
libète mwen k’ap kòmande, e Jezi ap mande mwen «pèmisyon» pou li antre, se pou
sa nou dwe plani chemen ki mennen nan kè moun nan. Sen
Chal Bowome di nou: «Se pou nanm nou prepare pou vini Kris la».
Jodi a, an nou prann leson nan men
Sen Jan. Se
pa fasil, wè yon moun renonse ak pwòp tèt li, pou li angaje li tout bon vre,
viv nan laverite… se pa bagay ki si tèlman a la mòd nan tan n’ap viv la. Anpil
moun, se lajan, plezi, konfò y’ap chèche. Fòk nou anprann libere kè nou ak tout
bagay sa yo, antan kè nou pwòp devan Bondye. Si nou kite bagay sa yo ranpli kè
nou, ebyen Jezi ak pwoche an p’ap jwenn plas nan kè nou.
Levanjil
la se chemen Lavi ak kè kontan. Se laverite a sèlman ki kapab libere nou, menm
si sa ka lakòz pèsekisyon ak lanmò. Jan Batis te deja santi sa davans, men li
te aksepte paske se te misyon li. Batèm li an te pote liberasyon e ak pawòl li
yo, li te montre moun yo chemen ki menmen nan liberasyon sa, antana li te
envite yo konvèti.
Jezi
jwenn yon chemen ki plani, prepare granmesi penitans Jan Batis la. Zèv li yo
montre se Li menm menm Bondye te voye a. Jezi jwenn kè ki repanti e imilye
granmesi temwayaj Jan an. Mèt la fè konpliman pou li.
Tankou Jan Batis, an nou aprann fè
lòt yo dekouvri Jezi, antan nou menm nou efase tèt nou. Olye pou n’ap chèche
prezante tèt nou, an nou montre Jezi pito nan fason n’ap viv.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tankou Jan Batis, aprann mwen sèvi
Jezi temwen.
PWOPOZISYON:M’ap sèvi Limyè a temwen nan fason m’ap ankouraje lòt yo repanti, pou fè
sa ki byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario