Koulè
Vyolèt.
PREMYE LEKTI
Tankou yon madanmarye yo te abandone, Granmèt la rele
ou.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 54, 1-10
Jerizalèm, fè lwanj, ou
menm ki pa t’ kapab fè pitit, ki pa gen pitit, chante lwanj, fè kontantman ou
ek1ate, ou menm ki pa t’ fè pitit! paske pitit madanm nan yo te abandone a, y’ap
plis pase pitit madanm sa a ki gen mari a, deklarasyon Granmèt la. Laji espas joupa ou,
ajoute sou lajè po tant ou yo, pa menaje lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo.
Sèke ni adwat ni agoch l’ap anfonse, ras ou ap eritye nasyon yo, l’ap abite nan
vil ki pa gen pèsonn yo. Pa pè
paske ou p’ap wont, ou p’ap blije nan bese tèt; li p’ap fè ou wont, paske w’ap
bliye lawont ou te genyen lè ou te jenn nan, ou p’ap sonje lawont ou genyen
poutèt ou vèv la ankò. Sèke l’ap kòmande sou ou, sila a ki fè ou la, Granmèt
lame yo, se non l’ sa, ak sila a ki delivre w’ la, Sen Izrayèl la, se Bondye
tout tè a y’ap rele l’. Sèke tankou yon madanm ki abandone, ki gen
tristès nan lespri l’, Granmèt la rele ou, tankou
yon madanm yo rejte depi l’ tou jèn, deklarasyon Bondye ou la. Pou yon ti
moman, mwen te lage ou, men nan anpil kè sansib, m’ap rasanble ou. Nan yon
moman kòlè, mwen te kache fas mwen lwen w’, men nan kè sansib tout tan, mwen
gen pitye pou ou, deklarasyon Granmèt ou a ki delivre ou la. Tankou nan jou Noye
yo, se konsa sila a ye pou mwen, lè m’ te fè sèman mwen pa t’ap voye dlo Noye
yo sou tè a ankè; se konsa mwen fè sèman pou m’ pa fè kòlè kont ou, pou m’ pa
fè ou repons. Mòn yo ap baskile, ti wotè yo ap tranble; men kè sansib mwen an p’ap
pati lwen ou, kontra kè poze m’ nan p’ap souke, deklarasyon Granmèt ou a ki gen
pitye pou ou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 29, 2 e 4. 5- 6. 11- 12a e 13b
R/M’ap
fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap
fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’,
ou
pa bay lènmi m’ yo kè kontan sou do m’.
Granmèt,
ou wete lavi m’ sot anba tè a,
ou fè
m’ viv, pou m’ pa desann nan fòs la.R.
Chante
pou Granmèt la, sen l’ yo, fè lwanj pou souvni l’ ki sen.
Sèke
pou yon moman kòlè l’ rive, men se pou lavi renmen l’ nan dire.
Nan aswè gen dlo nan je, nan maten se kè kontan.R.
Koute,
Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou.
Ou
chanje plent mwen an nan chante dans.
Granmèt
Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Jan se
mesaje a k’ap pare wout Granmèt la»
LEKTI
LEVANJIL KI SEN A N DAPRÈ LIK 7, 24-30
Lè mesaje Jan yo fi n’
pati, Jezi kòmanse di foul yo osijè Jan:
"Kisa
nou te sòti al wè nan dezè a? Yon wozo van ap souke? Men kisa nou te sòti al wè? Yon mesye ki abiye
ak rad fen? Men, moun ki gen rad gwo pri epi ki alèz se nan kay wa yo yo rete.
Men kisa nou te sòti al wè? Yon pwofèt? Wi, mwen di nou, epi plis pase yon
pwofèt, Sila a se osijè l’ yo te ekri: "Men mwen voye Mesaje m’ nan devan
fas ou, se li menm k’ap pare wout ou a devan ou". Mwen di nou reyèlman
vre: Nan pami moun yo ki fèt sot nan fi yo pèsonn pa pi gran pase pwofèt Jan
Batis; men sila a ki pi piti nan rèy Bondye a pi gran pase l". Tout pèp la t’ap
koute, pibliken yo t’ap bay Bondye rezon antan yo batize nan batèm Jan Batis
la. Sèlman kanta pou Farizyen yo ak espesyalis
lalwa yo, yo meprize desizyon Bondye a sou yo antan yo pa aksepte batèm nan men
l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:N’ap prepare nou pou nou fete Nesans Jezi. Nou pa
kapab fè fèt la nan yon anviwònman ki sal, nan yon espas ki sal. Se pou sa
Legliz la envite nou netwaye kè nou, pou
fèt la ka bèl, paske se nan kè nou Jezi vle nou akeyi li. Si nou
repanti, si kè nou pwòp, fèt la ap pi bèl toujou. Lè nou gen yon zanmi ki
anonse nou l’ap vizite nou, nou konn fè tout preparasyon pou nou akeyi li nan
yon espas ki agreyab, men pou Jezi nou dwe fè plis toujou, paske li se pi gwo
zanmi an, li se zanmi ki p’ap janm trayi nou an, zanmi ki pi sensè a.
Premye lekti ke Legliz la propoze nou jodi a
fè nou dekouvri kijan Bondye fè kè moun ki tris yo kontan. Li envite nou louvri
kè n’ pou n’ kapab resevwa lagras Granmèt la nan lavi nou.
Bondye Papa a konble vid nou yo. Li pa kite nou pase wont devan lènmi
an. Bondye nou an gen kontwòl tout sitiyasyon, se li ki sonde kè ak ren.
Levanjil jodi a envite nou fikse zye nou sou 2 gran pèsonaj nan nouvo
testaman: Jezi ak Jan Batis. Jezi t’ap di moun yo kiyès Jan te ye : yon pwofèt ki te pi gran pase tout lòt pwofèt yo, men ki
te gen yon imilite, yon sajès ki pèmèt li ede anpil moun antre nan limyè Bondye
a atravè batèm nan.
Batèm ke nou te resevwa a fè nou vin tounen pitit Bondye tout bon vre. Levanjil
sa sa tou, envite nou reflechi sou kalite pwofesi n’ap tande nan tan n’ap viv
la.
Levanjil la pale de yon vwa k’ap
rele nan dezè a, k’ap mande nou prepare kè nou ak yon batèm repantans. Moun nan
epòk Jan Batis te aksepte batèm repantans la. Jodi a, nou ta kapab poze tèt nou kesyon : Kisa nou
fè ak lagras batèm nou an ? An nou reflechi sou sa.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt,
tanpri delivre nou anba tout sa ki fè nou esteril espirityèlman. Nou mande ou
sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON : Ann aprann valorize tout sa ki pozitif nan lavi lòt
yo, ki pèmèt nou dekouvri prezans Bondye!
No hay comentarios:
Publicar un comentario