Koulè Blan
JAN DE LA KWA
KI SEN, Prèt e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE
LEKTI
«Syèl yo, fè lawouze
tonbe sot anwo a! »
LEKTI
LIV PWOFÈT IZAYI 45, 6b- 8.18.21b- 26
"Mwen menm Granmèt la, pa gen lòt; mwen menm ki fòme limyè a epi ki
kreye fènwa yo, ki fè kè poze epi ki kreye malè; se mwen menm Granmèt la ki fè
tout bagay sa yo. Syèl yo, fè lawouze tonbe sot anwo a, se pou nyaj yo fè sila
a ki kòrek la tonbe tankou lapli! Se pou tè a louvri, pou l jèmen Sila a k ap
sove nou an, se pou jistis la leve ansanm ! Mwen menm Granmèt la mwen kreye
l". Paske men sa Granmèt la di: li menm ki kreye syèl yo, li menm Bondye
ki fòme tè a, epi ki fè l, li menm ki fikse l; se pa pou granmesi li te kreye
l, se pou yo te kapab abite li te fòme l : "Se mwen menm Granmèt la, pa
gen lòt. Pa gen lòt Bondye andeyò m? Bondye ki kò rèk la, ki sove moun, pa gen anyen andeyò m,
tounen vin jwenn mwen, epi n a sove, nan tout limit tè a, paske se mwen menm
Bondye, pa gen lòt. Se sou pwòp tèt mwen mwen fè sèman; nan bouch mwen se pawòl
jistis k ap sòti, li p ap tounen; paske devan m tout jenou ap plwaye, tout lang
ap fè sèman. Se pou l di, se nan Granmèt la jistis mwen ak kòmandman m ye; kote
l y ap vini, y ap wont. Tout moun ki te rayi l yo. Nan Granmèt la tout
ras Izrayèl la ap jwenn jistis ak lwanj".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9ab l0. 11-12. 13 14
(r.: Iz 45, 8)
R/ Syèl yo, fè lawouze desann sot anwo a, se pou
nyaj yo fè sila a ki kòrèk la tonbe tankou lapli.
M’ap koute sa Granmèt Bondye a ap di, se kè poze l’ap pale pou pèp li a
ak sen l yo. Reyèlman vre, delivrans li a toupre moun ki respekte l’ yo, pou
bèlte a abite sou tè nou an, R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak kè poze anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la. R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap mache devan l, l’ap poze pye l’ sou wout la. R.
LEVANJIL
«Anonse Jan sa nou tande ak sa nou wè»
+ LEKTI LEVANJIL KI
SEN AN DAPRÈ LIK 7, 19-23
Lè sa a
Jan rele 2 nan patizan l’ yo, li voye yo kot Jezi, li voye yo mande li:
"Eskè se ou menm sila a ki te gen pou vini an, oubyen èskè se yon lòt pou
nou tann?" Lè mesye yo rive kote l, yo di: "Jan Batis voye nou kote
ou, li di: 'Eskè se ou menm sila a ki te gen pou vini an, oubyen èskè nou dwe
tann yon lòt. Lè sa a, Jezi t’ap geri anpil moun sot nan maladi ak enfimite, ak
move lespri, li fè anpil moun ki te avèg vin wè klè. Li pran lapawòl, li di yo:
"Ale anonse Jan, sa nou te tande ak sa nou te wè: paskè avèg yo wè, moun
ki bwate yo mache, moun ki gen maladi lèp yo geri, moun soud yo tande, moun
mouri yo leve, pòv yo jwenn bòn nouvèl la; se chans pou moun ki pa jwenn baryè
sou wout li nan mwen".
Annou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON : Jodi a, nan premye lekti a, pwofèt Izayi ap ede n’
konprann kijan, Bondye ki se Mèt Kreyasyon an, Li pa fè anyen konsa konsa, puiske
li konnen rezon sa li fè yo. Bondye remèt nou kreyasyon li an nan men pou nou
kapab jere li, pandan n’ap rann nou kont valè li genyen nan lavi nou ak enpòtans
li genyen nan lavi chak moun ki ekziste.
Se
pou sa, tout moun dwe ba li onè ak glwa, li menm sèl merite.
Bondye
nou an, se yon Bondye ki jalou : li pa vle lèzòm mete lòt bagay nan plas
li, epi adore lòt bagay nan plas li. Premye kòmandman an di: «Se Bondye sèl pou
w’ adore ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou».Renmen Bondye
plis pase tout bagay’’. Kidonk, aprè li menm pa gen lòt, menm si anpil fwa
lèzòm twonpe yo, yo mete lòt bagay nan plas Bondye.
Jounen
jodi a, n’ap viv nan yon mond kote anpil moun mete lòt bagay nan plas Bondye,tankou
lajan,plezi,sèks, ak tout lòt zidòl. Men, Bondye nou an se yon Bondye ki gen
pasyans, li toujou prè pou l’al chèche nou pandan l’ap ede nou sòti nan bafon
peche a. Men li mande nou yon sèl bagay ki se konvèsyon: kase tèt tounen vin
jwenn li pou w’ ka sove.
Bondye
vini pou l’ sove tout moun san distenksyon ras ak kilti.
An
nou prepare kè nou pou nou akeyi gras k’ap tonbe sòti nan syèl la. Salmis la
chante: «Syèl yo, fè lawouze desann
sot anwo a, se pou nyaj yo fè sila a
ki kòrèk la tonbe tankou lapli».
Nan
Levanjil la, Sen Lik mete nan bouch disip Jan Batis yo yon kesyon ke anpil nan
nou jounen jodi a te kapab poze sitou lè nou devan difikilte lavi a ki panike
nou. Jean voye disip li yo al mande Jezi : «Eske ou se Sila ki gen pou
vini an oubyen nou dwe tan’n yon lòt ?». Kesyon sa, gen moun ki konn
panse Jan Batis te doute, se sa k’ fè li te voye disip li yo al poze l’, men
Jezi kòm gran pedagòg pa reponn ni wi, ni non. Men li ede yo
pito kontanple zèv Bondye ki t’ap reyalize nan moun ki te gen maladi, nan prizonye,
nan avèg … Arestasyon Jan Batis pa retire anyen nan anons bòn nouvèl la ak nan
misyon Jezi pou sove limanite, se sa ki fè Jezi di al di Jean nan prizon an sa
nou wè ak sa nou tande.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè Jan ki sen vin tounen yon prèt ki bliye tèt li
nèt, epi ki renmen kwa a yon jan ekstrawòdinè, fè nou gras, pou nou suiv ekzanp
li tout tan, pou nou rive wè glwa ou la tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Menm si gen anpil pwoblèm ak difikilte, mwen kwè
Bondye ap aji an silans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario