Koulè Vyolèt
LISI KI SEN,
Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo pwomèt
delivrans Mesi a pou tout pòv yo».
LEKTI LIV
PWOFÈT SOFONI 3, 12. 9-13
Men Pawòl Granmèt la:
Ala malè pou ou, toutrèl, vil yo te delivre a epi k’ap
chèche kont ! Li pa koute vwa a, li pa aksepte koreksyon an, li pa konte sou
Granmèt la, li pa pwoche kot Bondye l’ la.
Lè sa a m’ap fè pèp yo vin gen bouch pwòp ankò, pou yo
rele non Granmèt la, pou yo sèvi l’ak yon sèl zepòl. Depi lòt bò rivyè Etyopi a
sa yo k’ap lapriyè m’ nan; pitit mwen yo ki te gaye yo, y’ap pote kado ban
mwen.
Jou sa a, ou p’ap wont pou tout peche ou, sa ou te fè
kont mwen yo; paske lè sa a m’ap wete pawòl grandizè ou yo sot nan mitan ou, ou
p’ap rekòmanse ap leve tèt ou ankò sou mòn mwen an ki sen an. Se yon pèp ki pòv,
ki malere, m’ap kite nan mitan ou, y’ap espere nan non Granmèt la.
Rès Izrayèl la p’ap fè peche, yo p’ap di manti, yo p’ap
jwenn lang rizèz nan bouch yo, paske y’ap jwenn manje, y’ap enstale, pa gen
pèsòn k’ap fè yo pè».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33,
2-3. 6-7. 17-18. 19 é 23 (r.: 7a)
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj
li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou
pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv
sa a rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove
sa k’ gen espri yo boulvèse yo. Granmèt la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, li
p’ap pini tout moun ki espere nan li yo.R.
LEVANJIL
«Jan rive,
pechè yo te kwè nan li»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 21, 28- 32
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen pèp la:
«Ki sa nou di nan sa? Yon moun te gen de pitit; li pwoche
kot premye a, li di: «Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m’ nan jodi a». Li menm li
reponn, li di: «Mwen pa vle». Aprè sa li regrèt, l’ale. Li pwoche kot lòt la li
di menm jan. Sa a menm reponn, li di: «M’a prale, mèt», men li pa ale. Kilès nan de yo
ki te fè volonte papa a?» Yo di l’: «Premye a».
Jezi di yo : «Amèn mwen di nou, pibliken yo ak fi
move konduit yo ap pran devan nou nan peyi-wa Bondye a. Sèke Jan rive kote nou
nan chemen jistis la, epi nou pa t’ kwè nan li; pibliken yo menm ak fi move
konduit yo, yo te kwè nan li; nou menm menm malgre nou wè, nou pa menm gen yon
santiman ki fè nou regrèt aprè, pou nou ta kwè nan li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap kontanple yon papa ki gen de pitit, e li di pi gran an: «Pitit mwen, al
travay nan jaden rezen m’ nan jodi a»(Mt 21,28). Li menm li
reponn, li di: «Mwen pa vle». Aprè sa li regrèt, l’ale. (Mt 21,29).
Li pwoche kot lòt la li di menm jan. Sa a menm reponn, li di: «M’a prale, mèt»,
men li pa ale. (Mt 21,30). Sa ki
enpòtan, se pa di «wi», men se «fè» sa papa a mande a.
Gen yon pwovèb ki di: «Moun ki pa nan aksyon, li pa
nan mond la». Nan yon lòt pasaj Jezi pral anseye parabòl sa a: « Sa pa sifi pou
n’ap rele m’ «Granmèt, Granmèt!», pou nou antre nan Wayòm Bondye a; men fòk nou fè volonte Papa
m’ ki nan syèl la» (Mt 7,27).
Tankou Sen Ogisten te di sa: « gen de volonte ki
ekziste. Ou we travay volonte pa ou pou li kapab idantifye li ak volonte Bondye,
se pa volonte Bondye ki pou defòme pou adapte ak volonte pa ou.»
Obeyisans vle di: koute avèk atansyon. Sa manifeste nan lapriyè, lè nou pa chèche fente vwa Lanmou an k’ap pale
avèk nou. Nou menm moun, nou gen tandans
defann nou, atache nou ak sa ki nan enterè pèsonèl nou sèlman.
Lè nou fè volonte Bondye, nou gen posiblite pou
nou vin sen. Obeyi pa vle di ou tounen yon ti poupe nan men yon lòt moun, men
reflechi sou sa ki dwe fèt epi fè li paske nou anvi li.
Manman nou Lavyèj Mari, li menm k’ap montre nou
«obeyisans nan lafwa», l’ap montre nou kijan pou nou fè volonte Papa a.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki fè nou vin tounen yon
nouvo kreyati gras a Sèl Pitit ou a, tanpri, konsidere travay kè sansib ou a,
gras a Pitit ou a k’ap vini an, pwòpte nou sot nan tout tach lontan yo. Pa
pouvwa Jezikri.
PROPOZISYON : Nan yon ti jès
renmen, montre wayòm Bondye a prezan nan mitan nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario