Koulè Blan
FÈT NOTREDAM GWADALOUPE, PATWÒN
AMERIK LA
PREMYE LEKTI
"Men vyèj
la ap vin ansent".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di: "Mande Granmèt
Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la".
Akaz di: "Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt
la".
Izayi di: "Koute, kay David: èske sa pa kont nou pou
n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa
Granmèt la li men m’ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon
ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou".
SOM REPONS Sm 66,2-3.5. 7-8 (r. ; 4)
R/ Se pou pèp yo fè lwanj
ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni
nou;
se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè
a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske
ou jije pèp yo yon fason kòrèk,
ou dirije nasyon
yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou,
Bondye nou an;
se pou Bondye
nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’. R.
LEVANJIL
“Kote sa
sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-56
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan
mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, lè Elizabèt tande Mari salye
l’, ti pitit la danse nan vant li, Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele
byen fò, li di:
“Ou beni pase tout fi; li beni tou,
fwi vant ou a. Kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen an vin vizite m’?
Gade, lè vwa w’ rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la danse nan
vant mwen ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè sa Granmèt la
voye di w’ yo, y’ap reyalize”.
Mari di:
“M’ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’
ap fete nan Bondye sovè mwen an, paske li voye je sou pòv sèvant li a. Gade vre
depi koulye a tout jenerasyon ap di ala kontantman pou mwen: paske li fè gran
mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen, mizerikòd li sot nan ras al
nan ras pou moun ki krenn li yo.
Li mete fòs nan bra l’, li gaye sa
k’ t’ap fè grandizè nan kè yo a; li depoze sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve pòv yo; sa
k’ grangou yo, li plen yo ak byen, rich yo li ranvwaye yo grangou.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’; li
sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li a pou
tout tan.”
Mari rete avèk li apeprè twa mwa,
aprè sa, li tounen lakay li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mari vizite kouzin li Elizabèt
ki te ansent Jan Batis. Lè nou kontanple Mari, nan li nou dekouvri yon fanm
total, senp, devwe, disponib, kourajez, obeyisan, ki fè volonte Bondye nan tout
bagay; malgre li te gen lonè pou li te vin manman Jezi, Pitit Bondye a, li pa
t’ rete chita ap tan moun vin sèvi l’, okontrè li te pati nan mòn Jide pou l’
rann kouzin li sèvis.
Pawòl Elizabèt ak Mari vin tounen yon
repons. Mari te resevwa tit Manman Bondye, li te tounen Tanp Bondye, li se
premye tabènak ki te konsève Jezi pandan nèf mwa; se Lespri Sen ki te kominike
sa, e se te Lespri Jezi a menm; jan Levanjil Lik la rakonte l’, «salitasyon»
Mari a poko rive nan zòrèy Elizabèt, ti pitit la pran danse nan vant li, paske
li te ranpli ak Lespri Sen an ki te fè Elizabèt kriye ak yon vwa fò epi li di :
Ou beni pase tout fi e pitit ki nan vant
ou a beni tou! Se yon gwo evénman pou Elizabèt, li di kote chans sa a sòti
pou mwen pou manman Granmèt mwen an vin vizite m’! Ata ti bebe a te
kontan, li danse avèk fòs nan vant li! Elizabèt di Mari: se chans pou ou paske w’ te kwè nan sa Granmèt la te mande w’ yo.
Menm moman an Mari te eklate ak yon chan remèsiman ak rekonesans, li pran fè
lwanj pou Granmèt la nan Mayifikat li t’ap chante, li te kontan paske Granmèt
la voye je l’ sou ti pòv sèvant li a, pou mèvèy Bondye te fè pou li, non l’
merite respè.
Nou wè kijan Levanjil Lik la ale nan menm
sans ak lekti liv Sofoni an, kote l’ di fè kè w’ kontan Jerizalèm, nou menm pèp
Izrayèl, rele, chante, fè fèt pou n’ di jan nou kontan, danse ak tout nanm nou,
paske pa gen malè ki pou rive nou ankò, Granmèt la wete tout moun ki t’ap fini
avèk nou kòm pèp, paske li nan mitan nou. Nan meditasyon jodi a, ann mande
Bondye, pa lentèsesyon Lavyèj Mari, ba nou yon kè ki pa gen foli grandè, men
yon kè senp, devwe, sèvyab, e aprann nou di mwen se sèvant Granmèt la, se pou
volonte l’ fèt jan l’ vle nan nou, ede n’ di chak jou «men mwen», pou m’ fè
volonte w’ Granmèt, tankou Mari.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou mete nou anba pwoteksyon
Mari ki sen, ki Vyèj, pou ou plen nou avèk gras ou; koute priyè nou: antan jodi
a n’ap fete fèt li sou tè a, fè nou kontan wè l’ nan syèl la. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen vle rete disponib nan obeyisans tankou
Mari; fò m’ chante pou mèvèy Granmèt la fè pou mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario