Páginas

DIMANCH 11

Koulè Vyolèt
TWAZYÈM DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
(Gaudete = Dimanch lajwa)
PREMYE LEKTI
«Se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou.»
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 35, l-6a. 10
Se pou dezè a kontan ni tè ki pa gen wout la, se pou savann nan danse, se pou l’ fleri tankou lis. Se pou l’ jèmen byen jèmen, se pou l’ danse ak kè l’ byen kontan, ak lwanj l’ap chante. Yo ba l’ bèlte Liban an, ni dekorasyon Kamèl la ak Sawon an; yo menm menm y’ap wè bèlte Granmèt la ak richès Bondye nou an.
Ankouraje men k’ap febli yo, asire jenou ki pèdi fòs yo; di sa k’ap ezite yo: «Ankouraje, pa pè: Men Bondye nou an ap mennen vanjans revanj la: se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou».
Lè sa a je avèg yo ap louvri, zòrèy moun soud yo ap louvri; lè sa a moun bwate a ap vòltije tankou kabrit, lang moun bèbè yo ap louvri.
Sila yo Granmèt la sove yo y’ap tounen, y’ap rive nan Siyon avèk lwanj ak kè kontan tout tan sou tèt yo; y’ap jwenn kontantman ak fèt, soufrans ak plent ap pati.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Vini, Granmèt, pou ou sove nou.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo,
ki bay sa k’ grangou yo manje, Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo,
Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Ofelen an ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo, li gaye l’.
Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye w’ la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM LEKTI
«Asire kè nou, paske Granmèt la pre rive»
NAN LÈT APOT JAK 5, 7-10
Se pou nou pran pasyans, frè m’ yo, joustan Granmèt la rive. Gade moun k’ap fè jaden an, l’ap tann fwi tè a ki gen anpil valè a, li pran pasyans, joustan li jwenn lapli premye sezon an ak dènye sezon an. Konsa se pou nou pran pasyans nou menm tou, se pou nou asire kè nou, paske Granmèt la prèt pou l’ rive.
Pa plenyen youn kont lòt, frè m’ yo, pou yo pa jije nou. Men jij la devan pòt la li kanpe. Pran modèl, frè m’ yo, nan malè a, sou andirans ak pasyans pwofèt yo, ki te pale o non Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Èske se ou menm ki gen pou ou vini an, oubyen se yon lòt pou nou tann?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 2-11
Lè sa a:
Lè Jan tande travay Jezikri yo, pandan li menm li nan prizon an, li voye de nan disip li yo di l’: «Èske se ou menm ki gen pou ou vini an, oubyen èske se yon lòt pou nou tann?
Jezi reponn, li di l’: «Ale anonse Jan sa nou tande ak sa nou wè: avèg yo wè, moun bwate yo y’ap mache, moun ki gen maladi lalèp yo, yo geri, moun soud yo tande, moun mouri yo leve, yo anonse bòn nouvèl la bay pòv yo; epi se chans pou moun sa a ki pa jwenn baryè sou wout li nan mwen menm».
Lè yo pati, Jezi kòmanse di foul yo osijè Jan: «Ki sa nou t’al wè nan savann nan? Èske se yon wozo van ap souke? Men ki sa nou t’al wè? Èske se yon moun ki abiye ak rad fen? Men, moun ki abiye ak rad fen yo, se nan kay wa yo yo ye. Men ki sa nou t’al wè? Èske se yon pwofèt? Ebyen, mwen di nou, se plis pase yon pwofèt. Sila a se o sijè l’ yo te ekri: «Men mwen voye Mesaje m’ nan devan fas ou, se li menm k’ap prepare wout ou a devan ou».
An verite mwen di nou, nan pami moun yo ki fèt sot nan fi yo, pa gen pi gran pase Jan Batis ki leve; sèlman sila a ki pi piti nan rèy syèl yo pi gran pase l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti a, se yon mesaj ki anonse gwo lespwa. Pwofèt Izayi di pèp la li pa bezwen pè; Bondye li a pa janm bliye li, li tande vwa li; se poutèt sa li vin sove li. Pou pwofèt la fè pèp la konnen ke jou delivrans lan pa lwen, li pran imaj dezè a ki fè yo sonje mirak Bondye te fè pou yo lè li te fè yo sòti nan esklavaj nan peyi Lejip la. Li ankouraje li pou li pa pèdi lespwa.
Jou sa a pral gen kè kontan anpil, paske moun yo paral wè  jistis Bondye. Liberasyon an paral total: moun ki avèg yo ap wè, moun ki soud yo ap tande e moun ki bèbè yo pral pale.
Premye lekti a kapab ede n’ konprann pi byen pawòl Granmèt di nou nan Levangil la. Li pale nou de pwofèt Jan ki t’ap preche nan dezè a. Wa Ewòd te fè mete Jan nan prizon paske l’ te di wa a jan l’ap viv la pa bon devan Bondye sitou li te fè l’ konnen ke li pa dwe marye avèk madanm frè li, Bondye pa vle sa a. Ebyen Ewòd pa t’ kontan sa Jan te di l’ la, li fè yo mete l’ nan prizon.
Pandan Jan nan prizon li konnen li pral mouri men anvan sa rive li vle konnen si Jezi se te Mesi a tout bon vre. Poutèt sa a li voye kèk nan disip li yo al mande Jezi si se li menm ki Mesi a tout bon vre oubyen èske nou dwe tan yon lòt.
Bò kote pa l’, Jezi voye disip yo al di Jan sa yo wè. Konsa li menm l’a konnen si se Li ki Pitit Bondye a tout bon vre. Jezi te vle montre pou nou kapab konnen Mesi a tou bon vre, se pa sèlman nan sa l’ di men tou se nan sa l’ fè. Men kisa l’ fè? Pawòl la di nou: « Li fè avèg yo wè, moun bwate yo ap mache, moun ki gen maladi lalèp  yo geri, moun soud yo tande, moun mouri yo leve…». Se Bòn Nouvèl sa a Jezi vin pote ba nou. Se poutèt sa li mande nou fè Bondye konfyans epi mete tout espwa nou nan li.
Se menm mesaj sa a nou jwenn nan lèt Apòt Jak la. Li di nou pa dekouraje devan pwoblèm ak difikilte nou jwenn nan lavi nou paske Granmèt la p’ap janm lage n’. Epitou li mande nou pou nou pran pwofèt yo pou modèl nou, paske moun sa yo pa janm pèdi konfyans nan Bondye ki gen tout pouwa a. Se mesaj sa yo nou gen pou nou medite nan Tan Lavan an. Se sa k’ap fè nou viv pi byen relasyon nou avèk Bondye kè poze a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, nan Tan Lavan sa a ki envite n’ prepare kè n’ pou nou resevwa Pitit ou a ki la e k’ap vini nan mitan nou an,ba nou fòs ak kouraj pou nou pa janm dekouraje nan mitan difikilte ak pwoblèm lavi a. Amèn

PWOPOZISYON: Kisa pou m’ fè pou mwen kapab viv pi byen Tan Lavan an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario