Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
«Eli gen pou l’
vini ankò»
LEKTI LIV
SIRASID 48, 1-4. 9-11
Pwofèt Eli leve tankou dife, pawòl li boule tankou
flanbo. Li menm ki te fè grangou rive sou yo, yo fè l’ fache, jalouzi l’ fè yo
vin tounen yon ti kras; yo pa t’ kapab sipòte kòmandman Granmèt la. Ak pawòl
Granmèt la, li fèmen syèl la, li fè dife desann twa fwa sot nan syèl la. Se
konsa Eli jwenn grandè nan mèvèy li yo. Ki moun ki kapab jwenn bèlte menm jan
avèk ou ?
Ou menm yo pran nan toubiyon dife a, nan kabwèt chwal
dife ; ou menm yo ekri sou ou pou jijman tan yo, pou ou kalme kòlè Granmèt
la, pou ou fè kè papa tounen vin jwenn pitit, pou ou fè fanmi Jakòb yo
kanpe ?
Se chans pou moun yo ki te wè ou yo, ki te anbeli avèk
relasyon zanmi ou !
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2ac
e 3b. 15-16. 18-19 (r.: 4)
R/Bondye, fè nou tounen, klere fas ou,
n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon, ou menm ki
chita anlè Cheriben yo, klere. Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Bondye pouvwa yo, vire ; gade antan ou nan syèl la,
pou ou wè, vizite pye rezen sa a. Pwoteje l’, li menm men dwat ou te plante a,
ak sou pitit moun nan ou te asire pou ou a.R.
Se pou men ou sou moun men dwat ou a, sou pitit moun nan
ou te asire pou ou a.
Nou p’ap vire do ba ou, w’a ba nou lavi, n’ap rele non
ou.R.
LEVANJIL
«Eli deja vini,
yo pa t’ rekonèt li».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 10-13
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, disip yo poze Jezi
kesyon, yo di: «Kòman fè pwofesè yo di Eli gen pou l’ vini anvan an?»
Li menm li pran lapawòl, li di yo : «Eli gen pou l’
vini vre, pou l’ renmèt tout bagay an plas. Men mwen di nou, Eli deja vini, men
yo pa t’ rekonèt li, okontrè yo fè sa yo vle ak li. Se konsa tou Pitit moun nan
gen pou l’ soufri nan men yo». Lè sa a atò disip yo rekonèt se osijè Jan-Batis
li t’ap pale yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pawòl Bondye jodi
a envite nou kontanple imaj pwofèt Eli, youn nan pi gran pèsonaj ki domine
Ansyen Testaman an. Nou sonje yon fwa lè Jezi te monte sou tèt mòn nan pou li t’al
lapriyè Bondye Papa, ansanm ak Pyè, Jak ak Jan, li te chanje vizaj devan
patizan li epi vizaj li te klere tankou solèy. Mesye yo te kontan anpil nan
espektak laglwa sa ki te deja ba yo yon avan-gou rezireksyon an, epi gen youn
ki te pwopoze Jezi pou konstwi twa ti kay sou tèt mòn nan : youn pou
Moyiz, youn pou Eli epi youn pou Jezi. Ebyen se paske se twa mesye sa yo ki
reprezante prensipal lidèchip nou jwenn nan ansyen ak nouvo Testaman an.
Jodi
a yo plis pale nou de Eli, ke yo te konsidere kòm yon liberatè, yon Mesi.
Genyen anpil moun ki te konfonn Jezi avèk Eli. Nou konprann sa, paske nou sonje
lè Jezi te poze patizan li yo kesyon sou opinyon pèp la, yo te reponn : «Gen moun ki di ou se Eli oubyen youn nan
pwofèt yo.» (Mt.16, 13-15). Nan kontèks sa nou sonje, se Pyè ki te pral bay
pi bon repons la, lè li te di : «Ou
se Kris la, Pitit Bondye vivan an» (Mt. 16,16). Se lè sa atò a pati de la
Jezi te pral bay Pyè kokenn chenn responsablite pou dirije Legliz la. Jounen
jodi a, se Pap Franswa ki gen responsablite sa a. Konsa se pou nou lapriyè pou
li, tankou li toujou mande sa : «Priye pou mwen».
Se
pou Tan Lavan sa ede nou renouvle konfyans ak angajman nou, dekwa pou nou kapab
manifeste prezans Mesi a ki deja la e k’ap vini.
Se
pou Manman Mari, zetwal chemen an montre nou kijan pou nou prepare nou pou nou
akeyi pwomès Bondye, menm jan li te akeyi li nan zantray li a.
LAPRIYÈ :
Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, leve klète bèlte ou nan kè nou, pou nou
chape anba tout fènwa, pou Sèl Pitit ou a k’ap vini an fè wè nou se pitit
limyè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Pote prezans Mesi a bay yon moun ki nan
bezwen antan ou ede li nan yon nesesite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario