Koulè vyolèt.
PREME LEKTI
“Si ou
te kapab koute kòmandman m’ yo!”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 48. 17-19
Men pawòl Granmèt la, sila a ki
aprann ou sa k’ sèvi ou, k’ap dirije ou sou wout la, kote w’ap mache a.
Si ou te kapab koute kòmandman
m’ yo! Kè poze w’ la ta tankou yon larivyè, jistis ou a ta tankou lanm lanmè
yo! Ras ou ta tankou sab, desandans ki sòti nan vant ou ta tankou grenn sab li;
non ou pa t’ap pati, pa t’ap efase sot devan fas mwen!”
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 1, 1-2. 3: 4 e 6
R/ Moun ki suiv ou, Granmèt, l’ap
gen limyè lavi a.
Se chans pou moun ki pa ale nan
reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo,
ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan rizib yo, men se nan lalwa
Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki
plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li,
tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa
respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke
Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Yo pa
koute ni Jan ni Pitit moun nan”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 11, 16-19
Lè sa a, Jezi di foul yo:
“Ak ki sa mwen ta konpare
jenerasyon sa a? Li sanble ak ti gason yo ki chita sou laplas, k’ap rele zanmi
yo, y’ap di: “Nou chante pou nou, epi nou pa danse; nou chante chante dèy, epi
nou pa kriye”.
“Reyèlman vre Jan rive, li pa
manje, li pa bwè, epi yo di: “Se yon demon li genyen!” Pitit moun nan rive l’ap
manje epi l’ap bwè, epi yo di: “Men yon moun voras, yon moun k’ap bwè diven,
yon zanmi pibliken yo ak pechè yo!” Ebyen bon konprann nan jwenn pitit li yo ki
rann li jistis”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Men Granmèt la k’ap vini vizite nou atravè
Pitit li a, pou li klere nou ak limyè li a, pou n’ kab gen lapè ak lavi. Tan
Lavan an, se yon sezon espesyal, kote Bondye ap ranfòse espwa nou nan pwomès li
fè nou, kote li vle nou fè yon pa pou nou antre nan gwo pwojè liberasyon li vle
pou tout pitit li yo. Liberatè pwofèt Izayi te anonse
a, li pa lwen rive. Se Jan Batis k’ap gen pou prezante nou li. E deja, nou
konnen fòk nou prepare nou pou akeyi li, puiske lè w’ap resevwa yon etranje, ou
dwe fè preparasyon ki nesesè pou ou kapab byen akeyi li.
Se yon preparasyon ki mande nou pou nou
chanje move konpòtman nou genyen, kwape move santiman ki nan kè nou, santiman
ki fè youn ap dechire lòt, santiman ki fè youn pa vle wè lòt. Izayi lanse yon
apèl ba nou pou nou kapab aprann koute, koute sa Bondye mande nou fè, paske se
Granmèt la ki te fòme nou, se li menm ki te montre nou chemen pou nou swiv la;
si nou swiv lòd Granmèt la te ba nou yo, si nou rete atantif, nou kapab jwenn
benediksyon li, tankou lapli k’ap tonbe, tankou lamè k’ap voye lanm.
Pafwa nou kon distrè nan lavi a, nou vin
dekonekte, nou pa konnen ki bagay ki fè kè nou kontan, ni ki bagay ki fè nou
tris, paske n’ap viv nan yon endiferans. Matye fè nou konnen Jan Batis vini pou
l’ prepare wout pou Sovè a; men paske li pa manje, li pa bwè, yo di li gen
demon sou li; Pitit moun nan vini pou l’ pran ka sa ki pi piti yo, pòv yo,
pechè yo, moun ki malad yo; yo di li se yon moun ki saf, tafyatè, li fè zanmi
avèk moun ki nan peche yo.
Frè ak sè m’ yo, se yon ekzanp
Jezi vle ba nou. Pandan Tan Lavan an, pawòl Bondye a mande n’ fè jefò pou n’
sispann rete endiferan. Li envite n’ fè solidarite pou nou ede sila yo ki pi
piti yo, sa ki pa gen pèsonn, pòv yo.Akeyi lòt yo ki pi fèb, se akeyi Jezi li
menm menm?
Ann mande Bondye fòs ak kouraj
pou n’ chanje tout sa ki merite chanje nan lavi nou, nan kominote n’ yo ak nan
peyi nou, se konsa tè ki sèk la va tounen yon letan, flè yo va pouse, malere yo
va danse, prizonye yo va jwenn libète epi se va kè kontan.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, fè pèp
ou a favè pou l’ ret ap tann Sèl Pitit ou a k’ap vini an, antan l’ap veye ak
tout fòs li, pou jan sila ki delivre nou an aprann nou an, nou avanse al
rankontre l’ antan n’ap veye ak lanp nan men nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jezi ap
vini kòm Prens lapè, m’ap rete je klè pandan m’ap prepare pou akeyi li nan yon
kè ki pwòp.
No hay comentarios:
Publicar un comentario