Koulè Vèt
DEZYÈM DIMANCH
TAN ÒDINÈ ANE-A
PREMYE LEKTI
« Mwen
mete ou kòm limyè nasyon yo, pou ou vin tounen delivrans mwen an »
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 49, 3. 5-6
Granmèt la di m’ : « Se sèvitè m’ ou ye,
Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen ».
Koulye a, men sa Granmèt la di, li menm ki fòme m’ depi
nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn
li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa m’ devan je Granmèt la.
Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen.
Li di : « Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou
kapab leve ras Jakòb yo, pou ou fè debri pèp Izrayèl yo tounen : men mwen
mete ou kòm limyè nasyon yo, pou sove mwen sove a rive jous nan bout tè
a ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39,
2 e 4ab. 7-8a. 8b-9. 10
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè
volonte ou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt la, li panche
sou mwen. Li mete yon kantik nouvo nan bouch mwen, yon kantik pou Bondye nou
an.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen
di : “Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè
volonte ou.
Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen ».
R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a; men mwen pa
fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
DEZYÈM LEKTI
« Gras pou
nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezi »
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1,
1-3
Pòl, li menm Jezikri rele pou l’apot, daprè volonte
Bondye, avèk Sostèn, frè m’, pou Legliz Bondye a ki Korent la, nou menm ki vin
sen nan Jezkri, nou menm li rele pou nou vin sen, avèk tout sa k’ap rele non
Granmèt nou Jezikri tout kote yo ye avèk kote nou ye a : Gras pou nou ak
lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Men
Mouton Bondye a ki wete peche tè a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34
Lè sa a :
Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di : « Men
Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te
di : « Aprè m’, gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske
li te ekziste anvan mwen ». Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’ ; men se
pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize
nan dlo a ».
Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Espri a
k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen
pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di
m’ : « Sou moun nan w’a wè Espri a desann li rete sou li a, se li
menm k’ap batize nan Espri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen,
sa a se Pitit Bondye a ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, se dezyѐm dimanch tan ὸdine, sa vle di,
tan Nwѐl la fini ; nan Legliz la nou kòmanse yon lὸt tan. An nou gade ki
mesaj pawὸl Bondye a pote pou nou jounen jodi a.
Lontan avan Jan
Batis, Pwofѐt Izayi te anonse tout sa ki te gen pou akonpli avѐk Jezi, pitit
Bondye a. Daprè sa nou li nan premye moso Labib la : « Mwen fѐ w’
tounen limyѐ tѐ a pou li liberasyon m’ nan kapab rive nan tout kwen tѐ
a ».
An nou gade nou
menm kὸman nou resevwa liberasyon sa a ? Kisa nou fѐ pou nou sove ?
Kisa nou fѐ pou nou ede lὸt yo sove ? Nan sòm 39 nou li : « Men
mwen Granmѐt pou m’ fѐ volonte w’’. Se yon gwo ekzanp pou nou swiv, Jezi ki
obeyi jis nan dѐnye bout. Èske nou swiv ekzanp sa a pou nou chѐche fѐ volonte
Bondye san nou pa poze kesyon ? Nou dwe toujou louvri kѐ nou pou nou di
Bondye « men mwen », menm jan avѐk Jezi.
Pi devan, nan
Levanjil Sen Jan, nou wѐ Jan Batis ki
prezante Jezi tankou «Mouton Bondye ki wete peche sou tѐ a» devan
yon foul moun ki t’ap koute l’ bὸ rivyѐ Jouden an. Jan Batis pa t’ pѐ, li
pa t’ wont revele idantite Jezi ba yo.
E nou menm, nan
kominote nou, nan travay nou, nan mache, nan lekὸl nou, ѐske nou pa pѐ
oubyen wont pale de Jezi, èske nous anti
nou alèz pou nou idantifye nou ak li ? Anpil fwa, nou rele byen fὸ
pou nou pale ak Bondye pou pwoblѐm ak nesesite nou
yo, men jodi a se moman pou nou louvri bouch nou pou nou mande l’ lagras ak lapѐ,
pou peyi nou, kominote nou, fanmi nou ak lemond antye, lapѐ
ke Jezi, Mouton li an, te pote ba nou e ke nou kapab jwenn an abondans nan li
menm sѐl.
LAPRIYÈ:Bondye
Papa, menm jan avѐk Jan Batis, ranpli nou avѐk fὸs Lespri Sen w’ lan pou nou kapab temwaye Jezi
toutan.
PWOPOZISYON : Tout moun ki an kontak avѐ
m’ ki pa konnen Jezi, m’ap fѐ yo konen ki moun Jezi ye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario