Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"An nou pwoche
avèk konfyans kot twòn gras la".
NAN LÈT POU EBRE YO 4, 12-16
Frè m’ yo:
Pawòl Bondye a vivan, li fè sa pou l’ fè, li pi file pase
tout epe ki koupe de bò, li touche jous nan separasyon nam ak lespri, jous nan
jwenti ak jous nan mwèl, li jije panse ak entansyon kè a. Okenn kreyati pa ret
kache devan l’, tout bagay aklè, louvri nan je l’, nou gen pou nou rann li
kont.
Kòm nou gen yon gran prèt an chèf, ki antre nan syèl yo,
Jezi Pitit Bondye, se pou nou kenbe deklarasyon lafwa a. Sèke nou pa gen yon
prèt an chèf ki pa kapab soufri feblès nou avèk nou, yo tante l’ nan tout bagay
menm jan avèk nou, sof peche a.
Konsa se pou nou pwoche avèk konfyans kot twòn glwa a,
pou nou jwenn mizerikòd, pou nou jwenn gras nan sekou nou bezwen.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 18,
8. 9. 10. 15 (r.: Jn 6, 64b)
R/ Pawòl ou yo, Granmèt, se espri ak
lavi.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam,
temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan,
kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch mwen yo fè ou plezi,
ni refleksyon kè m’ yo devan fas ou,
Granmèt, Wòch mwen, Redanmtè mwen.R.
LEVANJIL
"Mwen pa
vin rele moun ki kòrèk yo, men pechè yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2,
13-17
Lè sa a:
Jezi sòti ankò bò lanmè a, tout foul la te vin jwenn li,
li t’ap ba yo ansèyman. Pandan l’ap pase, li wè Levi pitit Alfe
a, ki chita nan biwo ladwán nan, li di l’: "Suiv mwen". Li leve, li
suiv li.
Rive, pandan l’ap manje nan kay li, anpil pibliken ak pechè
te atable tou avèk Jezi ak disip li yo; sèke yo te anpil ki t’ap suiv li. Skrib
yo ak Farizyen yo, lè yo wè li t’ap manje avèk pibliken yo ak pechè yo, yo t’ap
di disip li yo: "Pou ki sa se avèk pibliken yo ak pechè yo mèt nou an ap
manje, ap bwè a"?
Lè Jezi tande sa, li di yo: "Moun ki an sante pa bezwen
doktè, men se moun ki malad; mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men pechè
yo".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan kòmansman Levanjil sen Jan an, nou li: «Nan kòmansman se te Pawòl la, epi Pawòl la
se te Bondye (Jan 1, 1)». Atravè pawòl Bondye a, nou gen chans pou nou
pale, kontanple Bondye epi klète pawòl sa a kapab disparèt tout kwen fènwa nan
lavi nou depi nou dispoze nou pou resevwa limyè li a. Se sa premye lekti a ede
nou konprann: pawòl la se Bondye menm li ye; li ta bon pou nou toujou li epi
medite li, konsa tout sa n’ap fè nou ta kite se pawòl la ki gide nou.
Nan Levanjil la, Bondye fè nou wè li
rele moun li vle epi tou li te vini sitou pou sila yo ki te pèdi. Ekzanp la
klè, lè Jezi rele Levi pou li swiv li. Rele yon moun ki t’ap travay nan
kontribisyon, se te yon eskandal pou tout moun yo nan tan sa a espesyalman chèf
prèt yo. Li te yon eskandal pou yo, paske yo te gen kategori moun daprè kritè
yo te chwazi pou yon moun kapab sèvi Bondye.
Chèf prèt yo ak lòt moun ki t’ap
obsève Jezi yo te pi choke ankò, lè yo wè Jezi t’ap manje ak pechè yo, moun yo
menm yo meprize. Petèt jounen jodi a nou
ka kritike moun yo paske yo te choke wè Jezi ak pechè yo. Men nou te ka
genyen menm atitid sa a. Konsa li ta bon pou nou fè atansyon pou nou pa gade
moun sou aparans, men pou nou akeyi tout moun san nou pa konsidere ras, kilti,
koulè, relijyon, ran sosyal, konpòtman, nivo edikasyon, nivo ekonomik moun nan
genyen, paske nou tout nou se pitit Bondye, nou tout nou se yon sèl fanmi moun
k’ap viv sou latè; nou gen yon sèl Papa ki se Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ gras pou m’ pran pawòl ou a oserye, pou m’
ka rive makonnen lavi mwen avèk li. Amèn!
PWOPOZISYON: Si m’ pa gade moun sou aparans m’ap pi
lib pou m’ dyaloge e pataje ak tout moun, paske chenn prizon prejije m’ yo ap
kase.
No hay comentarios:
Publicar un comentario