Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«An nou fè vit
pou nou antre nan repo sa a»
LEKTI LÈT EBRE YO 4, 1-5.11
Frè m’ yo :
Malgre pwomès pou antre nan repo l’ la rete fèm, se pou
nou pè pou kèk moun nan nou pa konprann li manke. Yo te anonse nou sa, menm jan
avèk yo menm, men pawòl yo te tande a pa t’ sèvi yo anyen, se pa avèk lafwa yo te
resevwa sa yo te tande yo.
Konsa se pou nou antre nan repo a, nou menm ki kwè yo,
jan l’ di a: «Jan m’ te fè sèman nan kòlè m’ nan, yo pa gen dwa antre nan repo
m’ nan»: depi nan kòmansman tè a travay li yo te fin kòrèk; sèke li di yon kote
osijè setyèm jou a: «Konsa Bondye repoze setyèm jou a pou tout travay li yo».
Epi yon lòt kote ankò : «Yo pa gen dwa antre nan repo m’ nan».
Konsa se pou nou fè vit pou nou antre nan repo sa a, pou
pèsòn pa tonbe ankò sou modèl mank lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77,
3-4bc. 6c-7. 8 (r.: cf. 7c)
R/ Pa bliye travay Bondye yo.
Tout sa nou tande, nou konnen yo, papa nou yo te rakonte
nou, n’ap rakonte yon lòt jenerasyon lwanj Granmèt la ak pouvwa l’.R.
Se pou yo leve, pou yo rakonte pitit yo, pou yo mete
esperans yo nan Bondye, pou yo pa bliye travay Bondye yo, pou yo kenbe
kòmandman l’ yo.R.
Pou yo pa vin tankou papa yo, jenerasyon rebèl, k’ap
revòlte ; jenerasyon ki pa gen kè l’ solid, ki pa gen espri l’ fidèl pou
Bondye.R.
LEVANJIL
«Pitit moun nan
gen pouvwa sou tè a pou l’efase peche yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 1-12
Aprè kèk jou, Jezi tounen ankò Kafanawòm. Lè yo tande li
te nan kay la, anpil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun
menm nan pòt la, li t’ap anonse yo pawòl la.
Yo vin kote l’, antan y’ap pote yon moun ki pa t’ kapab
mache, se kat moun ki t’ap pote l’. Kòm yo pa t’ kapab prezante l’ ba li akòz
foul la, yo defèt plafon an kote l’ te ye a, yo louvri l’, yo glise kabann nan
kote moun nan ki pa t’ kapab mache a te kouche a. Lè Jezi wè lafwa yo, li di
moun nan ki pa t’ kapab mache a : «Pitit mwen, peche ou yo efase».
Te gen kèk pwofesè la, yo te chita, yo t’ap kalkile nan
kè yo : «Ki sa sa a ap di konsa a? L’ap blasfeme. Kilès ki kapab padonnen
peche, si se pa Bondye sèl» ?
Menm lè a Jezi konnen nan espri l’, se konsa yo t’ap
kalkile anndan kè yo, li di yo: «Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an? Ki sa ki pi
fasil pou di moun nan ki pa kapab mache a: «Peche ou yo efase» oubyen: «Leve,
pran kabann ou, mache»? Ebyen pou nou kapab konnen, Pitit moun nan gen pouvwa
sou tè a pou l’ padonnen peche yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a: «Mwen
di ou: «Leve, pran kabann ou, al lakay ou».
Menm lè a li leve, li pran kabann nan, li pati devan tout
moun, atèl pwen tout moun te sezi, yo t’ap fè konpliman pou Bondye, yo t’ap
di : «Nou pa t’ janm wè bagay konsa».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kalite diskou Jezi t’ap pwononse ak efikasite aksyon li
yo, te pèmèt li te gen anpil popilarite nan yon ti bout tan. Konsa te gen kèk
nan pwofesè lalwa yo ki t’ap koute, pawòl sa yo te eskandalize yo, paske de jou
an jou Jezi t’ap rasanble plis moun alantou li, tout moun te vin konnen
Jezi, e sa te lakòz jalouzi gran jèf yo.
Lafwa a fè nou kwè tout bon vre se Jezi ki Sovè
tè a. Jezi ap envite nou pou pou nou vin rich nan Bondye. Pou sa, nou dwe
refize anpil fo richès ke mond la ap ofri nou, tankou : banbòch, move
plezi, anvi, pouvwa.
Levanjil la ede nou wè byen klè ki kalite mirak
lafwa kapab opere, kijan Jezi geri yon moun paralize. Men sa ki plis enpresyon
nou, se kalite lafwa ke moun ki t’ap ede malad la rankontre ak Jezi te
manifeste ; avèk anpil ladrès, yo rive montre pi gwo prèv lafwa yo te
genyen nan Jezi.
Pou Jwif yo, prezans Jezi te nwi yo, paske yo te
konprann se yo menm sèl ki te gen pouvwa nan kay sakre a, anpil moun te tande
pale de Jezi epi yo te wè aksyon li yo tou; anpil moun te sòti tout kote pou
vin jwenn li. Nèg sa a ki te paralize a menm, lè yo te rive avèk li kot Jezi,
te tèlman gen moun, yo pa t’ kapab antre kote Jezi te ye a. Byen vit yo deside
kisa yo pra l’ fè. Finalman, yo jwenn yon mwayen, yo fouye yon twou nan tèt kay
la, epi yo file nèg la desann nan twou a, yo depoze l’ekzakteman devan Jezi, li
wè ki kalite lafwa yo te genyen, li gade l’epi li di l’ : pitit mwen peche
w’ yo padone.
Jezi montre li se Bondye tout bon vre antan li di
nèg paralize a peche li yo padone. Sa moun te konn ap chache anlè a, li deja
rive pou yo atè a. Jezi fè ipokrit yo fèmen bouch yo, paske se li ki gen pouvwa
bay lasante pou nanm nan ak kò a.
Frè ak sè m’ yo, Jezi ki te la yè a, se menm li
menm ki la jodi a ; sa l’ te konn fè lontan, jodi a li kapab fè l’ toujou ;
yon sèl bagay, se pou nou kwè, fè Jezi konfyans ; men li p’ap sove nou san
patisipasyon pa n’ ; fòk nou fè yon demach nan lafwa, epi n’ap wè bèl
mèvèy.
LAPRIYE: Jezi, tanpri gen pitye pou mwen nan mizerikòd ou, efase peche
mwen.
PWOPOZISYON:Jezi padone m’, li geri m’ gratis, mwen menm
tou mwen gen yon dèt padon ak frè ak sè
mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario