Koulè Vèt
TWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ
ANE-A
PREMYE LEKTI
« Nan
Galile nasyon yo, pèp la wè yon gran limyè »
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 9, 1-4
Nan premye tan an peyi Zaboulon an ak peyi Neftali a te
vin tounen yon dezè ; alafen wout lanmè lòt bò Jouden an, Galile nasyon
yo, li jwenn glwa.
Pèp ki t’ap mache nan fènwa yo, li wè yon gran
limyè ; moun yo ki abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo.
Ou te fè nasyon an vin anpil, men ou pa t’ fè kè kontan an vin anpil. Y’ap
kontan devan ou, tankou moun ki kontan nan rekòlt, tankou moun ki ranpòte
viktwa k’ap danse, lè yo fin pran byen ènmi an, lè y’ap separe richès yo. Sèke
jouk li ki t’ap peze sou li a, baton an ki te sou zepòl li a, bagèt moun ki
t’ap fè l’ pase tray yo, ou kraze sa, tankou Madyan an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26,
1. 4. 13-14
R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.
Granmèt la se limyè m’ak sove mwen, ki moun pou m’
pè ?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’
tranble.R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap
chèche :
abite nan kay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè
dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann
Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la. R.
DEZYÈM LEKTI
« Se pou
nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan nou »
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 1,
10-13. 17
Mwen mande nou avèk ensistans, frè m’ yo, o non Granmèt
nou Jezikri, pou nou tout nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan
nou ; se pou nou kòrèk nèt nan menm santiman ak nan menm prensip.
Sèke yo ban m’ nouvèl sou nou, frè m’ yo, se moun Kloe yo
ki di m’ sa, gen divizyon nan pami nou. Mwen di sa, paske chak moun nan nou ap
di : « Mwen menm mwen se moun Pòl », « Mwen menm mwen se
moun Apolon », « Mwen menm menm mwen se moun Sefas »,
« Kanta mwen menm mwen se moun Jezikri ».
Èske Jezikri divize ? Èske se Pòl yo te kloure sou
kwa a pou nou ? Oubyen èske se o non Pòl yo te batize nou?
Jezikri pa voye m’ batize, men preche bòn nouvèl la san
se pa nan sajès pawòl la, pou kwa Jezikri a pa vin vid.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Li rive
Kafanawòm, pou sa Izayi te di a kapab reyalize »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-23
Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile
a ; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafawnawòm bò lanmè a, nan limit
Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize :
« Tè Zaboulon, ak Neftali, wout lanmè a lòt bò
Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran
limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou
yo ».
Apati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di :
« Fè penitans ; paske peyi wa syèl yo tou pre ».
Antan Jezi ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè,
Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a,
se pechè pwason yo te ye. Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou
konn fè lapèch moun”. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li.
Li avanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak pitit Zebede a
avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese
filè yo, li rele yo. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a, yo suiv li.
Jezi t’ap fè tout tou Galile a, li t’ap anseye nan
sinagòg yo, li t’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, li t’ap geri tout kalite
maladi ak tout kalite feblès nan pèp la.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, mwa sa
se mwa pa nou, mwa fèt endepandans nou, mwa Lavyèj Mari, Manman Notre-Dam
Altagras. Konsa, se pou nou fè kè nou kontan nan Granmèt la, antan nou ouvri kè
nou pou nou akeyi lagras li, menm jan ak Manman Mari.
Jezikri vle raple nou li
se Limyè ki klere nan fènwa lavi nou. Pèp la te wè yon bèl limyè pandan l’ap
mache. Konsa nan pelerinaj nou sou tè a kòm pèp migran, nou dwe fikse je nou
sou Limyè Jezi a.
Jezi klere nou ak limyè l’ la pou nou pa viv nan divizyon, nan “chak
koukouy klere pou je li”, men pou nou viv nan lapè youn ak lòt, pou youn
aksepte lòt, pou nou rekonèt nou gen yon menm Sovè ki se Jezikri. Se li pou nou
swiv, se dèyè l’ pou nou mache; se pa dèyè ni Apolon, ni Pòl, ni Sefas, se Jezi
ki sèl Granmèt nou; se li sèl ki kapab sove n’.
Menm jan li rele premye disip sa yo: Pyè, Jan ak Andre, se konsa li rele
nou pou nou tounen pechè moun, pou n’al gaye bòn nouvèl li a tou patou, pou
tounen limyè pou lòt yo, pou limyè temwayaj nou klere nan fènwa tout enjistis
ak mechanste k’ap fèt nan peyi nou ak nan sosyete a. Se pou Jezi toujou klere
nou. Se pou nou mache tout kote nou pase ak flanbo limyè a byen limen.
LAPRIYÈ:Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste
tout tan, dirije aksyon nou yo nan bon plezi ou, pou o non Pitit ou a ou renmen
an, nou rive fè anpil bon aksyon. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Sèvi limyè pou frè w’ la
antan w’ap ankouraje li fè sa ki byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario