Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Li ofri tèt li yon fwa pou tout pou l’ detwi peche
yo, dezyèm fwa a l’ap parèt pou moun k’ap tann li yo".
NAN LÈT EBRE YO 9, 15. 24-28
Frè m’ yo:
Jezikri sèvi entèmedyè nouvo alyans la, pou, gras a lanmò
l’, ki rive pou redanmsyon peche ki te fèt sou ansyen alyans la, moun yo rele
nan eritaj tout tan an yo resevwa pwomès la.
Se pa nan yon tanp ki fèt ak men moun Jezi antre, pòtre
vrè bagay ki sen yo, men se nan syèl la menm, pou l’ parèt koulye a devan fas
Bondye pou nou. Epi se pa souvan l’ap ofri tèt li, tankou prèt an chèf la k’ap
antre nan tanp la chak ane ak san ki pa pou li a; otreman se anpil fwa li t’a
blije soufri depi kòmansman tè a; men koulye a, se yon fwa pou tout jous
finisman syèk tan yo, li parèt pou l’ detwi pech a gras a sakrifis li a.
Kòm se yon lwa pou moun yo, pou yo mouri yon fwa pou
tout, epi aprè sa se jijman an; konsa tou Jezikri ofri tèt li yon fwa pou tout
pou l’ detwi peche yo, dezyèm fwa a l’ap parèt san peche pou moun yo k’ap tann
li yo pou sove l’ap sove yo a.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Chante
yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li
fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li sove a, devan fas nasyon yo
li devwale jistis li a.Li sonje mizèrikòd li,ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;sou
twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
"Satan
jwenn finisman l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 22 -30
Lè sa a:
Skrib yo, ki te desann sot Jerizalèm yo, yo t’ap di:
"Se Bèlzeboul li genyen, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon
yo".
Li rele yo, li di yo an parabòl: "Kijan Satan kapab
chase Satan? Si yon peyi wa divize andan l’, peyi wa sa a pa kapab kanpe. Si
yon kay gen divizyon andan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve
kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’. Pèsòn pa
kapab antre nan yon kay avèk zam, pou l’ piye, si l’ pa kòmanse mare moun ki
gen fòs la, aprè sa, 1’a piye kay li a.
Amèn mwen di nou, tout peche pitit moun yo fè, y’ap
padone yo, ni blasfèm ki sèvi yo blasfeme yo; men moun ki blasfeme kont Lespri
Sen an, li p’ap janm gen padon, men l’ap koupab yon peche pou tout tan".
Sèke yo t’ap di: "Se yon Lespri papwòp li genyen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Levanjil jodi a
ede nou konprann kijan li pa fasil pou moun k’ap travay pou sa ki byen sou tè a
fas a moun ki pa kwè nan mèvèy Bondye yo. Moun ki pa kwè nan Bondye pa kwè nan
renmen, li pa kwè non plis nan fè sa ki byen; epi li pa gen kè sansib pou sa k’ap
soufri yo.
Nou kapab konprann sa nan akizasyon
Skrib yo fè kont Jezi nan pasaj levanjil nou pwoklame jodi a. Skrib yo, ki
te desann sot Jerizalèm, yo t’ap di: "Se
Bèlzeboul li genyen nan tèt li, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo".
Li rele yo, li di yo an parabòl: "Kijan Satan kapab
chase Satan? Si yon peyi wa divize anndan l’, peyi wa sa a pa kapab kanpe. Si
yon kay gen divizyon anndan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve
kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’ (Mak 3,
22ss).
Se yon gwo mesaj pou nou menm kretyen
k’ap lite pou sa ki byen sou tè a. Si yo
akize Jezi ki bwa vèt la, kisa yo p’ap fè ak nou ki se bwa sèk la? Men nou gen
espwa ke viktwa a se pou nou menm’ ki mete konfyans nou nan sila ki gen tout
pouvwa a, ki se Bondye renmen an.
Jan sen Pòl di nou: Jezikri sèvi entèmedyè
Nouvo Kontra a, pou gras a lanmò l’ ki rive pou redanmsyon peche ki te fèt sou
Ansyen Kontra a , moun yo rele nan eritaj tout tan an yo resevwa pwomès la. Nou
gen espwa Bondye p’ap janm kite nou pou kont nou, se sa ki fè n’ap lite pou
lavi, renmen ak lacharite kapab tabli nan fanmi nou ak nan sosyete a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ba nou fòs ak kouraj pou nou ranpli devwa nou
kòm patizan Kris la, pou nou kapab defann lavi, menm si gen anpil moun k’ap kritike n’, k’ap di tèt nou pa dwat. Nou
konnen sajès mond lan se yon van kontrè pa rapò a sajès Lepri w’ la. Se pou sa
n’ap mande ede nou chèche fè w’ plezi pito olye n’ap fè mond lan plezi.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap fè sa m’ kapab pou ede yon moun sòti nan
soufrans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario