Páginas

JEDI 5

Koulè Blan.
PREMYE LEKTI
"Nou travèse sot nan lanmò a al nan lavi a, paske nou renmen frè n’ yo"
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 11-21
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men nouvèl la, nou te tande depi nan kòmansman an, pou nou youn renmen lòt. Se pa tankou Kayen, ki te sot nan move a, ki te touye frè l’ la. Epi pouki sa li te touye l’? Paske aksyon l’ yo te move, men aksyon frè l’ yo menm te kòrèk.
Pa sezi, frè m’ yo, si tè a rayi nou. Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò al nan lavi a, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa renmen, li rete nan lanmò. Tout moun ki rayi frè l’, li se kriminèl, nou konnen okenn kriminèl pa gen lavi tout tan an ki rete nan li.
Se nan sa nou konnen charite Bondye a, sèke sa a te bay lavi l’ pou nou, nou menm tou nou dwe bay lavi nou pou frè nou yo.
Moun ki gen byen tè sa a, epi li wè frè l’ ki nan bezwen, malgre sa li fèmen zantray li devan l’, kijan charite Bondye a kapab rete nan li?
Ti pitit mwen yo, pa renmen ak pawòl ni ak lang, men nan aksyon ak verite. Se nan sa nou konnen se nan verite a nou sòti, epi devan fas li nou asire kè nou.
Sèke, si kè nou repwoche nou, Bondye pi gran pase kè nou, li konnen tout bagay. Nou menm mwen renmen anpil la, si kè nou pa repwoche nou, nou gen konfyans kot Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r. 2a)
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a,
sèvi Granmèt la nan kè kontan;
antre devan fas li avèk gran fèt.R.

Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye;
se li menm ki fè nou, se pou li nou ye,
pèp li ak mouton pak li.R.

Antre nan pòtay li yo avèk lwanj,
nan lakou l’ yo avèk kantik,
fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.

Sèke Granmèt la bon;
pou tout tan li gen mizerikòd,
pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
"Ou se Pitit Bondye a, wa Izrayèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 43-51
Lè sa a:
Jezi te vle pati al nan Galile; li jwenn Filip. Jezi di l’: "Suiv mwen". Filip menm se te moun Betsayid, vil Andre ak Pyè a.
Filip jwenn Natanayèl, li di l’: "Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun Nazarèt la".
Natanayèl di l’: "Nan Nazarèt, ki sa ki kapab sòti debyen"?
Filip di l’: "Vini, w’a wè".
Jezi wè Natanayèl k’ap vin kote l’ li di osijè l’: "Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti".
Natanayèl di l’: "Kote ou konnen m’"?
Jezi reponn, li di l’: "Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou".
Natanayèl reponn li, li di: "Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl".
Jezi reponn, li di l’: "Paske mwen di ou 'Mwen te wè ou anba pye figye a', ou kwè: w’ap wè pi gran pase bagay sa yo".
Li di l’: "Amèn, amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la louvri, ak anj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit moun nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
RELEKSYON:Depi nan kòmansman istwa delivrans nou, Bondye itilize plizyè mwayen pou li antre an kontak avèk nou. Gen moun li rele dirèkteman, gen lòt li rele pandan yo nan yon sikonstans, konsa tou, gen lòt menm, se pa lentèmedyè yon lòt moun li rele yo. Kèlkeswa mayen Bondye itilize pou rele nou, nou dwe reponn apèl li.
Nan Levanjil jodi a, Filip jwenn Natanayèl, li di l’ : sila Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt. Natanayèl poze l’ kesyon, li di l’ :«Nan Nazarèt, kisa ki kapab sòti debyen ?». Kesyon sa sòti nan lespri konpetisyon ki ekziste ant de rejyon sa yo : Nazarèt ak Kana. Anplis, lansèyman eskrib yo te anpil moun kwè, Mesi ki gen pou vini an, se nan nan Bètleyèm, nan Jide l’ap sòti, se pa nan Nazarèt nan Galile.
Frè ak sè m’, anpil fwa, malerezman, nou menm tou nou gen prejije. Nou jije moun sou aparans. Poutan, Bondye li menm, se selon renmen an li jije nou. Filip bay Natanayèl menm repons Jezi te bay lòt patizan li yo : «Vini, w’a wè». Se pa fòse Jezi fòse nou, men li envite nou antre nan entimite renmen li an, pou li fè nou pataje misyon li an. Natanayèl pa t’ rete nan erè l’ la : li te gen kouraj pou l’ di : "Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl". Deklarasyon lafwa sa  fè Jezi rekonèt li tankou yon vrè pitit Izrayèl, yon nèg konsekan, yon moun ki rekonèt fay li.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, menm jan ak Natanayèl, fè rekonèt ou e deklare ou se wa lavi nou.

PWOPOZISYON:Jezi, ou menm ki gen kontwòl nou, tanpri rete avèk nou toutan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario