Páginas

VANDREDI 6

Koulè Blan.
EPIFANI GRANMÈT LA
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
« Glwa Granmèt la leve sou ou.»
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 60, 1-6
Leve, klere, Jeruzalèm, paske limyè ou la rive, glwa Granmèt la leve sou ou. Sèke men fènwa yo ap kouvri tè a, tenèb ap kouvri pèp yo; men sou ou se Granmèt la ki leve, y’ap wè glwa l’ nan ou.
Nasyon yo ap mache nan limyè ou, wa yo nan klète nesans ou a. Leve je ou toutalantou, gade : tout sa yo rasanble, y’ap vin jwenn ou ; pitit ou yo ap vin sot byen lwen, pitit fi ou yo ap parèt, y’ap pote yo sou bra.
Lè sa a w’ap wè, w’ap plen richès, kè ou ap sezi, l’ap gonfle, lè kantite richès lanmè a ap rive sou ou a, lè foul nasyon yo ap rive sou ou a, se yon rivyè chamo k’ap kouvri ou, dwomadè Madyan ak Efa ; yo tout ap vin sot Saba, y’ap pote lò ak lansan, y’ap chante lwanj Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 1-2. 7-8. 10-l1. 12-13
R/ Tout nasyon tè a ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou nan, bay pitit wa a jistis ou a;
l’a jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Jistis ap fleri nan jou l’ yo, ak lapè an kantite, joustan lalin nan disparèt.L’ap kòmande sot nan lanmè jous nan lanmè,
sot nan gran rivyè a jous nan limit fas tè yo.R.
Wa Tasis yo ak zile yo ap ofri richès, wa Arab yo ak Saba ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’, tout nasyon yo ap sèvi l’.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen moun pou pote l’ sekou. L’ap pran pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove nanm pòv yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Koulye a yo devwale kijan nasyon yo eritye pwomès la ansanm avèk nou”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO    3,2-3a. 5-6
Frè m’ yo:
Nou te tande kijan Bondye te fè m’ gras pou nou; sèke li devwale m’ mistè sa a pitit moun yo pa t’ konnen nan lòt jenerasyon yo, jan l’ devwale l’ bay Apot yo ak Pwofèt yo ki sen yo nan Espri a: nasyon yo eritye ansanm avèk nou, yo fè yon sèl kò avèk nou, yo patisipe menm jan avèk nou pou pwomès li a nan Jezikri pa lentèmedyè bòn nouvèl la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Nou vin sot olevan pou nou adore wa a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 1-12
Lè Jezi te fèt nan Bètleèm Jida, nan jou wa Ewòd, men Maj sot olevan rive Jerizalèm, ap di : « Kote sa a ki fèt la, wa juif yo » ?  Nou wè zetwal li reyèlman olevan, epi nou vin adore li ».
Wa Ewòd menm antan l’ tande, li twouble epi tout Jerizalèm avèk li ; antan l’ rasanble tout chèf prèt yo ak skrib pèp la, li kesyone yo ki kote Kris la t’ap fèt.
Yo menm menm yo di l’ : « Nan Bètleyèm Jida ; se konsa reyèlman sa ekri pa lentèmedyè Pwofèt la : « Epi ou menm, Bètleèm, tè Jida, ou pa pi pitit nan chèf Jida yo, nan ou reyèlman l’ap sòti, chèf la k’ap kòmande pèp mwen Izrayèl la kòm wa a ».
Lè sa a atò, Ewòd rele Maj yo an kachèt, li fè yo eksplike l’avèk swen tan zetwal la ki te parèt ba yo a, epi antan l’ voye yo Bètleyèm, li di : « Ale, epi pran ransèyman avèk swen osijè pitit la, lè n’a jwenn li, tounen avèti m’, pou mwen menm tou m’al adore li ». Yo menm, kon yo fin tande wa a, yo pati.
Epi menm zetwal la yo te wè olevan an, li t’a prale devan yo, jous li vin ret anlè kote ti pitit la te ye a. Antan yo wè zetwal la, yo kontan anpil ; epi antan yo antre nan kay la, yo wè pitit la avèk Mari, manman l’, epi antan yo lage kò yo atè, yo adore l’. Epi antan yo louvri trezò yo, yo ofri l’ kado : lò, epi lansan, epi lami.
Epi antan yo resevwa repons nan sonj pou yo pa tounen kot Ewòd, se atravè yon lòt chemen yo tounen nan rejyon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a 6 janvye, n’ap fete nan Legliz la Epifani ke nou menm trѐ souvan nou rele l’ fѐt Lѐwa. Sa sa vle di Epifani ? Sa vle di Jezi Granmѐt la, Pitit Bondye a parѐt devan tout nasyon yo e atravѐ li menm Bondye manifeste renmen li genyen pou tout pѐp, tout ras san distenksyon.
Tout sa Bondye te anonse nan Jerizalѐm, nan bouch pwofѐt Izayi, se te yon avan-gou sou tout sa ki te gen pou rive, paske Jezi fѐt nan Betleyѐm pou l’ kapab sove nou tout. Se li menm ki delivre pὸv k’ap rele, moun ki san sekou, san l’ pa gade ni ras, ni koulѐ, paske tout pѐp gen valѐ devan je l’. Pwofѐt Izayi te gen tan anonse Jezi tankou Limyѐ pou klere limanite nan mitan fѐnwa ak tenѐb ki kouvri li. Se tout sa ki pral pase an reyalite avѐk Wa Maj yo, pwofѐt la te gen tan anonse l’.
Nan dezyѐm lekti a, Sen Pὸl nan lѐt li ekri moun Efѐz yo, li pataje avѐk yo eksperyans yo kὸm apot ak pwofѐt, kὸman Bondye te manifeste prezans li nan yo. Pi devan nan levanjil la, nou wѐ kὸman tout sa pwofѐt Izayi te anonse depi lontan osijѐ de Jezi te parѐt aklѐ. Limyѐ sa a li t’ap anonse ki gen pou klere a, se Jezi li menm ki briye nan mitan tout nasyon yo.
Bondye manifeste li nan lavi chak moun yon fason diferan; se konsa lѐ Jezi te fѐt, li fѐ gadò mouton yo konn sa atravѐ zanj yo. Nou wѐ nan Levanjil jodi a kὸman li anonse nesans Jezi avѐk Wa Maj yo atravѐ yon zetwal paske li te konnen ke yo gen kapasite pou yo etidye yon siy ki parѐt devan yo. Se yon nesesite pou nou tout e nou chak pou nou chѐche rankontre Bondye, swa moun ki konnen l’ deja pou nou mete nou pi pre l’, swa moun ki poko konnen l’ ditou, moun ki lwen l’ pou nou chѐche l’ menm jan ak Wa Maj yo ki te sòti jis kote solѐy leve pou te vin adore l’.
Konsa nou tout, nou va rive rekonѐt li tankou limyѐ ki vini pou klere nou, ki pou plen nou ak kѐ kontan. Menm jan ak Wa Maj yo, nou pa genyen ni lὸ, ni lansan ni lami pou nou ba li ; men pi gwo kado nou ka ba li ki va fѐ li plis plezi, se kѐ nou, yon kѐ ki plen lanmou pou Bondye epi pou pwochen nou.
An nou mande Bondye fѐ nou tounen yon limyѐ nan mitan fѐnwa ak tenѐb ki kouvri fas tѐ a, menm jan ak zetwal Betleyѐm nan ki te gide Wa Maj yo jiskaske yo te rive jwenn Wa linivè a pou yo adore li.
LAPRIYE : Bondye, ou menm ki devwale Sèl Pitit ou a nan jounen jodi a bay nasyon yo, gras a zetwal la ki t’ap kondui yo a, fè nou favè avèk bon kè ou, pou nou menm ki deja rekonèt ou nan lafwa a, nou kite ou kondui nou jous nan vizyon fas ou nan syèl la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON : M’ap branche lavi mwen nan Limyè Jezi a, pou m’ ka tounen limyè pou frè ak sè mwen yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario