Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Eseye espri yo
si se nan Bondye yo sòti.”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 22—4, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Tout sa nou kapab mande n’ap resevwa l’ nan men l, paske
nou kenbe kòmandman l’ yo, epi se sa k’ fè l’ plezi devan l’ nou fè.
Sa a se kòmandman l’ nan, pou nou kwè o non Pitit li a
Jezikri, epi pou nou youn renmen lòt, jan l’ te ba nou lòd la. Moun ki kenbe
kòmandman l’ yo, li rete nan li, ni li menm tou nan li ; se nan sa nou
konnen Espri li te ba nou an rete nan nou.
Nou menm mwen renmen anpil la, pa kwè nan tout kalite
espri, men se pou nou eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti; paske gen anpil
fo pwofèt ki sòti sou tè a. Nan sa yo rekonèt Espri Bondye a: tout espri ki
rekonèt Jezikri vini nan chè a, se nan Bondye li sòti; tout espri ki nye Jezi,
se pa nan Bondye li sòti; sa a se Antikris la, sa nou te tande di li t’ap vini
an, koulye a li deja sou tè a.
Nou menm se nan Bondye nou sòti, ti pitit mwen yo, nou
ranpòte viktwa sou li : paske sa a ki nan nou an li pi gran pase sa a ki
sou tè a. Yo menm se sou tè a yo sòti ; se pousa se koze tè a y’ap pale,
tè a menm koute yo. Nou menm se nan Bondye nou sòti. Moun ki rekonèt Bondye, li
koute nou ; moun ki pa sot nan Bondye, li pa koute nou : nan sa nou
rekonèt espri verite a ak espri erè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 2,
7-8. 10-11
R/ M’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou.
M’ap anonse desizyon l’ nan : Granmèt la di
m’ : « Se pitit mwen ou ye ; se mwen jodi a ki anfante ou. Mande
m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou se limit tè a.R.
Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije
tè a. Sèvi Granmèt la ak respè, fete devan l’avèk sezisman. R.
LEVANJIL
« Peyi wa
syèl yo tou pre ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-17.
23-25
Lè sa a :
Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a; li
kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafanawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak
Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize:
« Tè Zaboulon, ak tè Neftali, wout lanmè a lòt bò
Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran
limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou
yo ».
A pati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di :
« Fè penitans, paske peyi wa syèl yo tou pre ».
Jezi t’ap fè tout tou tout Galile a, l’ap bay ansèyman
nan sinagòg yo, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, l’ap geri tout maladi ak tout
feblès nan pèp la. Repitasyon l’ travèse tout Siri a ; yo mennen tout moun
malad ba li, sa k’ gen divès kalite maladi ak soufrans k’ap peze yo, sa k’ gen
demon, sa k’ gen maladi tonbe, sa k’ pa kapab mache, li geri yo. Anpil foul
suiv li sot depi Galile a ak Dekapòl ni Jerizalèm, ni Jide ni lòt bò Jouden.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Frè ak sè m’ yo, nou wè jodi a Apot Jan ap pale nou de renmen, e nou
konnen ki enpòtans renmen genyen nan lavi yon moun. Yon moun ki pa gen renmen
nan kè l’, li p’ap viv kòm pitit Bondye, paske Bondye se renmen. Renmen se yon
bagay ki mande anpil sakrifis, ki mande pou ou bliye pwòp tèt ou pou sèvis moun
ki nan nesesite ; li mande pou ou pa viv nan egoyis, rayisans, ogèy,
ipokrizi, mechanste ; li mande pou ou pa fè kè w’ di devan soufrans ak
kalamite lòt frè w’ yo, pataje sa w’ genyen ak sa ki nan bezwen. Siy sa yo, se
yo ki montre si n’ap konstwi tout bon vre rèy Bondye a sou tè a.
Jezi
vini, se sa li vin aprann nou viv « pou youn renmen lòt, pou nou ka antre
nan Wayòm Bondye a ». Renmen pa nan patipri, li pa gade sou figi, li pa jije
sou aparans, sou fason w’ abiye, sou sa w’ posede ; men pito renmen mande
pou n’ fè menm jan ak Jezi: aprann padone, rekonsilye ak moun ki fè w’ bagay ki
mal ; konsa Bondye va wè kijan ou gen bon kè, l’a beni w’ epi byen w’ yo
ap pwospere paske Bondye toujou rekonpanse moun k’ap fè byen, moun ki renmen
tout bon. Se sa Jezi vle di nou nan levanjil la, limyè Bondye toujou klere sou
moun kòrèk yo.
Anpil
fwa lè nou kite peche anvayi nou, li bouche je nou, li fè nou mache nan chemen
pèdisyon, nou vire do bay Bondye. Nan moman sa yo nou toujou gen tandans chache
Bondye kote li pa ye, sa vle di nan sèvis zidòl, adore move lespri, tounen
esklav wougan.
Jezi
ap di nou jodi a, sèl bagay ki ka fè nou viv ak kè kontan, se aprann renmen
pwochen nou. Se pa yon bagay ki fasil, men konsa tou li pa enposib, paske
Bondye pa janm mande nou fè sa li konnen nou pa ka fè, li konnen limit nou. Si
li mande nou sa, se paske li konnen nou kapab.
Jodi a, ann kreye yon lòt
konsyans nan nou pou nou viv kou frè ak sè, pitit yon menm Papa ki se Bondye,
Granmèt la. Chirepit, zizani, move je p’ap ede nou pwogrese, okontrè nou bouke
ak bagay yo sa k’ap detwi nou. An nou aprann renmen jan Jezi mande nou sa.
Ann di menm jan ak Sent Terèz
de Jezi: «Moun ki gen Bondye nan lavi l’, li pa janm manke anyen paske sèlman
Bondye sifi pou regle tout bagay ».
LAPRIYÈ : Granmèt,
nan sezon nwèl sa a, tanpri libere m’anba chenn tout move santiman ki anpeche
m’ viv nan renmen ak lòt frè ak sè m’ yo, paske mwen vle vin yon moun nouvo.
Amèn.
PWOPOZISYON : Pandan tan Nwèl sa, si m’ pa t’ byen ak yon moun, m’ap
rekonsilye avè l’ san ipokrizi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario