SEN ANTWÁN, ABE
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou gen
esperans yo ofri nou an tankou yon lank ki asire, ki fèm».
LEKTI LÈT EBRE YO 6, 10- 20
Frè m’ yo :
Bondye pa enjis, pou l’ bliye aksyon nou ak renmen nou
an, sa nou montre o non l’ nan, nou menm ki te sèvi yo, epi ki kontinye ap sèvi
yo ankò. Nou anvi pou chak moun nan nou montre menm aktivite a pou l’ reyalize
esperans la jous nan bout; pou nou pa vin parese, men pou nou pran modèl sou sa
yo ki eritye pwomès yo gras a lafwa ak pasyans yo.
Reyèlman, lè Bondye t’ap fè pwomès bay Abraam nan, li pa
t’ gen pèsòn ki pi gran pase l’ pou l’ te fè sèman o non l’, li fè sèman sou
pwòp tèt li, antan l’ di: «Amèn m’ap beni ou byen beni, m’ap fè ou vin anpil
anpil». Konsa li pèsevere, li reyisi jwenn sa Bondye te pwomèt la. Moun yo
menm, se sou yon pèsonaj ki pi gran pase yo yo fè sèman, tout diskisyon yo fini
lè gen garanti sèman an.
Bondye te vle montre eritye pwomès yo kijan desizyon l’
pi fèm toujou, li poze sèman an nan mitan, pou nou jwenn anpil ankourajman gras
a de bagay sa yo ki fèm nan (nan yo Bondye pa kapab fè manti), nou menm ki
jwenn kachèt, pou nou kenbe esperans la fèm, sa l’ ofri nou an; esperans sa a,
nou genye l’ tankou yon lank ki fèm pou nam nou, ki asire, ki fèm, ki antre
jous anndan vwal la, kote Jezi pran devan pou nou, li antre, li menm ki vin
tounen prèt an chèf pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110,
1-2; 4-5. 9 e 10e (r.: 5b)
R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou
tout tan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun
kòrèk yo ak asanble a. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo
chèche yo.R.
Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen mizerikòd, li pran
pitye.
Li bay moun ki krenn li yo manje; l’ap sonje alyans li a
pou tout tan.R.
Li voye redanmsyon pou pèp li a, li kòmande alyans li a
pou tout tan. Non l’ sen, li terib ; lwanj li dire pou tout tan
gen tan.R.
LEVANJIL
«Saba a se pou
moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 23-28
Rive pandan Granmèt la t’ap pase nan jaden ble yon jou
saba, disip li yo te kòmanse ap mache devan, ap kase zepi yo. Farizyen yo menm
yo t’ap di l’: «Gade, pouki sa jou saba a y’ap fè sa yo pa gen dwa fè a»?
Li di yo : «Èske nou pa t’ li sa David te fè lè l’
te nan bezwen, lè l’ grangou, li menm ak moun yo ki te avèk li yo? Kijan li te
antre nan kay Bondye a sou tan Abyata chèf prèt yo, li te manje pen ki te
ekspoze yo, sa pèsòn pa t’ gen dwa manje sof prèt yo, epi li te bay moun yo ki
te avèk li yo» ?
Li t’ap di yo : «Saba a se pou moun nan li fèt, se
pa moun nan ki fèt pou saba a; se pousa Pitit moun nan se mèt ata saba a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou
saba a; se pousa Pitit moun nan se Mèt ata saba a».
Pawòl sa fè nou sonje valè nou gen nan
je Bondye ; Granmèt la ba nou plis enpòtanas ke tout bagay li kreye ;
li ba nou plis valè ke tout sa ki ekziste nan lemond, menm prensip ak lalwa
relijye yo, paske pou li menm se diyite pitit li yo Li konsidere avan tout
bagay, se poutèt sa Sen Irene te di : «Granmèt
la jwenn laglwa lè pitit li yo viv, sitou lè yo viv ak diyite, nan respè, nan
renmen».
Sa se yon mesaj ankourajan, se yon bon
nouvèl e an menm tan se yon angajman, pou nou renmen lavi epi pwoteje lavi,
pwòp lavi nou epi lavi lòt yo.
Tout moun dwe konnen sa klè : tout
pitit Bondye dwe viv ak diyite e diyite sa pa gen anyen ki ka ranplase li, ni
pa gen anyen ke pèsonn kapab mete pi wo pase li.
Pa gen pèsonn moun ki ka renmen nou
pase Bondye, puiske li renmen nou san mezi, li fou pou nou. Konsa, li enpòtan
pou nou menm tou nou aprann kominike renmen sa bay lòt yo. Se pou nou renmen
Jezi nan sila yo ki pi piti, se pou nou anbrase Jezi nan sila yo ki konte sou
nou, sila yo k’ap lonje men ba nou, sila yo ke sosyete a mete sou kote, sila yo
ke sosyete rele endijan oubyen pòv. Se nan yo menm nou ka rankontre ak Jezi
tout bon vre, lè nou ouvri bra nou ak kè nou pou nou akeyi yo epi ede yo viv ak
diyite. Lè nou lite pou nou fè yo respekte dwa yo, lè nou fè solidarite avèk
yo.
LAPRIYE :
Mèsi Granmèt paske ou fè m’ konnen mwen vo plis pase tout sa lèzòm envante,
mèsi paske ou vle m’ viv ak diyite.
PWOPOSISYON : M’ap fè yon
jès de solidarite ak yon frè ou yon sè m’ ki nan bezwen, san mwen pa tann li
remèt mwen sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario