Páginas

MÈKREDI 18

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk".
NAN LÈT POU EBRE YO 7, 1-3- 15-17
Frè m’ yo:
Mèlkisedèk, wa Salèm, prèt Bondye ki anwo nèt la, li menm ki te vi n’ rankontre Abraam ki te vin sot touye wa yo, li te beni l’, epi Abraam te pran dizyèm pati tout bagay, li te mete apa pou li: tou dabò non l’ vle di "Wa jistis", epi tou li se wa Salèm, sa vle di "wa lapè", san papa, san manman, san ras, lavi l’ pa gen kòmansman ni finisman nan jou l’ yo, li sanble ak Pitit Bondye a, li ret prèt pou tout tan.
Bagay sa a vin pi klè ankò, si, daprè resanblans Mèlkisedèk la gen yon lòt prèt ki leve, ki pa vin tounen prèt daprè yon lwa kòmandman lachè, men daprè pouvwa lavi ki pa kapab detwi a. Reyèlman yo sèvi l’ temwen: "Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk".
Pawòl Granmèt la
SÒM  REPONS 109, 1. 2. 3. 4
R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.
Granmèt la di Granmèt mwen: "Chita adwat mwen, joustan mwen plase ènmi w’ yo kòm eskalye pye ou".R.
Baton pouvwa w’ la, Granmèt la voye l’ sot nan Siyon: kòmande nan mitan ènmi w’ yo.R.
Pouvwa ou avèk ou jou fòs ou a, nan glwa ki sen yo, nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R.
Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li: "Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk".R.
LEVANJIL
"Èske jou saba yo nou gen dwa sove yon lavi oubyen pèdi li"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 1-6
Lè sa a:
Jezi antre ankò nan sinagòg la, te gen yon mesye la a ki te gen men l’ seche. Yo t’ap obsève l’ pou yo wè si li t’ap fè gerizon an jou saba a, pou yo akize l’.
Li di moun nan ki te gen men seche a: "Leve nan mitan an". Li di yo: "Èske jou saba, yo gen dwa fè byen oubyen mal? Sove yon lavi oubyen pèdi li"? Yo menm menm yo te pe bouch yo. Li gade yo toutalantou avèk kòlè, li te gen lapenn poutèt yo te fèmen kè yo a, li di mesye a: "Lonje men ou". Li lonje l’, men l’ vin enganm.
Farizyen yo menm sòti menm lè a, yo fè konplo avèk disip Ewòd yo, kont li, pou yo wè kijan yo t’ap fè l’ mouri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a (Ebre 7,1-3-15-17) ede nou konprann Jezi se pi gran Prèt (pè) ki ekziste,paske li diferan ak lòt pè yo. Pouvwa li pa sòti nan kòmandman lachè, pouvwa li sòti anwo nan men Papa ki gen tout pouvwa a. Pouvwa li ekziste pou tout tan.  Kòm Prèt, li diferan ak prèt Ansyen Kontra yo. Li sanble ak Mèlkisedèk, sa vle di, li prèt pou tout tan. Kòm prèt, li pote lapè, jistis ak renmen. Li la pou tout moun, li vini pou tout moun kapab gen lavi epi lavi ki p’ap janm fini  an. Tèks sa vle fè nou dekouvri kalite valè Jezi genyen.
Nan Levanjil sa a (Mak 3,1-6) nou wè kijan farizyen yo ap chèche pran Jezi nan pèlen. Yo te vle akize l’ kòmkwa se yon moun ki pa respekte lalwa, ki  pa respekte prensip, kòmsi se yon viris k’ap wonje sosyete a. Jezi fè yo konprann kòmandman yo la pou byen moun yo.
Anpil fwa nou konn gen tandans mete prensip yo an premye; men Jezi montre nou ke lavi a gen anpil valè, anpil enpòtans. Èske jou saba yo gen dwa fè byen ou mal? Sove yon lavi ou byen pèdi l’? Se kesyon sa Jezi vle nou reflechi sou li.
Nan lavi Legliz la, anpil fwa kè nou bouche, kè nou ranpli ak ipokrizi. Nan Levanjil  sa a, Jezi vle montre nou li vin sou tè a, se pou li kapab sove tout moun. Sa ki pi enpòtan se pou nou travay pou ede moun viv ak diyite.
Malgre tout anpèchman Jezi te jwenn, li te fè volonte Papa a, li te fè misyon Papa a te konfye li a. Li reyalize Pawòl pwofèt yo te anonse a : Geri moun ki malad yo. Jezi te geri moun enfim sa pou li te ka montre farizyen yo ke Bondye se lavi li vle pou pitit li yo. Ann mete konfyans nou nan Bondye ki vin delivre n’, ki pote kè kontan pou nou. 
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, louvri kè mwen, ede mwen wè bezwen lòt yo.

PWOPOZISYON: Fè yon bagay konkrè e ki bon pou ede yon moun ki nan bezwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario