Koulè Vèt
SETYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
« Se pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm ».
NAN LIV LEVITIK
19, 1-2. 17-18
Granmèt la pale
ak Moyiz, li di :
« Pale ak
tout foul pitit Izrayèl yo, w’a di yo : « Se pou nou sen, paske mwen
menm mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa rayi frè ou
nan kè ou, men se pou ou reprann li an piblik, pou ou pa gen peche sou li. Pa
chèche vanjans, pa sonje move pawòl moun menm peyi ak ou yo. Se pou ou renmen
zanmi ou tankou ou menm. Se mwen menm Granmèt la ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8 e 10. 12-13
R/ Granmèt la pran
pitye, li sansib.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’ anndan m’, fè konpliman pou non l’
ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki
padonnen tout fot ou yo, li geri tout maladi ou yo : li menm ki delivre
lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak mizerikòd, ak pitye.R.
Granmèt la pran
pitye, li gen mizerikòd, li pran pasyans, li gen anpil mizerikòd. Se pa daprè
peche nou yo li trete nou, ni daprè fot nou yo li renmèt nou.R.
Otan olevan
lwen okouchan, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.
Tankou papa
sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki krenn li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
« Tout bagay se pou nou, nou menm se pou Jezikri nou ye, Jezikri menm
li pou Bondye »
NAN PREMYE LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 3, 16-23
Frè m’
yo :
Èske nou pa
konnen se tanp Bondye nou ye, epi Espri Bondye a abite nan nou ? Si yon
moun atake tanp Bondye a, Bondye ap kraze l’. Tanp Bondye a sen, se nou menm.
Pèsòn pa bezwen
twonpe tèt li. Si gen yon moun nan pami nou ki konprann li gen sajès ; nan
sans syèk sa a, se pou l’ vin fou pou l’ kapab gen sajès ; sèke sajès tè
sa a se foli kot Bondye.
Sèke men sa k’
ekri : «M’ap pran saj yo nan pyèj yo» ; epi tou : «Granmèt la
konnen panse saj yo, yo pa vo anyen ». Konsa pèsòn pa bezwen tire lwanj
nan lèzòm. Tout bagay pou nou ; swa Pòl, swa Apolon, swa Sefas, swa tè a,
swa lavi a, swa lanmò a, swa sa k’ la koulye a, swa sa k’ap vini an ; tout
bagay reyèlman vre se pou nou, nou menm nou pou Jezikri, Jezikri menm li pou
Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Renmen lènmi nou yo».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 38-48
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
« Nou te
tande yo te di : « Je pou je, dan pou dan ». Mwen, mwen di nou
pa reziste mechan an ; men si yon moun frape ou sou machwa dwat ou,
prezante l’ bò gòch la tou ; moun ki vle fè pwosè nan jijman avèk ou pou
l’ pran chemiz ou, kite manto a pou li tou ; nenpòt ki moun ki fòse ou fè
mil pa, ale, fè de mil pa avèk li. Moun ki mande ou, ba li ; moun ki vle
prete nan men ou, pa vire do ba li.
Nou te tande yo
te di : « Se pou ou renmin pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou. Mwen
menm mwen di nou : Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo,
lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou ; pou nou
kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou
bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen
sa a yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen ? Èske pibliken yo pa fè
sa ? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis ? Èske
payen yo pa fè sa ? Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan
syèl la li kòrèk nèt ».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Dimanch pase, nou te wè
kijan li enposib pou nou fè Bondye plezi si nou pa aprann kiltive tolerans, si
nou pa aprann padone youn lòt, si nou pa aprann viv an amoni youn ak lòt.
Litiji Pawòl Bondye pou jodi a ap ede nou konprann kòman li enpòtan pou nou
renmen epi kijan renmen an kapab ede nou jwenn kalite amoni sa ke n’ap chèche
a. Jounen jodi a, pou jan nou wè mond nou an ap evolye, se sèl renmen ki kapab
pote lapè pou nou, se pa Nasyon Zini.
Sèl fòs ki kapab
transfòme mond nou an, se fòs renmen an. Nou menm ki se patizan Jezikri, nou
kwè nan verite sa a ak tout fòs nou ; men pou kèk rezon nou gen lapenn pou
nou mete li an pratik. Jou nou rive kapab fè yon vrè konvèsyon, n’a kapab bay
temwayaj devan tout moun, ke ni zam chimik, ni vyolans gwo nèg yo, ni chantaj
politisyen yo, ni lajan nèg rich yo p’ap rezoud pwoblèm ak enkyetid limanite.
San dout, nou tout nou pale de lanmou, nou pale kòman li enpòtan ak nesesè. Nou
tout n’ap pale byen de li, nou sipliye, nou mande li.
Men, sa mond nou an plis
bezwen, se pratike pou nou pratike renmen an epi pou nou viv li. Bondye se
lanmou epi li rele nou nan lanmou ; si nou vle tounen disip li tout bon
vre, nou pa gen lòt chemen pou nou pran : renmen Bondye epi renmen pwochen
nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki renmen nou
tout bon vre, tanpri ede nou renmen menm jan ak ou pou nou konstwi yon mond kè
poze, pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Jodi a mwen pral leve yon
defi : mwen pral renmen lènmi mwen yo, ak konkou lagras Bondye, paske rayisans
ak lespri vanjans peze twò loud sou do mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario