Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Gras a
lafwa nou konnen se Bondye ki te regle syèk yo".
NAN LÈT POU EBRE YO 11, 1-7
Frè m’ yo:
Lafwa a se garanti sa n’ap espere yo, prèv sa k’ parèt yo. Se pousa ansyen
te jwenn temwayaj.
Gras a lafwa nou konnen se pawòl Bondye a ki te regle syèk yo, konsa se
nan sa nou pa kapab wè sa nou wè yo fèt.
Gras a lafwa Abèl ofri Bondye yon sakrifis ki pi bon, akoz sa, yo rann
li temwayaj di li kòrèk, se Bondye ki t’ap sèvi temwen pou kado l’ yo; gras a
lafwa, malgre li mouri l’ap pale toujou.
Gras a lafwa yo transpòte Enòk pou l’ pa wè lanmò; yo pa t’ jwenn li,
paske Bondye te transpòte l’. Anvan yo transpòte l’ la, li te jwenn temwayaj li
te fè Bondye plezi. Sèke san lafwa a yo pa kapab fè Bondye plezi; moun k’ap pwoche
kot Bondye dwe kwè li ekziste, li rekonpanse moun k’ap chèche l’.
Gras a lafwa, lè Noe jwenn avètisman sou sa l’ pa t’ ko wè, li vin pè,
li pare ach la pou sove kay li a; konsa li kondane tè a, yo fè l’ eritye jistis
la ki reyalize nan lafwa a.
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 10-11 (r.: cf. Ib)
R/ M’ap fè
konpliman pou non ou, Granmèt, pou tout tan.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou, pou
tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou travay li, bay yon lòt jenerasyon, y’ap
rakonte fòs pouvwa ou.
Grandè bèlte wotè ou, y’ap deklare l’, mèvèy ou yo, y’ap detaye yo.R.
Se pou yo fè lwanj ou, Granmèt tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè
konpliman pou ou.
Se pou yo deklare bèlte rèy ou an, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
LEVANJIL
"Li chanje fas devan yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 1-12
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, li mennen yo sou yon mòn ki wo, pou kont yo
sèl; li chanje aparans devan yo. Rad li vin klere tou blan tankou lanèj, pa gen
okenn savon ki kapab fè rad vin blanch konsa sou tè a. Eli ak Moyiz parèt devan
yo, yo t’ap pale ak Jezi.
Pyè pran lapawòl, li di Jezi: "Rabi, li bon pou nou ret isit la; an
nou fè twa joupa, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli". Li pa t’ konnen sa pou l’ te di sèke yo te sezi anpil.
Vin gen yon nyaj ki kouvri yo, yon vwa rive sot nan nyaj la, li di:
"Sa a, se Pitit mwen an sa m’ renmen anpil la, koute l’". Menm lè a,
yo gade toutotou, yo pa wè pèsòn ankò, sof Jezi pou kont li.
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, li pase yo lòd, pou yo pa di pèsòn
bagay sa yo te wè yo, sof lè Pitit moun nan ap leve sot nan pami mò yo. Yo te kenbe
pawòl sa a kote yo, yo t’ap chèche sa sa vle di: 'Lè l’ap leve sot nan pami mò
yo".
Yo poze l’ kesyon, yo di: "Pouki sa farizyen yo ak pwofese yo di eli
gen pou l’ vini anvan an"?
Li reponn, li di yo: "Eli, lè l’ap vini anvan, l’ap renmèt tout
bagay nan plas yo; men kijan Labib la di osijè Pitit moun nan, pou l’ soufri
anpil, pou yo meprize l’. Sèlman mwen di nou Eli vini, yo fè l’ sa yo vle, jan
sa te ekri osijè l’ la.
REFLEKSYON: « Jezi pase yo lòd, pou yo pa di
pèsòn bagay sa yo te wè yo»
Jodi a, Levanjil Transfigirasyon an
prezante yon pwoblèm devan nou pou nou rezoud. Tèks Sen Mak la ranpli ak sekrè
sou Mesi a, anpil moman kote Jezi bay lòd pou yo pa di bagay li fè. Jodi a, kèk
nan patizan li yo te wè ak pwòp je yo mèvèy transfigirasyon an e li ba yo lòd
pou yo pa di pèsonn sa yo te wè, avan Pitit moun nan leve byen vivan sòti pami
mò yo» (Mak 9,9).
Kisa mesaj mesyanik sa ye menm? Ki
kalite mesaj sa? Se vwal yo fè yon ti leve pou dekouvri sa ki kache dèyè li, sa
Bondye pral revele atravè limyè Pak la, nan dènye moman lavi Jezi. Jodi a, nou
wè sa byen klè nan levanjil la: Transfigirasyon an, se yon ti moman, yon
avangou limyè bèlte a pou disip yo ka konprann sans moman entimite sa.
Jezi te deja anonse disip li yo kijan li
ta pral soufri, men lè li wè kòman kè yo twouble, yo boulvèse akoz trajedi a,
li pran tan pou li eksplike yo atravè pawòl li ak aksyon li, kijan dènye jou li
yo pral ye: se jou gwo soufrans, lanmò, men se avèk rezireksyon an tout bagay
pral fini. Men gwo mistè nou te gen pou dekouvri a. Sen Toma Daken di nou: «
Pou yon moun kapab mache kòrèkteman sou wout li, li nesesè pou li konnen kote
li prale».
Menm jan tou, lavi nou antan ke kretyen,
se Granmèt nou Jezikri ki devwale nou kijan l’ap ye alafen: N’ap nan juisans
Bondye nou an pou toutan. Men nou p’ap ka rive nan juisans sa a si nou pa
aksepte fè sakrifis, si nou pa pote kwa nou. Nou dwe toujou sonje mesaj vivan
Levanjil jodi a: lavi sa a, se yon chemen aparans ki pa gen kote pou moun sòti,
si nou rete fidèl ak Bondye e si nou viv yon fason ki konfòm ak lespri
Beyatitid yo, nou va jwenn plas nou bò kote Bondye e nou va jwi ansanm ak li
pou toutan.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, antan n’ap kontanple bèlte
ou a nan Jezi, tanpri fè nou travay pou mond nou an chanje figi, antan n’ap
sispann fè lagè, antan n’ap sispann viv nan chen manje che. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON: Si mwen renmen pwochen mwen
plis, si mwen kolabore nan sa ki byen lakay mwen, nan kominote mwen, lavi ka
vin pi bèl.
No hay comentarios:
Publicar un comentario