Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"An nou desann, an nou gaye lang yo".
NAN LIV LAJENÈZ 11,1-9
Tè a te gen yon sèl ak menm pawòl. Lè moun yo pati sot nan direksyon solèy leve, yo jwenn yon plenn nan tè
Sinea a, yo abite ladan l’. Youn di lòt: "An nou wè, n’ap fè brik, n’ap
kuit yo nan dife". Brik yo sèvi yo kòm wòch, asfalt la sèvi yo kòm siman.
Yo di: "An nou wè, n’ap fè yon vil ak yon kay defans pou nou, tèt
li gen pou l’ touche syèl la, n’ap fè sonje non nou, anvan nou separe sou tout
tè yo".
Granmèt la desann, pou l’ wè vil la ak kay defans la pitit Adan yo te
bati a; li di: "Men yo fè yon sèl pèp ak yon sèl lang pou tout moun: yo
kòmanse fè sa a, yo p’ap kite panse yo, joustan yo reyalize yo nan aksyon.
Konsa, an nou wè, n’ap desann, n’ap gaye lang yo la menm, pou youn pa tande vwa
pwochen l’".
Se konsa Granmèt la separe yo sot nan kote sa a al nan tout tè yo; yo sispann
bati vil la. Se pousa yo rele non l’ Babèl, paske se la lang tout tè a te mele;
epi se apati la Granmèt la te gaye yo sou fas tout rejyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
32, 10-11. 12-13. 14-15 (r.: 12b)
R/ Se chans pou
pèp la Granmèt la chwazi kòm eritaj li a.
Granmèt la gaye plan nasyon yo, li bloke kalkil pèp yo.
Men plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi
kòm eritaj li a.
Antan l’ nan syèl la Granmèt la voye je l, li wè tout pitit moun yo. R.
Antan l’ nan kote li abite a li voye je l’ sou tout moun ki abite tè a,
li menm ki fòme kè yo chak ki ekzamine tout travay yo. R.
LEVANJIL
"Moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen menm ak levanjil
la, l’ap sove l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 34-39
Lè sa a:
Jezi rele foul la ansanm ak disip li yo, li di yo: "Si yon moun vle
suiv mwen, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, epi pou l’ suiv mwen.
Moun k’ap vle sove lavi l’, l’ap pèdi l’; men moun k’ap pèdi lavi l’ poutèt mwen
menm ak levanjil la, l’ap sove l’.
Ki sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, epi li detui lavi l’? Oubyen ki sa yon moun ap bay pou peye pou nam li?
Moun k’ap wont mwen ak pawòl mwen nan jenerasyon sa a ki adiltè, k’ap fè
peche a, Pitit moun nan ap wont li, lè l’ap vini nan bèlte Papa l’ avèk mesaje l’
yo ki sen yo".
Li t’ap di yo: "An verite mwen di nou, gen anpil moun nan sa k’
kanpe isit ki p’ap goute lanmò joustan yo wè rèy Bondye a k’ap vini nan pouvwa".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Si yon moun vle suiv mwen, se
pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, epi pou l’ suiv mwen».
Jodi
a, Levanjil la pale nou sou 2 sijè, youn konplete lòt: kwa chak jou nou ak fwi
lakwa a, sa vle di Lavi (ki ekri ak lèt majiskil): yon lavi nou jwenn nan
Bondye e k’ap dire pou tout tan.
Lè
nou leve kanpe pou nou koute Levanjil la, se yon fason nou vle montre nou gen
volonte pou nou swiv lansèyman nou jwenn ladan. Jezi mande nou renonse pwòp tèt
nou, sa vle di nou pa dwe swiv lide nou, kapris nou. Pran kwa nou, se aksepte
kèk ti pwoblèm n’ap rankontre chak jou sou wout nou.
Pawòl
sa yo Jezi te pwononse nan diskou li te fè nan Senak la antan ke Gran Prèt la,
yo kapab ede nou kenbe fèm devan difikilte sa yo n’ap rankontre chak jou nan
lavi a: «Mwen se pye rezen tout bon an.
Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.
Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou» (Jan 15,1-2). Moun k'ap okipe pye rezen an, li fè sa ak anpil atansyon pou li ka gen bon jan rekòlt! Wi, nou vle suiv Granmèt la. Wi, nou konsyan ke Papa Bondye kapab ede nou donnen bon fwi kote li plante nou an, e li kapab fè nou gen lavi toutan an.
Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou» (Jan 15,1-2). Moun k'ap okipe pye rezen an, li fè sa ak anpil atansyon pou li ka gen bon jan rekòlt! Wi, nou vle suiv Granmèt la. Wi, nou konsyan ke Papa Bondye kapab ede nou donnen bon fwi kote li plante nou an, e li kapab fè nou gen lavi toutan an.
Sen
Inyas te gide Sen Franswa Gzavye avèk pawòl tèks nou li jodi a: «Ki sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout
tè a, epi li detui lavi l’?» (Mak 8,36). Se konsa li te vin tounen Patwon Misyonè
yo. Nan menm kontèks sa a, nou li nan
dènye kanon Kòd Dwa Kanon an (k.1752): « (…)
Pi gwo lwa nan Legliz la, se sove nanm moun». Sen
Ogisten ba nou yon leson lè li di: «Moun
ki sove yon nam, li asire pa li». Se yon envitasyon ki byen klè.
Se
pou Manman Mari lonje lamen ba nou pou ede nou avanse sou wout la, li menm ki
fè nou resevwa tout gras nan men Bondye.
LAPRIYÈ: Jezi, ou menm k’ap ba nou fòs pou nou
pote ti kwa nou yo chak jou, tanpri fè nou rete kole avèk ou toutan.
PWOPOZISYON: M’ap ede yon zanmi pote yon kwa
jodi a, menm jan Bondye toujou voye yon moun ede mwen pote kwa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario