Páginas

DIMANCH 29

Koulè Vèt.
PRMYE LEKTI
"Se yon pèp ki pòv, ki malere m’ap kite nan mitan ou".
NAN LIV PWOFÈT SOFONI 2, 3; 3, 12-13
Chèche Granmèt la, nou tout pòv yo sou tè a, k’ap reyalize jijman l’ nan; chèche sa k’ kòrèk la, chèche sa k’ tou dou a, pou nou kapab ret kache jou kòlè Granmèt la.
Se yon pèp ki pòv ki malere m’ap kite nan mitan ou, y’ap espere o non Granmèt la. Rès Izrayèl yo p’ap fè sa k’ pa kòrèk, yo p’ap di manti, yo p’ap jwenn lang manti nan bouch yo, paske y’ap jwenn manje, y’ap enstale, p’ap gen pèsòn k’ap fè yo sote".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc. 10 (r.: Mt 5, 3)
R/ Ala kontantman pou moun ki pòv nan espri a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo manje, Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo,
Granmèt la leve sa k’ tonbe yo,
Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo,
Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo, li gaye l’.
Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Se sa k’ fèb sou tè a Bondye chwazi".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1, 26-31
"Gade nan ki sa yo rele nou, frè m’ yo; sèke pa gen anpil saj daprè chè a, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki sot nan gran ras.
Men se sa k’ fou sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè saj yo wont; se sa k’ sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè sa k’ fò yo wont; se sa k’ san konsiderasyon ak sa yo meprize sou tè a Bondye chwazi, ak sa k’ pa anyen, pou l’ detui sa k’ kichòy yo, pou okenn moun pa fè grandizè devan fas li.
Se li menm ki fè nou kichòy nan Jezikri, Jezikri sa a ki vin tounen sajès pou nou sot nan Bondye ak jistis ak sa k’ap fè nou vin sen an, ak redanmsyon; konsa, daprè sa k’ ekri a: "moun k’ap leve tèt li, se nan Granmèt la pou l’ leve tèt li".
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Ala kontantman pou pòv yo nan espri a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, l-12a
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse ba yo ansèyman, li di:
"Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri a, paske se pou yo peyi wa syèl yo ye.
Ala kontantman pou moun ki dou yo, paske se yo menm k’ap posede tè a,
Ala kontantman pou moun k’ap kriye yo, paske y’ap konsole,
Ala kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske y’ap jwenn kont yo.
Ala kontantman pou moun ki gen mizerikòd yo, paske y’ap jwenn mizerikòd.
Ala kontantman pou moun ki gen kè yo nèt yo, paske y’ap wè Bondye,
Ala kontantman pou moun k’ap travay pou lapè a, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Ala kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo peyi wa syèl yo ye.
Ala kontantman pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti, akoz mwen, fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :  «Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri-a…»
Jodi a, nou li yon Levanjil ke tout moun konnen, men ki pa janm sispann etone nou. Avèk diskou sa, Jezi ofri nou yon modèl lavi pou nou suiv, yon seri vale moral ke li panse nou vrèman bezwen pou nou viv ak kè kontan.
San nou pa doute, nou kwè kè kontan se bagay tout moun ap chèche nan lavi a. Men si nou ta mande moun yo kòman y’ap chèche kè kontan an, oubyen ki kote y’ap chèche li, nou ta jwenn anpil repons diferan. Kèk moun ta di nou, nan lavi fanmi yo, yon lavi byen anrasinen; kèk lòt ta di nou, nan lasante ak nan travay yo; dòt menm ta di nou nan zanmitay ak nan plezi,…, e sila yo menm ki sibi enpak sosyete nou an ki si tèlman renmen konsome a, yo ta di nou kè kontan pa yo se nan lajan, pou yo ka achte tout sa ki fè yo plezi, e sitou pou yo rive nan dènye nivo echèl sosyete a.
Sa Jezi pwopoze nou jodi a pa fòseman sa mond la ofri nou jodi a. Granmèt la di nou, "Ala kontantman pou pòv yo nan espri a, pou moun ki dou yo, pou moun k’ap kriye yo, pou moun ki grangou, pou moun ki gin mizerikòd yo, pou moun ki gin kè yo nèt yo, pou moun k-ap travay pou lapè a, pou moun k-ap soufri pèsékision poutèt jistis la…" (Mt. 5,3-11).

Mesaj sa Granmèt pote a, se pou moun ki vle fè detachman, moun ki senp, moun ki swaf jistis, moun ki santi pwoblèm pwochen yo konsène yo, e ki kite tout lòt bagay yo sou kote.
Se Sen Bazil ki di nou: «Nou pa dwe jalou ni pou richès moun rich la, ni pou nèg ki gen gwo pouvwa ak otorite a, ni pou nèg ki gaya ki gen anpil fòs la (…). Avantaj sa yo la pou sèvi byennèt moun lè yo byen itilize yo, nan yo menm yo pa fè kè moun nan kontan.
LAPRIYÈ : Granmèt, Bondye nou, fè nou favè, pou nou respekte ou ak tout kè nou, epi pou nou renmen tout moun avèk santiman ki kòrèk. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON :Si m’ gen yon avantaj nan sosyete a, mwen pa itilize li pou eksplwate moun, m’ap ilize li pou mwen ede pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario