Koulè Blan
SEN JAN BOSKO, PRÈT.
Memwa
PREMYE LEKTI
"Avèk pasyans, se pou nou kouri nan
batay la ki pare pou nou an".
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 1-4
Frè m’ yo:
Nou menm ki gen yon si gran kantite nyaj
temwen, se pou nou lage tout chay ak peche k’ap anbarase nou, pou nou kouri
avèk pasyans nan batay la ki pare pou nou an, antan n’ap gade lotè lafwa nou
an, Jezikri ki fè lafwa a vin kòrèk nèt la, li menm, yo te prezante kè kontan
devan l’, men li te sipòte lakwa a, li te meprize wont la, li chita adwat
Bondye.
Sonje sa a ki te sipòte kontraryete pechè yo te drese kont li a,
pou nou pa kite feblès pran nanm nou. Nou pa ko reziste ankò jous nan san,
antan n’ap batay kont peche a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 21, 26b-27. 28 e 30.
31-32
R/ Y’ap fè lwanj ou, Granmèt,
sa yo k’ap chèche w’ la.
M’ap regle sa m’ te pwomèt yo devan moun ki krenn li.Se pou pòv
yo manje, se pou yo gen vant plen, y’ap fè lwanj Granmèt la, sa yo k’ap chèche
l’yo. "Se pou kè yo viv pou tout tan gen tan".R.
Y’ap sonje, y’ap tounen kot Granmèt la tout limit tè a, y’ap
adore devan l’ tout fanmi nasyon yo.Paske peyi wa a se pou Granmèt la, l’ap
kòmande nasyon yo.Se li menm sèl y’ap adore, tout sa k’ap dòmi nan tè a.R.
Nanm mwen ap viv pou li, ras mwen ap sèvi l’.Y’ap pale osijè
Granmèt la bay jenerasyon k’ap vini an, y’ap anonse jistis li a bay pèp la k’ap
fèt la: "Se bagay sa yo Granmèt la te fè".R.
LEVANJIL
"Ti fi, mwen di ou, leve".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 5, 21- 43
Lè sa a:
Kòm Jezi te travèse ankò nan batiman an
lòt bò lanmè a, gen yon gran foul ki vini jwenn li; li te bò lanmè a. Gen youn
nan chèf sinagòg yo ki rive, yo te rele l’ Jayi; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye
l’; li t’ap priye l’anpil, li t’ap di: "Pitit fi m’ nan prèske mouri;
vini, poze men sou li, pou l’ kapab sove, pou l’ viv". L’ale avèk li, yon
gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze l’.
Gen yon madanm, ki t’ap pèdi san depi
douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te preskri l’anpil remèd, li te fin
depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn okenn rezilta, okontrè se pi mal li
t’ap vin pi mal; lè l’ tande pale osijè Jezi, li vin nan foul la, dèyè, li
touche rad li. Li t’ap di: Si o mwen mwen touche rad li, m’ap sove". Menm lè a sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te geri sot
nan maladi a.
Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te sòti nan li, li
vire kot foul la, li t’ap di: "Kilès ki touche rad mwen an"? Disip li
yo t’ap di: "Ou wè foul la k’ap kraze ou, epi w’ap di:
"Kilès ki touche m’"? Men li vire pou l’ wè madanm nan
ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li t’ap tranble, li te konnen sa k’
te pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan l’, li di l’ tout verite a. Li
menm menm li di l’: "Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri
sot nan maladi w’ la".
Pandan li t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf sinagòg la, yo
di: "Ti fi w’ la mouri; pouki sa w’ap trakase Mèt la"? Jezi menm, lè
l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf sinagòg la: 'Pa pè; se pou ou kwè
sèlman". Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan kay chèf sinagòg la, kote li wè gen bwi, moun k’ap kriye,
k’ap rele anpil. Li antre, li di yo: "Poukisa nou twouble, n’ap kriye? ti
fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi". Yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li menm menm, li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi
a epi moun yo ki te avèk li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men
ti fi a, li di l’: "Talita, koumi"; sa vle di: "Ti fi, mwen di
ou, leve". Menm lè a ti fi a leve, li t’ap mache (li te gen douzan); yo te
sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou pèsonn pa konn sa; li di pou
yo ba l’ manje.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan lavi nou kòm kretyen
fòk nou pa janm bouke temwaye non Granmèt la, fòk nou pa janm sispann fè
konnen lafwa nou nan pawòl nou yo ak nan aksyon n’ yo tou. Legliz la envite n’ sonje Agat ki sen, yon jèn fi ki t’ap viv nan
peyi Sisil men ki te mete tout lavi l’ nan fè sa Granmèt la mande. Li te rive
aksepte mouri nan tan pèsekisyon Dese nan lane 251 aprè Jezikri. Anpil fwa nan
lavi nou, nou konn chache mennen ti lavi nou tou senp san n’ pa vle angaje nou
nan denonse sa k’ mal yo pou n’ pa gen pwoblèm ak moun. Anpil fwa lè moun ap
pale n’ mal, oubyen ap di nou sa yo vle fè ki mal, nou konn manke kanpe pou n’
pote limyè Pawòl Bondye a ba yo akòz lapèrèz. Granmèt la mande n’ pou n’ pale
pou fè moun yo konnen sa k’ kòrèk, pou n’ tounen mesaje lapè kote n’ap viv,
kote n’ap travay…. Si sa k’ap fè mal yo pa pè fè l’oubyen di nenpòt bagay,
enben poukisa nou k’ pote pawòl delivrans lan nou refize mete limyè levanjil
la anlè galata sosyete a pou l’ ka klere?
Nan Levanjil la nou
wè Jezi, Pitit Bondye a, ki vini pou l’ sove tout moun anba peche a, anba
maladi kòporèl ak espirityèl, li pral leve yon jèn fi ki mouri. Se yon siy ki
montre n’ nou dwe kòm kretyen chache dekouvri soufrans ak pwoblèm moun yo pou
n’ pote delivrans pou yo. Men se pa pou kont nou n’ap fè bagay sa yo, paske pa
janm gen kretyen ki travay pou kont yo. Nou fèt pou n’ viv chak jou ak
konviksyon ke Jezi Pitit Bondye a vivan epi li nan nou menm. Nou fèt pou n’ viv
nan lafwa n’, lafwa sa a ki fè n’ toutan chache sa Bondye vle, ki fè n’ chache
konprann Pawòl Bondye, epi kore n’ sou Pawòl la, kore n’ nan lapriyè epi nan
sèvis nan kominote n’ap viv la espesyalman nan fanmi nou. Menm jan ak fanm ki
t’ap pèdi san an, fòk nou aji lafwa n’ nan Jezi k’ap viv nan mitan nou, pou n’
konnen l’ kapab rezoud anpil pwoblèm nan sosyete n’ ki sanble dekouraje nou,
ki sanble kraze fòs nou, ki sanble pa gen solisyon. Nan Jezi tout bagay posib,
menm resisite moun mouri. Lafwa n’, si n’ mete l’an pratik n’ap rive transfòme
anpil reyalite ki parèt enposib. Se pou n’aprann lage n’ nèt nan men Bondye,
epi chèche sèvi l’ak tout kè nou pou n’ wè aksyon l’ yo aji nan nou menm.
Se pou nouvo ane lafwa sa a ede n’ reflechi sou pwòp sans angajman
n’ak Bondye pou n’ deside chak jou chanje sa k’ merite chanje epi travay nan
tèt ansanm pou liberasyon kominote n’ap viv la. Amèn
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te ban n’ Jezi kòm frè, kòm bon zanmi
an ede n’ nan lane lafwa sa a pou n’ poze aksyon ki ede moun viv, ki ede moun
pwoche pi pre w’, ki ede n’ chanje reyalite lavi pèp nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Pran yon jou pou vizite
malad nan kominote kote w’ap viv la an gwoup, remèt pwoblèm moun yo nan men
Granmèt la nan lapriyè ak lafwa epi wè kisa n’ kapab fè pou n’ chanje
kondisyon malad la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario