Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Moun Bondye renmen, li korije l’».
NAN LÈT POU EBRE YO
12, 4-7. 11-15
Frè m’ yo:
Nou pa ko reziste ankò jous nan san, antan
n’ap batay kont peche a, epi nou bliye konsolasyon an mwen te pale avèk nou an
tankou pitit la, lè m’ te di:
"Pitit mwen, pa neglije koreksyon
Granmèt la, pa dekouraje paske l’ap reprann ou. Sèke moun Granmèt la
renmen, li korije l’, li drese tout pitit li aksepte".
Pèsevere nan
disiplin nan. Bondye ofri tèt li ba nou tankou bay pitit li. Kilès pitit, yon
papa pa korije l’?
Tout
koreksyon y’ap sibi koulye a, se pa ak kè kontan yo konsidere l’ men se ak
chagren; sèlman aprè sa, li renmèt bon fwi jistis ki bay lapè pou moun yo ki jwenn
redresman gras a li yo. Se pousa drese men ki febli yo ak jenou k’ap pliye yo,
egalize wout yo pou pye nou, pou moun k’ap bwate a pa devye, okontrè pou
l’geri.
Se pou nou
suiv lapè avèk tout moun, se pou nou suiv sa k’ap fè nou vin sen an tou, san sa
pèsòn p’ap wè Bondye. Fè atansyon pou pèsòn pa vire do bay gras Bondye a, pou
pa gen rasin anmè k’ap jèmen pou l’ jennen nou, pou l’anpwazonnen tout foul la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS:
102, 12. 13-14.
17-18a
R/ Mizerikòd Granmèt la depi tout tan sou moun ki
krenn li yo.
Fè konpliman pou
Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.Fè
konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Tankou papa
pran pitye pou pitit li yo, Granmèt la pran pitye pou moun ki krenn li yo, Sèke
li menm li konnen ak ki sa nou fèt, li sonje kijan se pousyè nou ye.R.
Mizerikòd
Granmèt la menm se depi tout tan, epi jous pou tout tan sou moun ki krenn li
yo, jistis li nan pitit moun yo; nan sa yo ki kenbe alyans li a.R
LEVANJIL
"Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi
l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 1-6
Lè sa a:
Jezi t’al nan peyi l’; disip li yo t’ap suiv
li. Lè saba a rive, li kòmanse bay ansèyman nan sinagòg la.
Anpil moun ki t’ap koute l’ te sezi nan
ansèyman l’nan, yo t’ap di: "Kote tout bagay sa yo sòti pou sa a? Epi ki
kalite sajès sa a yo ba li a, ak kalite pouvwa sa yo k’ap reyalize nan men
l’konsa a? Èske se pa menuizye a sa, pitit Mari a, frè Jak la, ak Jozèf la, ak Jida
a, ak Simon an? Èske ni sè l’ yo tou pa avèk nou"? Yo te eskandalize nan
li.Jezi menm t’ap di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan
peyi l’ak nan kay li ak nan fanmi li".
Li pa t’
kapab fè okenn mirak kote sa a, sof kèk enfim li geri, antan l’ poze men sou
yo. Li te sezi poutèt
yo pa t’ gen lafwa.L’al nan bouk yo alantou yo antan l’ap bay ansèyman.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan premye
lekti a nou li nan lèt pou Ebre yo, nou jwenn yon nòt sou koreksyon. Bondye se yon Papa, men se pa nenpòt ki
Papa, se yon Bon Papa. Li bay pitit li yo sa yo bezwen pou yo viv, lasante,
entelijans, kouraj, travay, renmen nan kè yo. Men, Bon Papa sa a pa kite nou
fè sa ki nan lide nou ; lè nou merite l’, li ba nou koreksyon ki nesesè, dekwa
pou nou pa pèdi. Yon papa ki pa renmen pitit li kite l’ fè sa l’ vle, li ba li
sa li mande l’; men sa ki renmen l’ lan ba li sa ki nesesè pou li e li korije
l’ chak fwa li fè yon èrè. Konsa, timoun nan lè li rive nan laj majè a, li va
di l’ mèsi, lè l’ va rann li kont ke se yon byen li t’ap fè pou li.
Si papa sou tè a yo konnen pou yo fè sa,
alevwa pou Bondye Papa nou an. Bondye pa bay pitit li chatiman, li pa ba li
tantasyon, men li konn ba nou yon eprèv, li pèmèt nou antre nan yon moman kriz
dekwa pou nou kapab chanje mòd lavi nou, pou nou kab grandi nan lafwa. Levanjil
la menm montre nou jan yo pa te aksepte Jezi nan pwòp peyi kote li te sòti a.
Nan lavi Jezi, te gen moun ki t’ap mache
dèyè l’, moun ki t’ap fè lwanj pou li, moun ki te rekonèt pouvwa Bondye nan
li. Men tou, Jezi te jwenn anpil mepri, anpil desepsyon, yo te pale l’ mal, yo
te menm rive di li pèdi tèt li.
Nan Levanjil sa, yo meprize l’ nan pwòp
antouraj li, yo te rekonèt li kòm pitit Mari ak Jozèf, li pa t’ gen otorite
devan yo, yo pa t’ mete lafwa nan li. Pou sa, li pa t’ rive fè gwo mèvèy ke l’
te fè nan lòt zòn kote l’ te pase yo.
Anpil fwa nan lavi, yon kretyen konn devan
sitiyasyon ki vle fè l’ dekouraje, tankou enkonpreyansyon, mepri. Nou pa dwe
dekouraje, paske Jezi te sibi anpil move tretman, men li pa t’ janm lage e li
te gen laviktwa. Avèk Jezi, viktwa nou asire.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, mèsi paske renmen ou pou nou
san limit, se nan Jezi Pitit ou a nou dekouvri sa, granmesi kalite delivrans Li
pote pou nou an. Tanpri, fè nou suiv lansèyman ak ekzanp li yo, pou nou ka
merite rive nan syèl la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap
mete sa nan tèt mwen : lè eprèv lavi boulvèse mwen, se pa paske Bondye pa
renmen mwen; okontrè se lòd li vle mwen mete nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario