PREZANTASYON
GRANMÈT LA, Fèt.
BENDIKSYON CHANDÈL YO AVÈK PWOSESYON AN.
JOUNEN MONDYAL POU LAVI KONSAKRE.
PREMYE LEKTI
«L’ap rive nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a».
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4
Men pawòl Granmèt Bondye a:
«Men m’ap voye zanj mwen an, l’ap prepare chemen devan
fas mwen; sanzatann, l’ap rive nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a, epi zanj
alyans la, sa nou anvi wè a».
«Men l’ap vini», deklarasyon Granmèt lame yo. «Epi ki
moun ki kapab panse jou l’ap vini an? Epi ki moun ki kapab kanpe pou l’ gade
l’? Sèke li menm li tankou dife nan fòj, tankou plant k’ap sèvi pou lesiv, l’ap
chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap vide
yo gout-a-gout, tankou lò ak tankou lajan, y’ap vin tounen moun k’ap ofri
sakrifis ki kòrèk pou Granmèt la. Sakrifis Jida ak Jerizalèm ap fè Granmèt la
plezi, tankou jou lontan yo, tankou ane ansyen yo».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS: 23, 7. 8. 9. 10
R/
Granmèt lame yo, se li menm ki wa bèlte a.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a ki wa glwa a? Se Granmèt la ki fò, ki gen pouvwa,
se
Granmèt la, ki gen pouvwa nan batay.R.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
Pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a, ki wa glwa a? Se Granmèt lame yo, se li menm ki wa glwa a.R.
DEZYÈM
LEKTI
«Li
te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou
yo».
NAN
LÈT POU EBRE YO
2, 14-18
Paske
pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm tou te vle patisipe nan
yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen pouvwa lanmò a, sa
vle di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase tray pandan tout
lavi a poutèt esklavaj kè sote lanmò a.
Se
pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li vin pote sekou. Se
pousa li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran
pitye pou yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki fidèl kot Bondye,
pou l’ te kapab padonnen fot pèp la.
Kòm
li menm li soufri, li kite yo tante l’, li gen pouvwa pou l’ soutni sa yo y’ap
tante a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Je
m’ wè sove ou la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 2, 22-40
Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou netwayaj lalwa
Moyiz la te prevwa a, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante l’ bay
Granmèt la, daprè sa k’ te ekri nan lalwa Granmèt la: «Tout pitit gason ki sòti
an premye nan vant, y’ap rele l’ sen pou Granmèt la»; epi pou yo ofri
sakrifis, daprè sa k’ pale nan lalwa Granmèt la, «yon pè toutrèl oubyen de jèn
pijon».
Te
gen yon mesye Jerizalèm, yo te rele Simeyon, mesye sa a te kòrèk, li te gen
respè, li t’ap tann konsolasyon Izrayèl, epi Espri Sen an te nan li. Li te
resevwa avètisman nan men Lespri Sen an, li pa t’ap wè lanmò, anvan l’ wè Kris
Granmèt la.
Li
rive nan Tanp la sou direksyon Espri a, pandan paran Jezi t’ap antre avèk li,
pou yo aji daprè abitid lalwa a pou pitit la, li resevwa l’ nan bra l’, li fè
konpliman pou Bondye, li di: «Koulye a ou mèt ranvwaye sèvitè w’ la, Granmèt,
daprè pawòl ou a nan lapè; paske je m’ wè sove w’ la, sa ou te pare devan fas
tout pèp yo, limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp ou, Izrayèl.»
Papa
l’ ak manman l’ te sezi poutèt sa yo t’ap di sou li a.
Simeyon
beni yo, li di Mari, manman l’: «Men sa a poze, pou anpil moun nan Izrayèl
tonbe, pou yo leve, l’ap yon siy k’ap jwenn kontradiksyon (yon epe ap travèse
nanm ou), pou panse ki nan kè anpil moun kapab devwale».
Te
gen Án madanm nan ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl, nan ras Asè: li te vye anpil,
li te viv avèk mari l’ pandan sètan, depi l’ te vyèj. Li te ret vèv jous
katrevenkatran; li pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi lannuit kon lajounen nan
jèn ak priyè. Nan menm lè sa a, li vin rive, l’ap fè konpliman pou Granmèt la,
l’ap pale sou pitit la ak tout moun ki t’ap tann sove Izrayèl.
Lè
yo fin fè tout sa lalwa Granmèt la te mande a, yo tounen Galile a, nan vil li a
Nazarèt.
Ti
pitit la menm t’ap grandi, li t’ap pran fòs, li te plen sajès, gras Bondye te
nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a Legliz la ap fete fèt Prezantasyon Granmèt la, ke nou selebre ak pwosesyon
chandèl yo. Nan okazyon sa nou kapab reflechi sou istwa ak siyifikasyon fèt sa.
Malgre fèt sa pa tonbe nan tan Nwèl, yo konsidere li tankou yon reyon nan solèy
Nwèl la, tankou yon epifani aprè karantyèm jou yo fin fete Nesans Jezi.
Fèt
Prezantasyon Granmèt la, se yon fèt ki la lontan, se nan zòn Oryan yo te
kòmanse fete li. Depi katriyèm syèk Legliz Jerizalèm te pran abitid selebre fèt
sa. Yo te konn selebre li
ak
anpil lajwa kòmsi se te fèt Pak la menm, nan dat 14 fevriye, sa vle di 40 jou
aprè Fèt Epifani. Fèt Prezantasyon Granmèt la te pwopaje nan lòt legliz Oryan
ak Oksidan; se konsa nan setyèm syèk Legliz Wòm te kòmanse selebre li. Avèk
fèt sa a yo asosye yon pwosesyon chandèl. Legliz Womèn nan te konn selebre li
40 jou aprè Nwèl.
Nan
legliz oryantal yo, yo te rele fèt sa a «fèt rankont». Non sa a trè
siyifikatif, li vle di anpil bagay, paske li mete aksan sou yon aspè fondamantal
nan fèt la: rankont sila a Bondye konsakre a avèk pèp li a. Sen Lik rakonte nou
sa nan dezyèm chapit levanjil li a. «Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou
netwayaj lalwa Moyiz la te prevwa a, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo
prezante l’ bay Granmèt la…».
Fèt
sa te kòmanse gen popilarite nan Oksidan apati dizyèm syèk, sou non
«Pirifikasyon Byennerez Vyèj Mari». Se konsa yo te vin mete li pami fèt
Notredam yo. Aprè sa yo te jije sa pa t’ fin kòrèk, paske nan jou sa, se yon
mistè Granmèt la Legliz la selebre.
Nan
kalandriye Wòm nan, ke yo te revize nan ane 1969, yo te chanje non fèt sa e yo
te rele li «Prezantasyon Granmèt la». Sa se yon siy ki montre vrè nati ak objè
fèt sa a. Men sa pa vle di nou derekonèt gwo wòl Mari te jwe nan evènman n’ap
selebre yo. Mistè Kris la ak manman li tèlman makonnen ansanm, ebyen jodi a nou
ta kapab konsidere se fèt toulede n’ap fete. Avèk Kantik Simeon an nan levanjil
la (Lik 2, 22-40), n’ap aklame Kris la se «Limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp
Bondye a, Izrayèl».
A
travè selebrasyon jodi a, nou selebre rankont Bondye fè ak pèp li a atravè de
pèsonaj respektab ki reprezante tout limanite: Simeon ak Án. Pwosesyon chandèl
la, li reprezante pelerinaj nou kòm moun sou tè a, antan limyè Kris la ap gide
nou epi ede nou kenbe lespwa yon jou nou va antre nan wayòm li an. Chandèl yo
fè nou sonje limyè nou te resevwa nan batèm nou, yo raple nou Kris la se limyè
e nou dwe toujou branche lavi nou sou li.
LAPRIYÈ:
Bondye, ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, n’ap priye grandè ou ak tout
kè nou, menm jan jodi a Sèl Pitit ou a prezante nan Tanp ou a avèk [nannan]
[ekzistans] chè nou an, konsa tou fè nou prezante devan ou avèk kè nou pwòp. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Montre ou se limyè ki sòti nan
Kris la, nan fason ou akeyi lòt yo, nan fason ou renmen yo epi sèvi yo. Lapriyè
pou tout moun ki angaje yo nan sèvis Legliz la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario