Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Jezikri yè ak jodi a, li menm
nan tout pou tout tan".
NAN LÈT EBRE 13, 1-8
Frè
m’ yo:
Se pou charite frè yo rete nan nou; pa bliye resevwa etranje
lakay nou: se konsa kèk te resevwa zanj yo lakay yo san yo pa konnen. Sonje
moun ki nan prizon yo kòmsi nou prizonye ansanm avèk yo, sonje moun k’ap sibi
tray yo paske nou menm tou se nan yon kò nou ye.
Se pou n’ respekte maryaj la nou tout, se pou kabann nan ret
entak; sèke Bondye ap jije moun k’ap fè move plezi yo ak sa k’ap fè adiltè yo.
Se pou konduit nou pa nan kesyon renmen lajan, kontante nou
ak sa nou genyen koulye a; se li menm menm ki di: "Mwen p’ap lage ou, mwen
p’ap abandone ou". A tèl pwen nou kapab di avèk konfyans : "Granmèt
la pote m’ sekou, mwen p’ap pè sa pou moun fè m’".
Sonje responsab nou yo, ki te pale nou pawòl Bondye a;
konsidere dènye moman lavi yo, pran modèl sou lafwa yo.
Jezikri yè ak jodi a; li menm
nan tout pou tout tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 26, 1. 3. 5. 8b-9abc
R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.
Granmèt la se limyè m’ak sove
mwen, ki moun pou m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi
m’, devan ki moun pou m’ tranble?
Si yon lame kanpe kont mwen,
kè m’ p’ap pè; si lagè leve kont mwen,
Se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Sèke l’ap kache m’ nan tant li, jou malè yo l’ap kache m’ nan
kachèt tant li,
nan
wòch la l’ap leve m’. R.
Se
fas ou, Granmèt, m’ap chèche. Pa vire fas ou lwen m’, pa vire do bay sèvitè ou
la nan kòlè.
Se
sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
LEVANJIL
"Jan,
sa mwen te fè koupe tèt li a, se li menm ki leve sot nan pami mò yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 14 -29
Lè
sa a:
Wa Ewòd te tande pale (sèke non Jezi te vin gen repitasyon),
li t’ap di: "Se Jan Batis ki resisite sot nan pami mò yo, se pousa mèvèy
sa yo ap fèt nan li a". Dòt menm t’ap di: "Se Eli ki la"; dòt
menm t’ap di: "Se pwofèt la, tankou youn nan pwofèt yo. Lè Ewòd tande sa,
li di; "Se Jan mwen te fè koupe tèt li a ki resisite sot nan pami mò
yo".
Sèke Ewòd te voye arete Jan, li te mete l’ nan prizon akoz
Ewodyad, madanm Filip, frè l’ la paske li te marye avèk li. Jan t’ap di Ewòd:
"Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la". Ewodyad menm t’ap fè konplo
kont li, li te vle touye l’, li pa t’kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te
yon moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’, pou l’ fè
anpil bagay, se avèk plezi li te konn koute l’.
Lè jou a rive ki bay bon okazyon an, Ewòd te fè yon resepsyon
pou fèt li avèk chèf yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a. Pitit
fi Ewodyad la vin antre, li danse, sa fè Ewòd plezi ansanm ak lòt envite yo, wa
a di ti fi a. "Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’. Li fè l’ sèman: "Nenpòt
ki sa ou mande, m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi wa mwen an". Li menm,
li sòti li di manman l’: "Ki sa pou m’ mande"? Li di: "Tèt Jan
Batis".
Li antre byen vit ankò kot wa
a, li mande l’, li di: "Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan Batis
sou yon plat". Wa a pran chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li
pa t’ vle kontrarye l’, li voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon
plat. Yo koupe tèt li nan prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a
li, ti fi a menm bay manman l’ li. Lè
disip yo tande sa, yo vini, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Chak fwa n’ fè byen pou youn
nan frè nou yo, se pou Bondye menm nou fè l’.Mesaj Jezi a ankouraje nou renmen
nèt ale, renmen tout moun san distenksyon, san mezire, paske devan Granmèt la
tout moun se moun. Jezi menm di nou tout sa n’ fè pou youn nan pi piti yo, se
pou li nou fè l’; zanmi mwen, si kè ou kontan, pataje lajwa ou ak moun ki nan
lapenn; pa tann vant ou fin plen avan ou pataje ak sila a ki grangou; pandan
w’ap chèche libète, fòk ou sonje sila yo ki nan prizon; si w’ gen kay pou w’
dòmi, ou gen yon kabann pou w’ kouche, ou pa ka rete endiferan devan sitiyasyon
sila yo k’ap dòmi anba galri, anba pon nan lari oubyen sou laplas piblik sou
moso katon. Genyen anpil nan frè ak sè nou yo ki mouri, paske yo pa kapab achte
medikaman. Èske nou konn pran tan pou n’
reflechi, pou n’ sonje, tout sa nou genyen, se Bondye ki ba nou yo? Se pou nou
aprann pataje; yon jou l’ap di nou: “lè w’ te fè byen pou youn nan frè w’
oubyen sè w’ yo, se pou mwen w’ te fè l’; vini fete avèk mwen” (Mt 25,40).
Men pou n’ rive fè byen fòk nou gen anpil renmen nan kè nou,
fòk nou fè sakrifis, imite Jezi nan tout bagay pandan n’ap sèvi l’ temwen. Gade
kijan Jan Batis mouri pou verite, tout moun ki pa dwat devan Bondye pa kapab
tande pawòl verite a. Ewòd fè mete Jan Batis nan prizon pou verite, aprè sa, li
voye touye l’ nan prizon pou satisfè yon moun: paske Jan te di l’ li pa gen dwa
pran madanm frè l’, Ewodyad te kenbe l’ nan kè pou sa, Ewòd t’ap chèche yon okazyon
pou l’ vanje l’; vwala jou fèt Ewòd la, Ewodyad pwofite, paske pitit fi li
danse pou Ewòd yon dans ki te fè l’ anpil plezi, li di ti fi a mande m’ sa w’
vle, ti fi a menm kouri al mande manman l’; manman l’ menm di, ba l’ tèt Jan
Batis sou yon plato, malgre Ewòd te renmen pawòl Jan Batis yo e li te gen anpil
moun dèyè l’; men akoz sèman Wa Ewòd te fè a, li pa t’ kapab refize l’ demand
sa a.
Jodi a nan tan n’ap viv la, ann mande Bondye padon pou chak
fwa nou tounen yon Ewòd ak yon Ewodyad pou frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri aprann nou kontante n’ak sa nou genyen,
pou mechanste pa anvayi kè nou; tanpri, fè n’ kado Lespri w’ la, pou nou ka
pratike sa ki byen, sa ki fè ou plezi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap kontante m’ak sa
Bondye ban mwen, san m’ pa chèche retire sa lòt genyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario