Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye
lapè a, ki delivre gran gadyen an sot nan lanmò a, l’ap aprann nou fè tou sa
ki bon".
NAN LÈT POU EBRE YO
13, 15-17. 20-21
Frè m’ yo:
Pa lentèmedyè Jezi se
pou nou ofri sakrifis lwanj tout tan pou Bondye, sa vle di fwi bouch nou k’ap
fè lwanj pou non l’. Pa bliye fè dibyen, viv ak lapè antre nou; se kalite
sakrifis sa yo ki fè Bondye plezi.
Obeyi responsab nou yo,
ret anba lòd yo, se yo menm k’ap veye antan yo gen pou yo rann kont pou nanm
nou, pou yo kapab fè sa avèk kè kontan san yo pa plenn; sa pa ta nan avantaj
nou.
Bondye lapè a, li menm
ki te kondui gran gadyen mouton yo sot nan lanmò a avèk san alyans tout tan
an, Granmèt nou Jezikri, se pou l’ mete tout sa k’ bon nan nou, pou nou fè
volonte l’, pou nou fè sa k’ fè l’ plezi pa pouvwa Jezikri, konpliman pou li
pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 22,
l-3a. 3b-4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’,
mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’,
anyen p’ap manke m’;nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’,
li refè nanm mwen.R.
Li kondui m’ nan santye
jistis poutèt non l’.Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen
p’ap pè malè, paske ou avèk mwen ; baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan
fas mwen kont sa yo k’ap fè m’ pase tray yo; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis
mwen ap debòde. R.
Reyèlman se bon kè ak
gras k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou
tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
"Yo te
tankou mouton ki pa gen gadyen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 30-34
Lè sa a:
Apot yo rasanble kot
Jezi, yo rakonte l’ tout sa yo te fè, ak sa yo te anseye. Li di yo: "Vini
apa, yon kote ki pa gen pèsonn, pran yon ti repo". Sèke moun yo ki t’ap
vini, ki t’a prale, yo te anpil, pa t’ gen espas pou yo te manje.
Yo monte nan batiman
an, y’al nan yon kote ki dezè, ki apa. Lè yo wè y’a prale, anpil moun konprann;
yo sòti a pye nan tout vil yo yo vin rankontre yo la, yo rive anvan yo.
Lè Jezi sòti, li wè
anpil foul, li pran pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki pa gen gadyen,
li kòmanse ba yo ansèyman anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, nan Levanjil
la, nou wè jan apot yo te kontan lè yo te wè jan gras Bondye te reyalize selon
sa yo te fè ak sa yo te anseye. Epi tou jan Granmèt la te envite yo vin pran
yon ti repo; epoutan lè Jezi wè foul moun sa ki t’ap suiv li a, li deside pale
yo sou Wayòm syèl la, paske yo te tankou yon ekip mouton san gadyen.
Jezi bliye tout bezwen
pèsonèl li pou li kapab pran zwen nou, li se Bon Gadyen ki te bay lavi l’ e ki
toujou prè pou l’ bay tout sa l’ ye pou l’ sove nou. Nou dwe obeyi Li. Se Li
k’ap kondwi nou nan chemen lavi ak laverite a. Li ta bon pou poze tèt ou kesyon
pou w’ ekzamine ki kalite mouton ou ye, si reyèlman ou toujou prè pou koute
vwa Bondye oubyen ou se yon mouton rebèl ki pa vle mache sou zòd Granmèt la.
Tout sèvitè Bondye dwe
fè lwanj pou li, paske se li menm ki ban nou tout sa nou genyen ak sa nou ye.
Se poutèt sa pawòl la fè sonje jodi a sakrifis pou nou fè pou Granmèt la, se
fè lwanj pou li nan tout moman nan lavi nou; rakonte ak bouch nou ke Jezikri se
li menm menm, ayè, jodi a e pou toutan. Rekonesans lanmou ak respè nou genyen
pou Bondye angaje pou n’ aprann renmen frè ak sè n’ yo, fè yo dibyen, se konsa
n’a toujou viv nan lapè jan Jezi gran frè nou an mande n’ nan; paske li te ofri
tèt li pou nou pou n’ ka viv nan lapè ak kè kontan.
LAPRIYÈ: Bondye Papa,
ban mwen yon kè senp ak yon lespri dosil pou n’ ka koute vwa ou, ede m’obeyi
lòd ou yo; konsa m’a viv jan ou vle, tankou yon mouton nan men bon gadyen l’.
Amèn
PWOPOZISYON:
Pran
yon moman nan jounen jodi a pou w’ di Bondye mèsi, poutèt li se Bon Gadyen ki
toujou la pou l’ kondwi lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario